BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 oktòb p. 2-5
  • 1925: Sa gen san ane

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1925: Sa gen san ane
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YO TE OBLIJE KONTINYE TANN
  • YO TE VIN FÈ PLIS ESTASYON RADYO
  • NOU TE VIN APRANN YON VERITE ENPÒTAN
  • ETIDYAN LABIB YO TE BEZWEN BAY TEMWAYAJ SOU JEWOVA
  • ETIDYAN LABIB YO TE RETOUNEN VIZITE MOUN KI ENTERESE YO
  • ETIDYAN LABIB YO TE CHOFE POU YO TRAVAY PLIS
  • 1924: Sa gen san ane
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • 1922: Sa gen san ane
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Metòd pou preche: Yo itilize tout mwayen pou jwenn moun
    Wayòm Bondye a ap dirije!
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 oktòb p. 2-5
Yon gwo gwoup frè ak sè nan kongrè ki te fèt Indyanapolis, nan Indyana, an 1925 lan ki kanpe deyò pou yo fè yon foto.

Kongrè ki te fèt Indyanapolis, nan Indyana, an 1925.

1925: Sa gen san ane

MEN sa Toudegad 1ye janvye 1925 te di: “Kretyen yo atann anpil bagay enpòtan k ap rive ane sa a.” Sepandan atik la te di tou: “Kretyen yo pa ta dwe tèlman ap enkyete yo pou sa k ka rive pandan ane sa a yo pa ta rive fè travay Seyè a ba yo fè a ak kè kontan.” Ki sa Etidyan Labib yo te panse ki t ap rive an 1925? E ki jan yo te ret okipe nan travay Seyè a malgre sa yo t ap tann nan pa t rive?

YO TE OBLIJE KONTINYE TANN

Anpil Etidyan Labib te panse tè a t ap vin yon paradi an 1925. Sa k fè sa? Men sa Frè Albert Schroeder, ki te vin manm Kolèj santral la annapre, te esplike: “Nou te panse rès disip Kris Bondye chwazi pou y al nan syèl la t apral nan syèl pou yo fè pati Wayòm nan e yon seri gason fidèl tankou Abraram ak David t ap resisite antanke prens pou yo dirije sou tè a.” Tank jou yo t ap pase e espwa yo te genyen an pa t reyalize, kèk nan yo te vin dekouraje. — Pwo. 13:12.

Malgre sa, pifò nan Etidyan Labib yo te kontinye preche e yo te vin pi byen konprann responsablite yo genyen pou yo bay temwayaj sou Jewova. Pa egzanp, ann wè ki jan yo te itilize radyo pou yo preche anpil moun.

YO TE VIN FÈ PLIS ESTASYON RADYO

Te tèlman gen moun ki te koute radyo WBBR la nan ane anvan an, Etidyan Labib yo te vin fè yon lòt estasyon radyo moun ki te abite byen lwen te gen posiblite koute. Fwa sa a, yo te fè l toupre Ilinwa nan Chikago. Yo te rele nouvo estasyon radyo a WORD. Men sa Ralph Leffler, yon enjenyè ki te patisipe nan konstriksyon estasyon radyo a, te di: “Moun ki te abite byen lwen te konn koute radyo WORD, sitou nan sezon fredi, nan aswè.” Pa egzanp, te gen yon fanmi ki t ap viv nan yon distans plis pase 5000 kilomèt nan vil Pilòt, nan Alaska, ki te koute youn nan premye emisyon yo. Apre fanmi an te fin koute emisyon an, yo te ekri moun ki t ap travay nan radyo a yon lèt pou yo di yo mèsi poutèt yo te pèmèt yo tande yon pwogram ki te ankouraje yo anpil e ki te ede yo konn plis bagay sou Bondye ak Bib la.

Agoch: Antèn radyo ki rele WORD la nan Batavya, Ilinwa.

Adwat: Ralph Leffler k ap travay nan estasyon radyo a.

Toudegad 1ye desanm 1925 esplike rezon ki fè te gen anpil moun ki te rive tande pwogram nan. Men sa l te di: “WORD se youn nan pi gwo estasyon radyo nan peyi Etazini, li gen yon pisans 5000 wat. Moun toupatou Ozetazini, nan peyi Kiba e menm nan dènye pwent Alaska kapab tande l byen tou. Anpil moun ki potko janm tande laverite te vin enterese lè yo te tande estasyon radyo sa a.”

George Naish

Nan menm epòk la, Etidyan Labib yo te vle itilize radyo tou pou yo preche bon nouvèl la nan peyi Kanada. An 1924, yo te fè yon estasyon radyo ki te rele CHUC nan Saskatoun, Saskatchewan. Se te youn nan premye estasyon radyo nan peyi Kanada ki te konn pase emisyon sou relijyon. An 1925, yo te oblije chèche yon pi gwo kote pou yo te met estasyon radyo a. Donk, òganizasyon an te deplase stidyo yo al met nan bilding Regent, yon ansyen lokal yo te achte nan Saskatoun e yo te repare pou sa.

Grasa estasyon sa a, plizyè moun ki t ap viv nan yon seri zòn ki pa gen anpil moun nan Saskatchewan te tande bon nouvèl la pou premye fwa. Pa egzanp, nan yon ti vil izole, te gen yon dam ki rele madam Graham ki te ekri pou mande piblikasyon ki baze sou Bib la apre l te fin koute yon emisyon. Men sa frè George Naish te sonje: “Lèt li te ekri a te parèt tèlman ijan, nou te voye tout volim Etid Ekriti yo ba li.” Sa pa t pran tan pou madam Graham te kòmanse gaye mesaj Wayòm nan pi lwen toujou.

NOU TE VIN APRANN YON VERITE ENPÒTAN

Toudegad 1ye mas 1925 te gen yon atik vrèman enpòtan ki gen tit “Nasyon an fèt”. Poukisa atik sa a te enpòtan konsa? Pandan kèk tan, Etidyan Labib yo te konnen Satan gen yon òganizasyon ki gen ladan l espri mechan envizib yo ki nan syèl la, fo relijyon, sistèm komèsyal la ak gouvènman yo sou tè a. Sepandan, nan atik sa a, “esklav fidèl ki prevwayan an” te ede frè ak sè yo konprann Jewova gen yon òganizasyon tou, yon òganizasyon ki pa menm ditou ak òganizasyon Satan an e ki opoze avè l (Mat. 24:45). Mete sou sa, esklav la te esplike Wayòm Bondye a te tabli an 1914, e nan ane sa a, apre ‘gè ki te pete nan syèl la’, yo te mete Satan ak demon l yo deyò nan syèl la e kounye a yo sou tè a. — Rev. 12:​7-9.

Gen nan Etidyan Labib yo ki te twouve l difisil pou yo aksepte nouvo konpreyansyon sa a. Se sa k fè atik la te di: “Si gen moun ki konn li Toudegad ki pa dakò ak nouvo konpreyansyon sa a, nou ankouraje yo pou yo montre yo gen pasyans, pou yo fè Jewova konfyans e pou yo ret fidèl avè l.”

Tom Eyre, yon kòlpòtè (kounye a yo rele yo pyonye) ki moun Grann Bretay, te fè konnen ki jan pifò Etidyan Labib yo te konsidere atik sa a. Men sa l te di: “Frè yo te vrèman kontan esplikasyon yo te jwenn sou Revelasyon 12 la. Yonfwa nou te vin rann nou kont Wayòm nan te tabli nan syèl la, nou te chofe anpil pou n te pataje bon nouvèl sa a ak lòt moun. Se sèten, sa te ban n anvi pou n preche pi plis toujou e sa te ede n wè fason Jewova t ap gide pèp li a pou yo reyalize bagay ki pi estrawòdinè toujou.”

ETIDYAN LABIB YO TE BEZWEN BAY TEMWAYAJ SOU JEWOVA

Jodi a, Temwen Jewova yo byen konnen pawòl ki nan Ezayi 43:10 la ki di: “Men sa Jewova di: ‘Nou se temwen m, wi, nou se sèvitè m mwen chwazi.’” Sepandan, anvan 1925, se yon lè konsa yo te konn egzamine vèsè sa a nan piblikasyon nou yo. Sa t apral chanje. Nan ane 1925, Toudegad te egzamine Ezayi 43:10 ak 12 nan 11 nimewo peryodik sa a!

Nan fen mwa out 1925, Etidyan Labib yo te asiste yon kongrè ki te fèt nan Indyanapolis, nan Indyana. Joseph Rutherford te ekri yon mesaj pou swete moun ki vin nan kongrè a byenveni. Mesaj sa a te parèt nan pwogram kongrè a. Men sa l te di: “Nou vin nan kongrè sa a pou Seyè a ka ban n fòs pou n ka retounen al preche ak plis fòs toujou pou n bay temwayaj sou li.” Pandan uit jou kongrè a, moun ki te nan asistans lan te jwenn ankourajman pou yo bay temwayaj sou Jewova chak fwa yo jwenn okazyon pou yo fè sa.

Jou ki te samdi 29 out la, Frè Rutherford te bay yon diskou ki gen tit: “Se moman pou n aji”. Nan diskou l la, li te montre jan l enpòtan pou n bay temwayaj. Li te di: “Jewova di pèp li a: ‘Nou se temwen m, e se mwen ki Bondye.’ Apre sa, li te itilize yon seri pawòl ki gen fòs pou l bay yon lòd ki klè, li te di: ‘Mete yon siy kanpe pou pèp yo.’ Pa gen okenn lòt moun sou tè a ki kapab mete yon siy kanpe pou pèp yo, eksepte [pèp Li a], anpalan de moun ki gen lespri Seyè a e ki se temwen l.” — Eza. 43:12; 62:10.

Feyè ki gen “Yon mesaj espwa” ladan l lan.

Feyè ki gen tit Yon mesaj espwa a.

Apre frè Rutherford te fin bay diskou l la, yo te li yon dokiman ki gen tit “Yon mesaj espwa”. Tout moun nan asistans lan te dakò ak mesaj sa a ki fè konnen Wayòm Bondye a se sèl espwa pou moun jwenn “lapè, richès, sante, lavi, libète e ki ka fè yo gen kè kontan nètale”. Annapre, yo te tradui mesaj la nan plizyè lang e yo te fè yon feyè avè l. Yo te distribye anviwon 40 milyon feyè.

Yo pa t konn rele Etidyan Labib yo Temwen Jewova. Se plizyè ane annapre yo te vin gen non sa a. Aktout sa, yo te vin pi byen konprann responsablite yo genyen pou yo bay temwayaj sou Jewova.

ETIDYAN LABIB YO TE RETOUNEN VIZITE MOUN KI ENTERESE YO

Piske kounye a te vin gen anpil Etidyan Labib toupatou sou tè a, òganizasyon an te ankouraje yo pou yo retounen vizite moun ki te montre yo enterese nan bon nouvèl la. Apre kanpay ki te fin fèt pou distribye feyè ki gen tit Yon mesaj espwa a, men enstriksyon Biltena an te bay: “Pran dispozisyon pou n tounen al vizite kay kote travayè yo pa t kite piblikasyon, men yo te kite feyè ki gen tit Yon mesaj espwa a.”

Nan Bilten janvye 1925 lan, gen yon rapò yon Etidyan Labib nan vil Plano, nan Tegzas te fè. Men sa l te di ladan l: “Nou sezi wè lè n retounen nan tèritwa nou te vizite plizyè fwa yo, souvan nou jwenn pi bon rezilta pase nan tèritwa nou fèk preche yo. Gen yon ti vil nan tèritwa nou an nou vizite senk fwa pandan dis dènye ane ki pase yo [...]. Sa pa gen lontan sè Hendrix ak manman m te retounen vizite l e yo te kite plis liv pase [nenpòt] lòt lè.”

Men sa yon kòlpòtè nan peyi Panama te ekri: “Anpil moun ki pa t aksepte koute nou premye fwa nou te pale avè yo pa t reyaji menm jan an lè n te retounen yon dezyèm fwa oswa yon twazyèm fwa. Ane sa a, mwen te plis retounen vizite moun mwen te preche yon lè e mwen fè anpil bèl eksperyans ak kèk nan yo.”

ETIDYAN LABIB YO TE CHOFE POU YO TRAVAY PLIS

Nan lèt frè Rutherford te konn ekri tout kòlpòtè yo chak ane, li te fè konnen sa k te rive fèt nan travay predikasyon an pandan ane sa a ak sa yo t ap gen pou yo fè pi devan. Li te di: “Pandan ane ki sot pase a, nou te gen privilèj pou n konsole anpil moun ki te tris. Travay sa a te ban nou kè kontan. [...] Nan ane k ap vini an, n ap gen posiblite bay temwayaj pou Bondye ak wayòm li an e pou n mete siy Li an kanpe pou pèp yo. [...] Ann kontinye leve vwa nou ansanm pou n chante louwanj pou Bondye nou an ak Wa nou an.”

Nan fen ane 1925, frè yo te gen pwojè pou yo agrandi Betèl Bwouklin nan. Nan ane 1926, se premye fwa òganizasyon an t apral kòmanse yon gwo konstriksyon konsa.

Yon chantye kote gen frè k ap travay nan konstriksyon yon lokal ki fèk kòmanse.

Konstriksyon ki te fèt nan Adams Street nan Bwouklin, Nouyòk, an 1926.

a Kounye a yo rele l Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje