BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 novanm p. 22-27
  • ‘Ou se yon moun ki gen anpil valè’!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘Ou se yon moun ki gen anpil valè’!
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FASON JEZI TE EDE MOUN WÈ YO GEN ANPIL VALÈ POU JEWOVA
  • FASON POU N WÈ TÈT NOU JAN JEWOVA WÈ NOU
  • Jewova “geri moun kè yo ap fann yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Jewova gen afeksyon pou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ki sa n ka aprann nan sa Jezi te fè nan 40 dènye jou li te pase sou tè a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 novanm p. 22-27

ATIK ETID 47

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

‘Ou se yon moun ki gen anpil valè’!

“[Ou] se yon moun ki gen anpil valè.” — DÀN. 9:23.

PWEN KLE

Atik sa a ap ede moun ki santi yo pa vo anyen yo konprann jan yo gen valè pou Jewova.

1-2. Ki sa k ka ede n kwè nou gen valè pou Jewova?

SÈVITÈ Jewova yo gen valè pou li. Men, gen nan yo ki pa kwè Jewova renmen yo vre. Petèt yon moun te fè yo santi yo pa vo anyen. Èske w te viv sa pèsonèlman? Si sa te rive w, ki sa k ka ede w aksepte ou gen valè pou Jewova?

2 Youn nan bagay ki ka ede w se lè w egzamine istwa nan Bib la ki montre kòman Jewova vle n konsidere moun e ki jan l vle n aji ak yo. Jezi, Pitit Gason l lan, te respekte moun e l te byen aji ak yo. Lefètke l te fè sa, li te montre moun ki santi yo pa vo anyen yo gen anpil valè pou li menm ak Papa l (Jan 5:19; Ebre 1:3). Nan atik sa a, nou pral wè: 1) fason Jezi te ede moun wè yo gen anpil valè pou Bondye, e 2) fason n ka konvenk tèt nou nou gen anpil valè pou Li. — Aje 2:7.

FASON JEZI TE EDE MOUN WÈ YO GEN ANPIL VALÈ POU JEWOVA

3. Ki jan Jezi te aji ak moun Galile ki te vin jwenn li pou l ede yo?

3 Twazyèm fwa Jezi t al preche Galile, moun tout kote te anvayi l pou yo te koute sa l t ap di e pou l te geri yo. Jezi te wè “yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje”. (Mat. 9:36.) Chèf relijye yo te meprize yo, e yo te menm di yo se “yon bann moun modi”. (Jan 7:​47-49.) Jezi li menm te montre yo li ba yo anpil valè lefètke l te pran tan pou l anseye yo e l pou l te geri maladi yo te genyen (Mat. 9:35). Mete sou sa, pou l te ka ede plis moun toujou, li te bay apot li yo fòmasyon pou yo te kapab preche e l te ba yo pouvwa pou yo te geri moun ki malad ak moun ki enfim. — Mat. 10:​5-8.

4. Ki sa n aprann nan fason Jezi te aji ak moun lòt moun te konn meprize?

4 Lefètke Jezi te aji ak moun ki t ap koute l yo avèk respè e l te montre li gen konsiderasyon pou yo, li te montre li menm ak Papa l bay moun sosyete a meprize yo anpil valè. Si w ap sèvi Jewova e w santi ou pa gen valè pou li, reflechi ak jan Jezi te aji ak moun sa yo ki te vle aprann nan men l. Lè w fè sa, sa ka ede w wè jan w gen valè pou Jewova.

5. Esplike nan ki sitiyasyon yon dam ki te moun Galile te ye lè Jezi te rankontre l.

5 Jezi pa t sèlman anseye foul moun, li te konn ede moun pèsonèlman tou. Pa egzanp, pandan sèvis li nan Galile, li te rankontre yon dam ki te gen yon san ki t ap koule sou li depi 12 an (Mak 5:25). Maladi dam nan te genyen an te fè l pa pwòp selon Lalwa, e nenpòt moun ki te touche l pa t ap pwòp tou. Petèt, byen souvan li te oblije met kò l apa. Mete sou sa, li pa t ka adore Jewova ansanm ak lòt moun nan sinagòg la oswa pandan fèt yo (Lev. 15:​19, 25). Pa gen dout, nonsèlman dam nan te malad, li te santi l pa vo anyen tou. — Mak 5:26.

6. Ki jan dam ki te gen san ki t ap koule sou li a te vin geri?

6 Dam sa a ki t ap soufri anpil te vle Jezi geri l. Men, li pa t al kot Jezi dirèkteman. Poukisa? Petèt, li te santi l jennen oswa l te santi l wont akoz sitiyasyon l lan. Oubyen, li te ka pè pou Jezi pa t kouri dèyè l poutèt li te antre nan foul la, alòske li pa t pwòp selon Lalwa. Se sa k fè li te annik touche rad Jezi, paske l te gen konviksyon sa sèlman te ka fè l geri (Mak 5:​27, 28). Se pa t pou granmesi dam nan te gen kalite lafwa sa a, paske l te geri anba maladi l la. Apre sa, Jezi te mande ki moun ki te touche l, e dam nan te admèt devan tout moun se li menm ki te fè sa. Ki jan Jezi te reyaji?

7. Ki jan Jezi te aji ak yon dam ki t ap soufri anpil? (Mak 5:34).

7 Jezi te aji ak dam nan avèk jantiyès e avèk respè. Li te remake dam nan “te pè e li t ap tranble”. (Mak 5:33.) Lè l te wè sa, li te pale avè l avèk jantiyès e l te ankouraje l. Li te menm rele l “pitit fi” l. Lè Jezi te itilize ekspresyon sa a, nonsèlman li te montre dam nan li gen respè pou li, men tou, li te montre l gen lanmou ak konsiderasyon pou li. (Li Mak 5:34.) Se sèl fwa nan Bib la yo montre Jezi te rele yon dam “pitit fi” l. Petèt li te itilize ekspresyon sa a nan ka sa a paske l te wè dam nan “t ap tranble”. Imajine jan dam nan dwe te santi l soulaje! Si Jezi pa t pale avè l jan l te pale avè l la, se vre li t ap geri, men, li t ap santi konsyans li ap kale l dèske l te touche rad Jezi e dèske l te vin nan mitan foul la. Men, Jezi pa t fè dam nan santi l koupab, okontrè, li te ede l wè tèt li kòm yon moun ki gen valè pou Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou.

8. Ki difikilte yon sè ki moun peyi Brezil te andire?

8 Jodi a tou, gen sèvitè Bondye ki gen pwoblèm sante e sa fè yo santi yo pa vo anyen. Mariaa, yon sè ki pyonye ki moun peyi Brezil, te fèt ak yon andikap. Li pa gen pye e li pa gen bra goch. Men sa l esplike: “Se toutan elèv nan lekòl mwen te konn ap fawouche m akoz andikap mwen genyen an. Yo te konn ban m yon seri non ki te fè m soufri anpil. Menm fanmi m te konn fè m santi m pa vo anyen akoz fason yo te konn aji avè m.”

9. Ki sa k te ede Maria konprann li gen valè pou Jewova?

9 Ki sa k te ede Maria? Lè l te vin Temwen Jewova, frè ak sè yo te ankouraje l e yo te ede l wè tèt li jan Jewova wè l. Men sa l di: “Mwen pa gen ase plas nan kaye m pou m ekri non tout moun ki te ede m! Mwen di Jewova mèsi ak tout kè m dèske l ban m yon bèl fanmi frè ak sè ki estrawòdinè.” Frè n ak sè n yo te ede Maria konprann li gen valè pou Bondye.

10. Ki pwoblèm Mari, moun Magdala, te genyen, e ki jan sa dwe te fè l santi l? (Gade foto yo tou.)

10 Ann fè yon ti pale sou fason Jezi te ede yon lòt moun, anpalan de Mari, moun Magdala. Li te gen sèt demon sou li (Lik 8:2)! Li posib pou demon yo te konn fè l aji fason ki dwòl, e sa dwe te lakòz lòt moun pa t vle ret bò kote l. Pandan peryòd sa a nan lavi Mari, moun Magdala, li dwe te santi l pè anpil e l dwe te santi pa gen moun ki renmen l oswa ki te ka ede l. Jezi te chase demon ki t ap fè l soufri yo e li te vin yon disip Jezi. Ki lòt fason Jezi te ede Mari, moun Magdala, konprann jan l gen valè pou Bondye?

Foto ki ansanm: 1. Jezi k ap gade Mari, moun Magdala, ki boulvèse e ki ajenou nan yon koridò ki sonm. 2. Mari, moun Magdala, ki kontan akonpaye Jezi ak lòt disip li yo.

Ki jan Jezi te montre Mari, moun Magdala, li gen anpil valè pou Jewova? (Gade paragraf 10-11.)


11. Ki jan Jezi te montre Mari, moun Magdala, li gen anpil valè pou Bondye? (Gade foto yo tou.)

11 Jezi te kite Mari, moun Magdala, al avè l nan zòn li t ap preche yob. Konsa, li te gen posiblite kontinye koute Jezi lè l t ap anseye lòt moun. Epitou, Jezi te parèt devan Mari, moun Magdala, menm jou li te resisite a. Li te youn nan premye disip Jezi te pale avè l jou sa a. Jezi te menm voye l al fè apot li yo konnen li resisite. Tout sa te montre Mari, moun Magdala, te gen anpil valè pou Jewova. — Jan 20:​11-18.

12. Esplike sa k fè fason Lidia te leve te fè l santi li pa merite pou moun renmen l.

12 Petèt, menm jan ak Mari, moun Magdala, anpil moun jodi a ap goumen ak santiman ki fè yo panse moun pa renmen yo. Lidia, yon sè ki moun peyi Espay, di, lè manman l te konnen l ansent li, li te vle jete l. Menm lè Lidia te toupiti, li sonje jan manman l te konn neglije l ak jan l te konn pale rèd avè l. Men sa l di: “Mwen te toujou ap chèche pou lòt moun aksepte m e pou yo renmen m. Mwen te pè pou lòt moun pa t janm renmen m kèlkeswa sa m fè, paske manman m te fè m kwè mwen te yon move moun.”

13. Ki sa k te ede Lidia wè jan l gen valè pou Jewova?

13 Lè Lidia te aprann laverite, priyè l te konn fè, etid pèsonèl li, bèl ti pawòl frè ak sè yo te konn di l ak sa yo te konn fè pou li te ede l konprann li gen valè pou Jewova. Men sa l di: “Souvan, mari m di m jan l renmen m. Li toujou fè m sonje mwen gen bèl kalite. Mwen gen lòt bon zanmi ki konn fè sa tou.” Èske w konn yon moun ki bezwen yo ede l konprann jan l gen valè pou Jewova?

FASON POU N WÈ TÈT NOU JAN JEWOVA WÈ NOU

14. Ki jan 1 Samyèl 16:7 ede n wè fason Jewova wè moun? (Gade kare ki gen tit “Sa k fè Jewova bay sèvitè l yo anpil valè?”)

14 Sonje Jewova pa wè w fason moun nan monn nan wè w. (Li 1 Samyèl 16:7.) Se pa aparans ou, ran sosyal ou oswa etid ou fè ki fè w gen valè pou Jewova (Eza. 55:​8, 9). Donk, pa gade sou fason moun nan monn nan wè w. Okontrè, fè efò pou w wè tèt ou jan Jewova wè w. Petèt ou li istwa nan Bib la ki montre jan Jewova te renmen yon seri moun pafwa ki te panse yo pa t gen valè, tankou Eli, Nawomi ak Ana. Epitou, ou ka ekri yon seri eksperyans ou te fè ki montre Jewova renmen w toutbon e li ba w valè. Mete sou sa, ou ka fè rechèch nan piblikasyon nou yo sou sijè ki montre ou gen valè pou Jewova.c

Sa k fè Jewova bay sèvitè l yo anpil valè?

Gen yon gwo diferans ant fason Jewova kreye lèzòm ak fason l kreye bèt yo. Li kreye nou yon fason pou n ka aprann konnen l e pou n ka vin zanmi l (Jen. 1:27; Sòm 8:5; 25:14; Eza. 41:8). Sa a se yon gwo rezon nou genyen pou n kwè nou gen valè. Men, nou gen yon pi gwo rezon toujou pou n kwè sa si n chèche vin pi pwòch ak Jewova, nou vwe l lavi nou e nou obeyi l. Lè sa a, n ap vin gen anpil valè pou li antanke Bondye nou e antanke Kreyatè nou. — Eza. 49:15.

15. Sa k fè Jewova te wè Dànyèl kòm “yon moun ki gen anpil valè”? (Dànyèl 9:23).

15 Toujou sonje lè w fidèl sa fè w gen anpil valè pou Jewova. Te gen yon moman nan lavi pwofèt Dànyèl, petèt lè l te prèske gen 100 an, li te santi l “faya nèt” e l te dekouraje (Dàn. 9:​20, 21). Ki jan Jewova te ankouraje l? Li te voye zanj Gabriyèl fè Dànyèl sonje li “se yon moun ki gen anpil valè” e l te tande priyè l. (Li Dànyèl 9:23.) Sa k fè Dànyèl te gen tout valè sa a pou Bondye? Se paske Dànyèl te renmen sa ki jis e l te fidèl (Eze. 14:14). Jewova te fè ekri istwa sa a nan Pawòl li a pou konsole n (Wom. 15:4). Epitou, menm jan ak Dànyèl, Jewova koute priyè w e w gen anpil valè pou li paske w renmen sa ki jis e w kontinye sèvi l fidèlman. — Miche 6:​8, nòt; Ebre 6:10.

16. Ki sa k ka ede w wè Jewova tankou yon Papa ki gen lanmou?

16 Fè efò pou w wè Jewova tankou yon Papa ki renmen w. Jewova vle ede w, se pa defo l ap chèche lakay ou (Sòm 130:3; Mat. 7:11; Lik 12:​6, 7). Anpil moun ki te santi yo pa gen valè te medite sou sa e sa te ede yo. Ann pran egzanp Michelle, yon sè ki moun peyi Espay, ki te santi moun pa renmen l e li pa vo anyen apre mari l te fè plizyè ane ap di l yon seri pawòl ki te konn fè l mal. Men sa l di: “Lè m santi m pa vo anyen, mwen eseye imajine Jewova k ap pote m nan bra l, k ap fè m santi li renmen m e k ap pwoteje m.” (Sòm 28:9). Lauren, yon sè ki moun Afrik disid, konn di tèt li: “Si Jewova te sèvi ak lanmou li genyen tankou yon kòd pou l te rale m vin jwenn li, si l ede m ret pwòch avè l pandan tout ane sa yo e l menm itilize m pou m anseye lòt moun, se sèten li konsidere m kòm yon moun ki gen anpil valè pou li e ki itil.” — Oze 11:4.

17. Ki sa k ka ede w gen konviksyon ou gen favè Jewova? (Sòm 5:12). (Gade foto a tou.)

17 Ou bezwen gen konviksyon ou gen favè Jewova. (Li Sòm 5:12.) David te konpare favè Jewova ak “yon gwo boukliye” ki pwoteje moun ki renmen sa ki jis. Lefètke w konnen ou gen favè Jewova e l ap ede w, sa kapab pwoteje w si w ta vin ap panse ou pa gen valè. Ki jan w ka konnen ou gen favè Jewova? Jan nou sot wè pi wo a, Jewova sèvi ak Pawòl li a pou l fè w konn sa. Epitou, li sèvi ak ansyen yo, bon zanmi w genyen ak lòt moun ankò pou l fè w sonje ou gen valè pou li. Ki jan ankourajman konsa ta dwe fè w santi w?

Yon sè k ap souri pandan l ap sot nan yon Sal Wayòm pou l al preche ansanm ak yon lòt sè ki pase men nan kou l.

Lefètke n konnen Jewova fè n favè, sa kapab ede n pou n sispann santi nou pa gen valè. (Gade paragraf 17.)


18. Poukisa w bezwen aksepte lè lòt moun felisite w?

18 Lè yon moun ou konnen e ki renmen w felisite w ak tout kè l, pa kouri met nan tèt ou se paske l pa byen konnen w ki fè l fè sa. Toujou sonje Jewova ka sèvi avè l pou l ede w kwè ou gen favè l. Men sa Michelle nou te pale de li pi wo a di: “Tikras pa tikras, m ap aprann aksepte ak tout kè m lè lòt moun felisite m. Se yon lit m ap mennen, men m konnen Jewova vle m kontinye fè efò.” Epitou, ansyen yo te ede Michelle wè jan Jewova renmen l. Kounye a, li pyonye e l ap travay antanke volontè a distans pou Betèl.

19. Poukisa w ka kwè ou gen valè pou Bondye?

19 Jezi montre n nou gen anpil valè pou Papa nou ki nan syèl la (Lik 12:24). Kidonk, nou mèt kwè nou gen anpil valè pou Jewova. Nou pa dwe janm bliye sa! Epitou, ann fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun wè jan yo gen valè pou Bondye!

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki jan Jezi te ede moun konprann yo gen valè pou Bondye?

  • Ki jan Jezi te ede dam ki te gen san ki t ap koule sou li a?

  • Ki sa k ka ede n wè tèt nou jan Jewova wè nou?

KANTIK 139 Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?

a Gen kèk non yo chanje.

b Mari, moun Magdala, te youn nan medam ki te konn ansanm ak Jezi yo. Medam sa yo te konn itilize sa yo te genyen pou yo te rann Jezi ak apot li yo sèvis. — Mat. 27:​55, 56; Lik 8:​1-3.

c Pa egzanp gade chapit 24 liv Annou pwoche bò kote Jewova a ak liv ki gen tit Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an, epi li vèsè ak istwa biblik ki nan sijè ki gen tit “Dout”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje