Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 26 desanm 2011, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
1. Kòman konsèy nou jwenn nan Pwovèb 30:32 a ka ede nou evite pwovoke yon moun yon lòt fwa, yon moun petèt nou te deja ofanse? [w87-F 15/5 p. 30 § 10]
2. Ki jan de “jwa” ki kite yon moun ak yon santiman kote li pa satisfè? (Ekl. 2:1) [g-F 4/06 p. 6 § 1-2]
3. Malgre gen kèk moun ki tire konklizyon kòmkwa pawòl Salomon te di nan Eklezyas 3:1-9 la soutni kwayans nan desten, kòman pawòl li te ekri nan Eklezyas 9:11 lan montre aklè tout bagay ki rive nan lavi a pa pwograme alavans? [w09-F 1/3 p. 4 § 4]
4. Ki danje ki genyen lè yon moun vin “jis aleksè”? (Ekl. 7:16) [w10 15/10 p. 9 § 8-9]
5. Kòman pawòl ki nan Chan Salomon 2:7 la montre moun ki anvizaje marye yo saj lè yo pa kouri chwazi nenpòt moun pou yo marye? [w06 1/12 p. 9 § 6; w80-F 15/7 p. 19 § 7]
6. Ki sa sa endike lefètke ‘myèl ki sot nan gato myèl t ap degoute sot nan lèv Choulamit la’ e li te gen ‘siwo myèl ak lèt anba lang li’? (Chan 4:11) [w06 1/12 p. 10 § 2]
7. Kòman tit sa yo “Konseye estrawòdinè”, “Dye pisan”, “Papa etènèl” ede nou konprann kèk kalite Jezi genyen ak fason li pral dirije monn nouvo a? (Iza. 9:6) [w91-F 15/4 p. 5 § 7]
8. Jodi a, ki sa yo ka konpare ak “nasyon aposta” Izrayèl la, e ki sa k ap sèvi kòm “baton” pou detwi l la? (Iza. 10:5, 6) [ip-1-F p. 145 § 4-5; p. 153 § 20]
9. Izayi te predi ‘moun pap janm abite nan vil Babilòn ankò’, poukisa pwofesi sa a te remakab konsa, e ki asirans akonplisman pwofesi sa a ban nou jodi a? (Iza. 13:19, 20) [g-F 11/07 p. 9 § 4-5]
10. Ki lè Jezi te resevwa “kle mezon David la” e ki jan li te sèvi ak kle sa a? (Iza. 22:22) [w09 15/1 p. 31 § 2]