Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 30 avril 2012, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo bay dat yo egzamine chak pwen dekwa pou nou ka fè rechèch sou yo lè n ap prepare lekòl la chak semèn.
1. Poukisa liv Jeremi an pwofitab pou nou? [5 mas, si-F p. 129 § 36]
2. Jodi a, ki jan Jewova ka delivre nou anba pèsekisyon? (Jer. 1:8) [5 mas, w06 1/1 p. 16 § 18]
3. Nan ki sans kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo retounen nan “wout ki te gen lontan yo”? (Jer. 6:16) [12 mas, w05 1/11 p. 28 § 12]
4. Pou ki rezon nou ka di gen “bom nan Gileyad” jodi a? (Jer. 8:22) [19 mas, w10-F 1/6 p. 22 § 3–p. 23 § 4]
5. Nan ki sans Jewova santi li “regrèt” apre li fin pwononse yon jijman? (Jer. 18:7, 8) [2 avril, jr-F p. 151, kare]
6. Nan ki sans Jewova te twonpe Jeremi, e ki leson nou ka aprann nan sa? (Jer. 20:7) [2 avril, jr-F p. 36 § 8]
7. Nan ki sans Jewova t ap sangtifye ènmi Izrayèl yo? (Jer. 22:6-9) [9 avril, it-1-F p. 1039 § 1]
8. Poukisa Jewova te gendwa pou l di ansyen pèp li a “mwen atire w ak bonte ki plen lanmou m genyen”? (Jer. 31:3) [23 avril, jr-F p. 142-145 § 8-11]
9. Nan ki sans lwa Bondye a ekri nan kè nou? (Jer. 31:33) [23 avril, w07-F 15/3 p. 11 § 2]
10. Poukisa yo te fè de papye tè pou yon menm tranzaksyon? (Jer. 32:10-15) [30 avril, w07-F 15/3 p. 11 § 3]