BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/14 p. 6
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2014
Ministè Wayòm nan — 2014
km 12/14 p. 6

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 29 desanm 2014, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.

  1. Ki jan nou dwe konsidere kòmandman ki nan Detewonòm 14:1 an ki entèdi moun koupe pati nan kò yo oubyen fè gwo blese sou kò yo lè yo nan chagren akoz moun pa yo ki mouri? [3 nov., w04 1/10 p. 21 § 4]

  2. Pou ki rezon Lwa Bondye a te mande wa ann Izrayèl yo pou yo fè yon kopi Lwa Bondye a epi pou yo ‘li ladan l chak jou nan lavi yo’? (Det. 17:18-20) [3 nov., w02-F 15/6 p. 12 § 4]

  3. Poukisa Bib la di “nou pa dwe mete yon bèf ansanm ak yon bourik pou rale chari”, epi ki jan kretyen yo ka aplike kòmandman ki mande pou yo pa mete tèt yo anba jouk miwomiba a? (Det. 22:10) [10 nov., w03 1/11 p. 32]

  4. Poukisa Lalwa te entèdi yon moun sezi ‘yon moulen a bra oswa mèl ki pa anlè l la’ kòm garanti? (Det. 24:6) [17 nov., w04 1/10 p. 20 § 3]

  5. Ki fason Izrayelit yo te dwe montre obeyisans yo, e ki sa ki dwe motive nou sèvi Jewova? (Det. 28:47) [24 nov., w10 15/9 p. 8 § 4]

  6. Ki twa bagay fondamantal nou jwenn nan Detewonòm 30:19, 20 ki endispansab pou moun viv? [24 nov., w10 15/2 p. 28 § 17]

  7. Èske nou oblije li tout mo nou jwenn nan Bib la tou ba, depi Jenèz pou rive Revelasyon? Esplike. (Joz. 1:8) [8 des., w13 15/4 p. 7 § 4]

  8. Kiyès ki “prens lame Jewova a” yo mansyone nan Jozye 5:14, 15 lan, e kòman istwa yo rapòte nan vèsè sa yo ka ankouraje nou? [8 des., w05 1/1 p. 29 § 1]

  9. Ki sa k fè Akàn te tonbe nan peche, e ki sa nou ka aprann nan move egzanp li te bay la? (Joz. 7:20, 21) [15 des., w10 15/4 p. 20-21 § 2, 5]

  10. Kòman egzanp Kalèb la ka ankouraje nou jodi a? (Joz. 14:10-13) [29 des., w05 1/1 p. 32 § 1]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje