BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w19 avril p. 26-30
  • Nou te jwenn “pèl ki gen anpil valè” a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou te jwenn “pèl ki gen anpil valè” a
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Labib chanje lavi moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • “Se pou zile yo rejwi”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
w19 avril p. 26-30
Winston ak Pam Payne, lè yo te jèn, ki chita sou yon gwo wòch bò lanmè.

BYOGRAFI

Nou te jwenn “pèl ki gen anpil valè” a

Entèvyou ak Winston ansanm ak Pamela Payne

WINSTON ak Pamela (Pam) Payne ap sèvi nan filyal Ostralazi a. Y ap viv ak kè kontan, men yo te jwenn difikilte nan lavi yo. Yo te oblije adapte yo ak divès kilti e yo te soufri anpil akoz yon foskouch Pam te fè. Epoutan, malgre tout bagay sa yo, yo te kontinye renmen Jewova ak pèp li a, e yo te toujou gen kè kontan nan travay predikasyon an. Nan entèvyou sa a, yo pral pataje kèk nan eksperyans yo te fè yo avèk nou.

Winston, di nou ki jan w te fè vin konn Bondye.

Mwen te leve nan yon bitasyon ki nan Kwinzlann nan peyi Ostrali e fanmi m pa t enterese nan relijyon. Piske zòn nou te ye a te yon jan izole, mwen pa t gen twòp kontak ak lòt moun, apa moun nan fanmi pwòch mwen. Lè m te gen anviwon 12 an, mwen te kòmanse chèche Bondye. Mwen te priye l, mwen te mande l pou l fè m konn laverite sou li. Finalman, mwen te kite bitasyon an e m te jwenn yon travay nan vil Adelayid, ki nan sid peyi Ostrali. Lè m te gen 21 an, mwen te rankontre Pam pandan m t al an vakans Sidne. Li te rakonte m kèk bagay sou mouvman relijye izrayelo-britanik lan, yon mouvman ki fè konnen moun Grann Bretay yo se desandan swadizan tribi Izrayèl ki pèdi yo. Mouvman an fè konnen tribi sa yo se dis tribi ki te nan wayòm nò a ki t al ann egzil nan uityèm syèk anvan epòk nou an. Donk, lè m te tounen nan vil Adelayid, mwen te pale sou sa ak yon kòlèg travay mwen ki te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova. Apre m fin fè kèk èdtan ap pale avè l, sitou sou kwayans Temwen Jewova yo, mwen te vin rann mwen kont mwen jwenn repons priyè m te konn fè lè m te timoun nan. Mwen te aprann laverite sou Kreyatè m nan ak sou Wayòm li an! Mwen te jwenn “pèl ki gen anpil valè” a. — Mat. 13:45, 46.

Pam, ou menm tou ou te kòmanse chèche pèl sa a lè w te toupiti, ki jan w te fè jwenn li?

Mwen te grandi nan yon fanmi ki enterese nan relijyon nan vil Kòfs Abou, nan Nouvèl Gal disid. Paran m yo ak granparan m yo te kwè nan ansèyman mouvman izrayelo-britanik lan. Depi lè nou toupiti yo te vle fè ni ti frè m nan, ni gran sè m nan, ni mwen menm ansanm ak anpil lòt kouzen m ak kouzin mwen kwè Bondye gen plis konsiderasyon pou moun ki gen zansèt yo ki soti Grann Bretay. Men, mwen pa t dakò ak kwayans sa yo e mwen pa t santi m pwòch ak Bondye. Lè m te gen 14 an, mwen t al nan plizyè legliz nan zòn nan, tankou legliz Anglikan, legliz Batis ak legliz Advantis. Men, youn nan yo pa t ede m konnen Bondye.

Annapre, fanmi m t al abite Sidne e se la mwen te rankontre Winston ki te vin an vakans nan zòn nan. Jan l te deja di sa, konvèsasyon nou te fè sou kesyon relijyon an te pouse l etidye Labib ak Temwen yo. Apre sa, li te konn ekri m yon seri lèt ki chaje vèsè! Sensèman, okòmansman sa te deranje m, mwen te menm fache. Men, tikras pa tikras, mwen te vin rekonèt sa l te ekri m yo se te laverite.

An 1962, mwen te demenaje al viv nan vil Adelayid pou m ka pi pre Winston. Li te fè aranjman pou m abite ak Thomas ak Janice Sloman, yon mari ak madanm ki Temwen ki te misyonè nan Papwazi Nouvèl Gine. Yo te vrèman byen boule avè m. Lè sa a, mwen te fèk gen 18 an, e yo te ede m anpil nan domèn espirityèl. Donk, mwen menm tou, mwen te kòmanse etidye Pawòl Bondye a, e sa pa t pran anpil tan pou m vin rann mwen kont mwen jwenn laverite. Apre Winston avè m te fin marye, tousuit, nou te kòmanse yon vi ki enteresan anpil nan sèvis Jewova. Malgre nou te jwenn eprèv, sèvis sa a te fè nou gen anpil rekonesans pou bèl pèl nou te jwenn nan.

Winston, pale nou de premye ane w nan sèvis Jewova.

Yon kat ki montre vwayaj Payne yo te konn fè nan travay sikonskripsyon an; tenb ki sot nan kèk nan zile yo; zile Founafouti nan Touvalou.

A. Yon kat ki montre kote nou te vizite nan travay sikonskripsyon an.

B. Tenb ki soti nan kèk zile. Yo te rele Kiribati ak Touvalou zile Jilbè ak zile Elis.

C. Zile Founafouti, yon bèl zile ki fèt ak koray, ki nan zile Touvalou yo. Se youn nan pakèt zile nou te vizite anvan yo te voye misyonè nan zòn nan.

Yon ti tan apre Pam avè m fin marye, Jewova te kòmanse ouvri youn nan pakèt “gwo pòt” ki t ap mennen nou nan anpil aktivite (1 Kor. 16:9). Se frè Jack Porter (kounye a l ap sèvi bò kote m antanke manm komite filyal Ostralazi a) ki te vin vizite ti kongregasyon nou an antanke siveyan sikonskripsyon ki te montre nou premye pòt la. Jack ak Roslyn, madanm li, te ankouraje nou pran sèvis pyonye pèmanan, yon privilèj nou te genyen pandan senkan. Lè m te gen 29 an, yo te mande Pam avè m pou n al nan travay sikonskripsyon an nan zile Pasifik Sid yo, ki te vin anba sipèvizyon filyal Fiji a. Zile sa yo se te Samowa ameriken, Samowa, Kiribati, Nowou, Niyou, Tokelo, Tonga, Touvalou ak Vanouwatou.

Nan epòk sa a, moun nan kèk zile ki pi izole yo pa t twò fè Temwen Jewova yo konfyans, se sa k fè nou te dwe montre nou pridan epi aji avèk sajès (Mat. 10:16). Kongregasyon yo te piti, e kèk ladan yo pa t ka akeyi nou. Se sa k fè nou te oblije al chèche yon kote pou nou rete ansanm ak moun yo nan bouk yo, e yo te toujou byen janti avèk nou.

Winston, ou enterese anpil nan travay tradiksyon an. Sa k fè w renmen travay sa a konsa?

Winston Payne k ap dirije yon lekòl ansyen nan Samowa.

Winston k ap dirije yon lekòl ansyen nan Samowa.

Te gen yon lè, frè yo sou zile Tonga te gen sèlman kèk feyè ak bwochi nan lang tonjyen, yon lang yo pale nan zòn Polinezi. Nan tèritwa a, yo te konn etidye ak moun yo nan edisyon anglè liv Laverite k ap mennen nan lavi etènèl la. Donk, pandan yon lekòl ansyen ki te dire kat semèn, twa nan ansyen yo ki te moun zòn nan te aksepte tradui liv Laverite a nan lang tonjyen, aktout yo pa t twò fò nan anglè. Pam te tape tèks la, e nou te voye l nan filyal Etazini an pou yo enprime l. Tout travay la te pran anviwon uit semèn. Byenke tradiksyon nou te fè a se pa t pi bon kalite tradiksyon an, piblikasyon nou te tradui a te ede yon pakèt moun ki pale tonjyen aprann laverite. Mwen menm ak Pam pa tradiktè, men eksperyans nou te fè a te fè nou vin enterese nan travay sa a.

Pam, èske w ka di ki diferans ki te gen ant lavi sou zile yo ak lavi ann Ostrali?

Winston ak Pam Payne ki kanpe bò kot yon bis, youn nan lojman yo te genyen pandan yo te nan travay sikonskripsyon an.

Youn nan abri nou te genyen nan sèvis sikonskripsyon an.

Te gen yon gwo diferans! Selon kote nou te ye, nou te ka oblije lite kont moustik, gwo chalè, imidite, rat, maladi, e pafwa nou pa t gen anpil manje. Malgre sa, nan fen chak jounen, nou te santi nou byen lè nou t ap gade lanmè a pandan nou te nan ti kay nou an. Nan peyi Samowa, yo rele kay sa yo fale, se non yo bay kay Polinezi yo ki kouvri ak pay e ki pa gen panno. Gen kèk jou swa, lalin nan konn tèlman klè, nou te ka remake pye kokoye yo ak lalin nan k ap briye sou lanmè a. Bèl moman sa yo te pouse nou medite epi priye. Sa te fè nou panse ak bagay pozitif olye n panse ak bagay negatif.

Nou te vin renmen timoun yo, yo te konn fè nou ri anpil. Lè yo wè nou, yo tout konn vin gade, paske nou pa t moun peyi a e nou te blan. Pandan nou t ap vizite Niyou, gen yon tigason ki te manyen bra Winston ki chaje plim, epi li te di: “Yo sanble plim zwazo, mwen renmen yo.” Sanble anvan sa, li pa t janm wè moun ki gen tout plim sa yo nan bra l e li pa t konn kòman pou l rele yo!

Kè nou te fè nou mal lè nou te wè jan yon pakèt moun t ap viv nan mizè. Yo t ap viv yon bèl kote men yo pa t gen bon swen sante e yo pa t gen anpil dlo pou yo bwè. Epoutan, sanble sa pa t bay frè nou yo pwoblèm. Pou yo se te nòmal. Yo te kontan viv bò kote fanmi yo, yo te kontan gen yon kote pou yo reyini ansanm pou yo adore Bondye e yo te kontan jwenn privilèj pou yo bay Jewova louwanj. Egzanp yo te ede nou konsantre sou sa ki pi enpòtan e pou nou kontinye mennen yon vi senp.

Pam, gende lè ou te oblije chèche jwenn dlo pou w sèvi e w te konn prepare manje nan kondisyon w pa abitye. Ki jan w te degaje w?

Nan Tonga, Pam k ap sèvi ak yon kivèt ak yon bokit pou l fè lesiv.

Pam k ap fè lesiv nan Tonga.

Se grasa papa m. Li te aprann mwen anpil bagay ki itil mwen, tankou fason pou m limen yon dife pou m kuit manje ak fason pou m degaje m ak ti sa m genyen. Nan youn nan vizit nou te fè Kiribati yo, nou te ret nan yon ti kay ki kouvri ak pay, atè a te fèt ak wòch koray e panno yo te fèt ak banbou. Pou m te fè manje, mwen te fè yon twou atè a e m te mete po kokoye ladan l pou m fè dife. Pou m te jwenn dlo, mwen te konn al kanpe nan liy ak medam nan zòn nan bò yon pi. Lè yo t ap tire dlo nan pi a, yo te konn sèvi ak yon gòl ki te mezire anviwon de mèt longè e ki te gen yon ti kòd ki mare nan pwent li. Li te yon jan sanble ak bagay moun yo konn itilize pou peche pwason, men olye yo mare yon zen nan pwent kòd la, se yon veso yo mare ladan l. Lè se moman pa yon moun pou l pran dlo, li lage kòd la nan pi a, epi li fè yon mouvman rapid ak men l, sa ki pèmèt veso a panche epi li plen dlo. Mwen te panse sa yo t ap fè a te fasil jiskaske tou pa m te rive. Mwen te lage kòd la plizyè fwa, men veso a te annik frape sou dlo a epi l flote! Apre medam yo te fin ri byen ri, youn ladan yo te vin pou ede m. Yo te toujou pare pou yo ede m e yo te toujou janti.

Nou toule de te vin renmen asiyasyon nou te genyen sou zile yo. Èske n ka pataje kèk bèl eksperyans avè nou?

Winston: Sa te pran nou yon bon ti tan pou nou konprann kèk koutim. Pa egzanp, lè frè yo te ban nou manje, an jeneral, yo te ban nou tout manje a. Okòmansman, nou pa t konnen nou te sipoze kite nan manje a pou yo. Donk, nou te konn manje tout! Men, lè nou te vin byen konprann bagay yo, nou te kite manje pou yo. Malgre nou te fè plizyè gaf, frè yo te konprann nou. E yo te kontan wè nou anpil chak sis mwa, oswa lè nou vin vizite yo nan travay sikonskripsyon an. Apa frè nan zòn nan, se nou menm sèl kòm lòt Temwen yo te konn wè ki vin nan zòn nan nan epòk sa a.

Winston k ap mennen yon gwoup nan predikasyon nan Niyou, yo tout sou moto.

Winston ki alatèt yon gwoup ki pral preche nan zile Niyou.

Vizit nou te konn fè yo te yon bon temwayaj tou pou moun nan kominote a. Gen anpil moun nan bouk yo ki te panse se frè yo ki te envante relijyon yo te ladan l lan. Se sa k fè, lè yon frè ak madanm li sot nan yon peyi etranje vin vizite frè yo, nonsèlman moun nan zòn nan vin konprann, men sa touche yo tou.

Pam: Youn nan bagay mwen sonje ki plis touche m te rive pandan m te Kiribati. Te gen yon kongregasyon ki te gen sèlman kèk frè ak kèk sè. Sèl ansyen ki te genyen an, ki te rele Itinikai Matera, te fè tout sa l kapab pou l ede nou. Yon jou, li te parèt sou nou ak yon pànye ki gen yon grenn ze ladan l. Epi li di: “Sa se pou nou.” Nan epòk sa a, yon ze poul se te yon bagay ki te ra anpil. Aksyon sa a ki te parèt piti, men ki te montre jan frè a te donan, te touche kè nou.

Pam, kèk ane annapre, ou te pèdi yon timoun nan yon foskouch. Ki sa k te ede w andire eprèv sa a?

Mwen te vin ansent an 1973 pandan Winston avè m te nan Pasifik Sid. Nou te deside retounen ann Ostrali, e kat mwa apre, nou te pèdi tibebe nou an. Mwen te tris anpil e sa te fè Winston tris anpil tou. Se te pitit li. Ofiramezi tan ap pase, lapenn mwen te genyen an te diminye tikras pa tikras, men li pa t janm ale nèt jiskaske nou te resevwa Toudegad 15 avril 2009 la. Atik “Kesyon lektè yo poze” a te di: “Si yon timoun mouri nan vant manman l, èske gen espwa pou l resisite?” Atik la te ban nou asirans sa nan men Jewova, li menm ki toujou fè sa ki dwat. L ap panse tout blese lavi nan monn mechan sa a lakòz, piske, avèk lanmou, li bay Pitit Gason l lan lòd pou l ‘kraze travay Satan yo’. (1 Jan 3:8.) Atik sa a te ede nou tou pou nou gen plis apresyasyon pou “pèl” nou genyen an antanke pèp Jewova! Kote nou t ap ye si nou pa t gen esperans Wayòm nan?

Apre nou te fin pèdi pitit nou an, nou te rantre nan sèvis aplentan ankò. Nou te sèvi pandan plizyè mwa nan Betèl Ostrali, e apre sa nou te retounen nan sèvis sikonskripsyon an. An 1981, apre nou te fin fè katran ap sèvi nan yon zòn andeyò nan Nouvèl Gal disid ak nan Sidne, yo te envite nou nan filyal Ostrali a, se konsa yo te rele l nan epòk sa a, e se la nou ye depi lè sa a.

Winston, èske eksperyans ou te fè nan zile Pasifik Sid yo te ede w nan travay ou antanke manm komite filyal Ostralazi a?

Wi, plizyè fason. Toudabò, yo te mande peyi Ostrali pou l sipèvize travay k ap fèt nan Samowa ameriken ak nan Samowa. Lè sa a, filyal Nouvèl Zelann nan te vin fè yon sèl ak filyal Ostrali a. Kounye a, tèritwa filyal Ostralazi a gen ladan l Ostrali, Samowa ameriken ak Samowa, zile Kouk, Nouvèl Zelann, Niyou, Timò oryantal, Tokelo ak Tonga. Se kèk nan kote mwen te gen privilèj vizite antanke yon reprezantan filyal. Lefètke m te travay ansanm ak frè ak sè fidèl sa yo ki sou zile yo, sa te ede m anpil piske kounye a m ap sèvi yo nan filyal la.

Winston ak Pam Payne nan filyal Ostralazi a.

Winston ak Pam nan filyal Ostralazi a.

Pou fini, mwen kapab di, selon eksperyans mwen menm ak Pam fè, nou vin rann nou kont se pa granmoun sèlman ki chèche konnen Bondye. Jèn yo tou vle gen “pèl ki gen anpil valè” sa a, menmsi lòt moun nan fanmi yo pa montre yo enterese (2 Wa 5:2, 3; 2 Kwo. 34:1-3). Nou mèt gen asirans Jewova se yon Bondye ki renmen nou ki vle pou nou tout gen lavi, kit nou jèn kit nou granmoun!

Lè mwen menm ak Pam te kòmanse chèche Bondye, sa gen plis pase 50 an, nou pa t konn ki kote sa t ap mennen. Pa gen dout, verite sou Wayòm nan se yon pèl ki gen anpil anpil valè! Nou detèmine pou nou kenbe pèl sa a ak tout fòs nou!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje