Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 fevriye 2012, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo bay dat y ap egzamine sijè yo dekwa pou nou fè rechèch lè n ap prepare pou Lekòl la chak semèn.
1. Èske li kòrèk pou nou di se mizèrikòd Jewova gen lakay li ki tanpere jistis li? (Iza. 30:18) [9 jan., w02-F 1/3 p. 30]
2. Lefètke yo te retire Chebna nan fonksyon entandan li te ye a, ki leson nou aprann nan sa? (Iza. 36:2, 3, 22) [16 jan., w07-F 15/1 p. 8 § 6]
3. Ki sa nou ka aprann nan istwa nou jwenn nan Izayi 37:1, 14-20 sou fason pou nou fè fas ak detrès? [16 jan., w07-F 15/1 p. 9 § 1-2]
4. Nan ki sans egzanp yo bay nan Izayi 40:31 an ankouraje sèvitè Jewova yo? [23 jan., w96-F 15/6 p. 10-11]
5. Talè konsa, ki atak sèvitè Jewova yo pral sibi ki fè pawòl ki nan Izayi 41:14 la vrèman ankourajan pou yo jodi a? [23 jan., ip-2-F p. 24 § 16]
6. Kòman nou ka montre Jewova n ap “pousuiv jistis”? (Iza. 51:1) [6 fev., ip-2-F p. 165 § 2]
7. “Anpil moun” yo mansyone nan Izayi 53:12 la, kiyès yo ye, e ki leson touchan nou aprann sou Jewova nan fason li te boule ak moun sa yo? [13 fev., ip-2-F p. 213 § 34]
8. Ki eksperyans sèvitè Jewova yo fè pandan dènye jou yo Izayi 60:17 te dekri yon fason senbolik? [20 fev., ip-2-F p. 316 § 22]
9. Ki sans ekspresyon “ane byenveyans lan” genyen, yon ane Jezi ak disip li yo te resevwa misyon pou yo pwoklame? (Iza. 61:2) [20 fev., ip-2-F p. 324-325 § 7-8]
10. Sou ki kalite estrawòdinè Jewova genyen pawòl ki nan Izayi 63:9 la mete aksan? [27 fev., w03 1/7 p. 30 § 22-23]