Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nou pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik, nan semèn ki kòmanse 26 oktòb 2009 la.
1. Piske se Jewova ki te di Balaam li te mèt ale ak mesye Balak yo, poukisa Jewova te ankòlè kont Balaam lè li te ale avèk yo? (Nonb 22:20-22) [wCR 04 1/8 p. 31 § 2]
2. Lefètke Fineyas ‘pa t tolere okenn moun antre an rivalite’ ak Jewova, ki jan sa ede nou reflechi sou lavi nou nou vwe bay Jewova? (Nonb 25:11) [wF 95 1/3 p. 16 § 13]
3. Poukisa Jewova te chwazi Jozye pou ranplase Moyiz? (Nonb 27:15-19) [wF 02 1/12 p. 12 § 1]
4. Kòman Nonb 31:27 ka ankouraje kretyen yo jodi a? [wCR 05 1/4 p. 31]
5. Nan ki sans dispozisyon Jewova te pran pou te gen vil refij ann Izrayèl se te yon dispozisyon ki te pwofitab pou Izrayelit yo? (Nonb 35:11, 12) [wF 95 15/11 p. 14 § 17]
6. Poukisa diskresyon se yon kalite ki enpòtan pou nou antanke kretyen, e ki byenfè li pèmèt nou jwenn? (Det. 1:13) [wF 03 15/1 30; wF 00 1/10 p. 32 § 1-3]
7. Nan ki sans Lwa Moyiz la te fè konnen jistis Bondye? (Det. 4:8) [wF 02 1/6 p. 14 § 8–p. 15 § 9-10]
8. Esplike bon fason ak move fason nou ka mete Jewova aleprèv, ann amoni ak Detewonòm 6:16-18? [wCR 04 1/10 p. 20 § 6]
9. Nan ki sans Izrayelit yo te nouri ak pawòl ki sot nan bouch Jewova pou yo viv, e ki jan pawòl sa yo nouri nou jodi a? (Det. 8:3) [wF 99 15/8 p. 25-26]
10. Kòman prensip ki nan Detewonòm 12:16, 24 la ka enfliyanse pwennvi nou sou tretman medikal kote pwòp san nou enplike? [wF 00 15/10 p. 30 § 7]