Pataje “bon bagay” yo lè n renmen akeyi moun (Mat. 12:35a)
Pa gen dout, nou tout ta renmen pataje “bon bagay” nou genyen ak lòt moun lè nou pran “abitid akeyi” yo (Wom. 12:13). Ansyen yo pran latèt lè yo pran dispozisyon pou kongregasyon an byen akeyi oratè vizitè yo e pou l ranbouse yo kòb yo depanse pou vwayaj la. Men, nou ka ezite akeyi moun paske nou pa gen gwo mwayen, oswa paske nou pè envite moun vin lakay nou. Si nou suiv konsèy Jezi te bay Mat la sa ka ede nou venk santiman sa yo (Lik 10:39-42). Jezi te montre “bon pati” ki gen nan akeyi moun nan se lè nou ansanm e nou youn ankouraje lòt, se pa lè gen anpil manje ni lè nou nan yon kay byen dekore. Si nou aplike konsèy sa a, nou tout ap ka pataje “bon bagay” ak frè nou yo ann amoni ak Pawòl Bondye a. — 3 Jan 5-8.