ATIK ETID 24
KANTIK 98 Se Bondye ki enspire Ekriti yo
Leson nou ka aprann nan dènye pawòl Jakòb te di kat premye pitit gason l yo
“Nou tout mèt vini pou m kapab di nou sa k pral rive nou nan dènye jou yo.” — JEN. 49:1.
PWEN KLE
Leson nou ka aprann nan dènye pawòl Jakòb te di ki gen rapò ak Ribenn, Simeyon, Levi ak Jida.
1-2. Ki sa Jakòb te fè lè l te santi l pa t lwen mouri, e poukisa? (Gade foto a tou.)
ANVIWON 17 an te gentan pase depi Jakòb, yon sèvitè fidèl Jewova, te soti Kanaran pou l t al nan peyi Ejip ansanm ak fanmi l (Jen. 47:28). Lè sa a, li te kontan anpil paske li te wè Jozèf, pitit gason l li te renmen anpil la, te vivan alòske li te panse l mouri. Li te kontan tou paske tout fanmi an te vin ansanm ankò. Men, Jakòb te santi li pa lwen mouri. Donk, li te fè yon reyinyon enpòtan ak fanmi an. — Jen. 49:28.
2 Nan epòk sa a, lè yon chèf fanmi pa t lwen mouri, li te konn rasanble fanmi l pou l ba yo dènye enstriksyon (Eza. 38:1). Nan moman sa a, li te ka tou fè konnen kiyès k ap dirije fanmi an lè l mouri.
Jakòb ki sou kabann li e ki santi l pa lwen mouri k ap bay 12 pitit gason l yo yon pwofesi. (Gade paragraf 1-2.)
3. Selon Jenèz 49:1, 2, sa k fè pawòl Jakòb te di pitit gason l yo te gen anpil enpòtans?
3 Li Jenèz 49:1, 2. Men, reyinyon Jakòb te fè a pa t yon senp reyinyon fanmi. Jakòb te yon pwofèt. Pandan reyinyon sa a, Jewova te fè Jakòb, sèvitè l la, di yon seri bagay enpòtan ki t ap gen pou rive pitit gason l yo ansanm ak desandan yo. Donk, pawòl Jakòb te di pitit gason l yo se yon pwofesi.
4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a? (Gade kare ki gen tit “Fanmi Jakòb”.)
4 Nan atik sa a, nou pral wè sa Jakòb te di kat nan pitit gason l yo, anpalan de Ribenn, Simeyon, Levi ak Jida. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou sa Jakòb te di uit lòt pitit gason l yo. Jan nou pral wè sa, Jakòb pa t pale sèlman konsènan pitit gason l yo, men, li te pale tou konsènan desandan yo ki t ap vin tounen nasyon Izrayèl tan lontan an. Lè n egzamine istwa nasyon sa a, n ap wè fason pwofesi Jakòb te bay la te reyalize. E lè n reflechi sou pawòl li te di yo, n ap aprann bonjan leson k ap ede n fè Jewova, Papa nou ki nan syèl la, plezi.
RIBENN
5. Ki sa Ribenn te ka atann papa l t ap ba li?
5 Jakòb pale ak Ribenn an premye, li di l: “Ou se premye pitit mwen.” (Jen. 49:3). Antanke premye pitit, Ribenn te ka atann papa l t ap ba l de fwa plis byen pase lòt frè l yo. Epitou, li te ka panse se li ki pral dirije fanmi an lè papa l mouri, e se youn nan desandan l yo ki t ap toujou gen privilèj sa a.
6. Poukisa Ribenn te pèdi dwa li te genyen kòm premye pitit la? (Jenèz 49:3, 4).
6 Sepandan, Ribenn te pèdi dwa li te genyen kòm premye pitit la (1 Kwo. 5:1). Poukisa? Paske, kèk ane anvan sa, li te gen relasyon seksyèl ak Bila, youn nan madanm sou kote Jakòb te genyen. Bila se te sèvant Rachèl, madanm Jakòb te renmen anpil la, ki te mouri (Jen. 35:19, 22). Ribenn se te pitit gason Leya, lòt madanm Jakòb te genyen an. Petèt Ribenn te gen gwo anvi seksyèl li pa t rive kontwole. Oubyen petèt li te vyole Bila pou Jakòb pa t pi renmen Bila pase manman l. Kèlkeswa rezon an, ni Jewova ni papa l pa t kontan ditou pou sa l te fè a. — Li Jenèz 49:3, 4.
7. Ki jan pwofesi Jakòb te bay konsènan Ribenn ak desandan l yo te reyalize? (Gade kare ki gen tit “Dènye pawòl Jakòb te di kat premye pitit gason l yo”.)
7 Jakòb te di Ribenn: “Anyen pap mache byen pou ou.” Pawòl sa yo te reyalize. Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre gen desandan Ribenn ki te vin wa, ki te vin prèt oswa pwofèt. Sepandan, Jakòb pa t nye pitit gason l lan, e desandan Ribenn yo te vin yon tribi ann Izrayèl (Joz. 12:6). Ribenn te demontre bèl kalite nan lòt sitiyasyon, e sanble li pa t janm fè imoralite seksyèl ankò. — Jen. 37:20-22; 42:37.
8. Ki leson nou ka aprann nan sa k te rive Ribenn nan?
8 Ki sa nou ka aprann? Nou bezwen goumen kont move dezi nou genyen e nou bezwen pran detèminasyon pou n pa fè imoralite seksyèl. Si n ta jwenn tantasyon pou n fè yon peche, nou bezwen pran yon ti tan pou n reflechi sou jan aksyon nou yo ka fè Jewova ak fanmi nou ansanm ak lòt moun lapenn. Epitou, nou bezwen sonje “kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou”. (Gal. 6:7.) Yon lòt bò, sa k te rive Ribenn nan fè n sonje Jewova gen mizèrikòd. Se vre Jewova pap anpeche n peye konsekans move bagay nou fè, men, si nou repanti e nou fè efò pou n fè sa ki dwat, l ap padone nou e l ap beni nou.
SIMEYON AK LEVI
9. Poukisa Jakòb pa t kontan ak sa Simeyon ak Levi te fè a? (Jenèz 49:5-7).
9 Li Jenèz 49:5-7. Apre sa, Jakòb pale yon fason ki fèm ak Simeyon ak Levi. Sa l te di yo montre li pa t kontan ditou ak sa mesye sa yo te fè a. Kèk ane anvan sa, te gen yon mesye nan peyi Kanaran ki te rele Sichèm ki te vyole Dina, pitit fi Jakòb la. Nòmalman, sa k te rive Dina a te fè tout pitit gason Jakòb yo fache anpil. Yo te pran Sichèm ak moun nan pèp li a nan plan. Yo te di yo si tout mesye yo sikonsi, yo t ap fè lapè ak yo. Mesye yo te dakò fè sa. Apre yo te fin sikonsi e yo t ap soufri, Simeyon ak Levi te “pran epe yo, epi yo antre nan vil la, san pèsonn pa t sispèk anyen, yo touye tout gason nan vil la”. — Jen. 34:25-29.
10. Ki jan pawòl Jakòb te di konsènan Simeyon ak Levi yo te reyalize? (Gade kare ki gen tit “Dènye pawòl Jakòb te di kat premye pitit gason l yo”.)
10 Jakòb te fache anpil lè l te aprann de nan pitit gason l yo te fè anpil san koule. Li te fè konnen fanmi mesye sa yo t ap gaye nan tèritwa Izrayèl. Pawòl sa yo te reyalize plis pase 200 an annapre lè nasyon Izrayèl la te antre nan Peyi Bondye te pwomèt yo a. Tribi Simeyon an te resevwa kèk pòsyon tè pasipala nan tèritwa tribi Jida a (Joz. 19:1). Tribi Levi a te resevwa 48 vil toupatou nan tout tèritwa Izrayèl. — Joz. 21:41.
11. Ki bon bagay moun nan tribi Simeyon yo ak moun nan tribi Levi yo te fè?
11 Desandan Simeyon ak Levi yo pa t fè menm erè zansèt yo te fè yo. Moun nan tribi Levi yo te ret fidèl ak Jewova. Lè Jewova t ap bay Moyiz Lalwa sou Mòn Sinayi, anpil Izrayelit te lage kò yo nan adore yon ti bèf. Men, Levit yo pa t fè sa. Okontrè, annapre yo te ede Moyiz touye tout moun ki te adore ti bèf la (Egz. 32:26-29). Jewova te chwazi gason ki te soti nan tribi Levi pou vin prèt ann Izrayèl (Egz. 40:12-15; Nonb 3:11, 12). Annapre, moun nan tribi Simeyon yo te ede moun nan tribi Jida yo goumen ak moun Kanaran yo pou yo te ka pran Peyi Bondye te pwomèt la, jan Jewova te vle sa. — Jij 1:3, 17.
12. Ki leson nou ka aprann nan sa k te rive Simeyon ak Levi?
12 Ki sa nou ka aprann? Nou dwe aprann kontwole kòlè nou. Si yo mal aji avè w oswa ak yon moun pa w, li nòmal pou sa fè w fache (Sòm 4:4). Sepandan, nou bezwen sonje Jewova pap kontan avè n si n di oswa fè yon seri bagay pou n fè moun ki fè n fache a soufri (Jak 1:20). Lè yon moun mal aji avè n, kit moun nan ap sèvi Jewova kit li pap sèvi Jewova, nou bezwen aji yon fason k ap fè Jewova plezi. Konsa, nou pap di oswa fè yon seri bagay k ap fè lòt moun soufri (Wom. 12:17, 19; 1 Pyè 3:9). Menmsi paran w ap fè yon seri bagay ki pa fè Jewova plezi, sonje ou pa oblije suiv egzanp yo. Pa panse ou se yon ka pèdi e w pa ka fè Jewova plezi. Jewova pap manke pa rekonpanse w pou efò w fè e l ap ede w fè sa ki dwat.
JIDA
13. Sa k fè petèt kè Jida t ap sote lè moman an te rive pou papa l te pale avè l?
13 Se ak Jida Jakòb te pale annapre. Apre Jida te fin tande pawòl Jakòb te di gran frè l yo, petèt kè l t ap sote. Dayè, li te fè yon seri bagay grav tou. Sanble li te patisipe nan piye vil Sichèm (Jen. 34:27). Li te met ak frè l yo pou yo te vann Jozèf kòm esklav e pou yo te bay papa yo manti sou sa k te pase a (Jen. 37:31-33). Annapre, li te gen relasyon seksyèl ak Tama, bèlfi l, li te pran pou yon pwostitye. — Jen. 38:15-18.
14. Ki sa Jakòb te di Jida, e ki bon bagay Jida te fè? (Jenèz 49:8, 9).
14 Epoutan, se benediksyon ak felisitasyon sèlman Jewova te fè Jakòb bay Jida. (Li Jenèz 49:8, 9.) Jida te montre l sansib anpil pou papa l ki te granmoun. Epitou, li te montre l gen konpasyon pou Benjamen, ti frè l. — Jen. 44:18, 30-34.
15. Ki jan pwofesi Jakòb te bay anrapò ak Jida a te reyalize?
15 Jakòb te fè konnen Jida t ap vin chèf pami frè l yo. Sepandan, anviwon 200 an te pase anvan pwofesi sa a te kòmanse reyalize. Premye fwa yo fè konnen Jida te kòmanse pran latèt pami frè l yo se apre Izrayelit yo te kite peyi Ejip pou yo te mache nan dezè a pou yo t al nan Peyi Bondye te pwomèt yo a (Nonb 10:14). Plizyè dizèn ane annapre, moun nan tribi Jida yo te pran latèt lè Izrayelit yo t apral goumen kont moun peyi Kanaran yo pou yo pran Peyi Bondye te pwomèt yo a (Jij 1:1, 2). E David, youn nan desandan Jida yo, se te premye wa ki te soti nan tribi sa a. Men, gen lòt bagay toujou.
16. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Jenèz 49:10 la te reyalize? (Gade kare ki gen tit “Dènye pawòl Jakòb te di kat premye pitit gason l yo”.)
16 Jakòb te fè konnen se yon moun ki t ap soti nan fanmi Jida ki t ap gen pou dirije lèzòm pou toutan. (Li Jenèz 49:10 ak nòt la.) Dirijan sa a se Jezi Kris, e se li menm Jakòb te rele Chilo. Men sa yon zanj te di anrapò ak Jezi: “Jewova Dye ap ba li twòn David, papa l.” (Lik 1:32, 33). Epitou, Bib la rele Jezi “Lyon ki soti nan tribi Jida a”. — Rev. 5:5.
17. Ki jan n ka suiv egzanp Jewova nan fason nou wè lòt moun?
17 Ki sa nou ka aprann? Jewova te beni Jida menm lè Jida te fè yon seri erè grav. Men, frè Jida yo te ka ap mande tèt yo: ‘Ki sa Jewova wè nan li?’ Kèlkeswa sa yo te panse, Jewova te wè bon bagay nan Jida e l te beni l pou sa. Ki jan n ka suiv egzanp Jewova? Lè yon frè n oswa yon sè n jwenn yon privilèj espesyal, okòmansman, nou ka gen tandans konsantre sou defo l genyen. Men, li bon pou n sonje Jewova vrèman apresye bèl kalite moun sa a genyen. Jewova chèche wè sa ki bon nan sèvitè l yo. Ann fè efò pou nou aji menm jan an.
18. Ki jan n ka suiv egzanp desandan Jida yo?
18 Yon lòt leson nou ka aprann nan eksperyans tribi Jida te fè a se enpòtans pou n gen pasyans. Jewova toujou kenbe pwomès li, men, li pa toujou fè sa fason oswa nan moman nou t ap atann nan. Okòmansman, te gen plizyè moun ki t ap dirije pèp Bondye a, men, yo pa t soti nan tribi Jida. Sepandan, desandan Jida yo te toujou soutni moun Jewova te chwazi pou pran latèt yo kit se te Moyiz, yon desandan Levi, Jozye, yon desandan Efrayim, oswa wa Sayil, yon desandan Benjamen. Nou menm tou, nou bezwen soutni kèlkeswa moun Jewova chwazi pou dirije nou jodi a. — Ebre 6:12.
19. Ki sa n ka aprann sou Jewova nan dènye pawòl Jakòb te di kat premye pitit gason l yo?
19 Ki sa nou aprann nan dènye pawòl Jakòb te di kat premye pitit gason l yo? Li klè, “fason lòm wè bagay yo se pa konsa Bondye wè yo”. (1 Sam. 16:7.) Jewova gen anpil pasyans e l renmen padone. Se vre li pa sitire move konduit, men li pa atann pou sèvitè l yo pafè. Li ka menm beni moun ki te fè yon seri bagay grav men ki repanti ak tout kè yo e ki rekòmanse fè sa ki dwat. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè sa Jakòb te di uit lòt pitit gason l yo.
KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl