Ostrali: Videyo Ki sa yon bon zanmi ye? a.
PREDIKASYON AK ANSÈYMAN SOU TOUT TÈ A
Oseyani
PEYI 29
POPILASYON 40 642 855
KANTITE PWOKLAMATÈ 98 353
KANTITE ETID BIBLIK 66 022
Sa mande kouraj
Emily gen 12 an e l ap viv ann Ostrali. Yon jou, pwofesè l la t ap pale ak elèv nan klas la sou enpòtans pou yo chwazi bon zanmi. Sa te pouse Emily montre pwofesè a videyo Ki sa yon bon zanmi ye? a. Annapre, lè pwofesè a te pase videyo a pou klas la, tout elèv yo te byen suiv. Apre sa, yo te pase inèdtan ap pale de videyo a. Pwofesè a te pase videyo a nan anpil lòt klas tou. Epi, Emily te montre pwofesè l la ansanm ak elèv nan klas li yo sit jw.org la. Men sa Emily di: “Jewova te ban m kouraj pou m fè plizyè santèn elèv konn sit Entènèt la. Li te beni m toutbon.”
Yon ekspozisyon nan yon zòn byen lwen
Gen senk pwoklamatè ki te fè nevèdtan ap vwayaje nan yon seri wout nan mòn pou yo te ka al ekspoze yon stann piblikasyon nan yon ekspozisyon ki t ap fèt nan Suai, nan Timò oryantal. Moun ki te vizite stann nan te sezi lè yo te wè piblikasyon ki baze sou Bib la nan 12 lang zòn nan aktout pa gen anpil bagay yo pibliye nan pifò lang sa yo. Gen yon dam ki te wè tit yon bwochi e ki te di: “Se lang mwen!” Se premye fwa li te li yon piblikasyon ki ekri nan lang manman l ki se Bounak. Nan sèlman kat jou, pwoklamatè yo te distribye 4 571 piblikasyon e gen anpil moun ki te mande yo vin vizite yo lakay yo. Pifò nan moun ki te enterese yo pa t janm rankontre Temwen Jewova yo anvan sa. Timoun yo te chita pandan plizyè èdtan pou yo gade videyo nan ribrik Fè zanmi ak Jewova a nan lang Tetoun Dili. Gen kèk timoun ki te menm sonje pawòl kantik ki nan ribrik sa a pakè e yo te kontan chante yo.
Timò oryantal: Timoun yo renmen gade videyo ki nan seri Fè zanmi ak Jewova a.
“Se egzakteman sa etidyan yo bezwen”
Brian ak Roxanne, de misyonè, te mande pèmisyon pou yo met yon charyo piblikasyon nan inivèsite ki sou zile Palo a. Yo te rankontre ak direktè inivèsite a e yo te montre l yon videyo sou sit jw.org la sou fason nou bay temwayaj an piblik. Anplis de sa, yo te ba l kèk nan piblikasyon yo t apral mete nan charyo a. Direktè a te fè Brian ak Roxanne konnen yo dwe rankontre ak moun ki reprezante etidyan yo. Apre reyinyon sa a, yo te di yo ap gen yon lòt reyinyon e fwa sa a yo ta dwe pale ak rektè inivèsite a.
Men sa Brian fè konnen: “Nou te gen yon bèl konvèsasyon ak rektè a, men, li te mande n ekri yon lèt pou n voye nan biwo direktè a pou n ka mande pèmisyon pou n met charyo piblikasyon an nan inivèsite a. Nou te santi se kòmsi y ap fè n fè laviwonn dede e n te yon ti jan dekouraje, men, nou te ekri lèt la kanmenm.”
Palo: Roxanne ak Brian te gen anpil bèl konvèsasyon ak etidyan yo lè yo te met yon charyo piblikasyon toupre kanpous yon inivèsite.
Pou Brian ak Roxanne te ka konn sa k pase ak lèt la, yo t al kot rektè a yon dezyèm fwa e yo te ret kwè li t ap refize demann yo a. Men sa Brian fè konnen: “Nou te sezi anpil lè rektè a te fè n konnen li li liv nou te ba li yo e l te twouve yo trè enteresan. Li te di se egzakteman sa etidyan yo bezwen.” Epi, yo te jwenn pèmisyon an!
Epi, Brian di: “Apre sa, moun ki reprezante etidyan yo te fè n konnen lekòl la met sèvis transpò disponib pou etidyan ki abite nan dòtwa yo ki vle al nan nenpòt legliz yo vle lè dimanch. Li te di: ‘Si yo vle, nou ka mennen yo nan legliz ou a.’ Mwen menm ak Roxanne te sezi anpil. Olye pou yo te rejte demann nou an, inivèsite a te mande pou l mennen etidyan yo nan Sal Wayòm nan!”
Premye jou Brian ak Roxanne te met charyo piblikasyon an nan lakou inivèsite a, yo te bay 65 liv, 8 peryodik ak 11 bwochi. Mete sou sa, yo te gen anpil bèl konvèsasyon ak etidyan yo. Rektè a ansanm ak moun ki reprezante etidyan yo te ankouraje yo retounen.
Moun ki vin nan magazen an wè videyo nou yo
Lipson, yon manm fanmi Betèl zile Salomon an, t ap retounen nan filyal la apre yon matine predikasyon. Pandan l t ap mache, li te tande yon kantik Wayòm k ap pase nan yon magazen. Piske l te vle konn sa k fè sa, li te deside antre pou l wè. Li te sezi wè yon foul moun, timoun kou granmoun, k ap gade yon televizyon k ap pase videyo kantik nimewo 55 lan ki gen tit “Lavi pou toutan!” ki parèt nan seri videyo Fè zanmi ak Jewova a. Lè kantik la fini, mèt magazen an te di gwoup moun yo: “Mwen gen yon lòt videyo mwen vle nou wè.” Apre sa, li te pase videyo C’est mal de voler a. Kou videyo a fini, li te ankouraje tout moun pou yo pa vòlè anyen nan magazen l lan.
Piske gen anpil lòt moun ki te antre nan magazen an pandan videyo a t ap jwe a, mèt magazen an te di yo: “M ta renmen nou tout tande chante m pi renmen an.” Apre sa, li te pase kantik nimewo 55 lan ankò. Annapre, mèt magazen an te deside montre moun yo videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? ak videyo Ki jan yo fè yon etid biblik? la nan lang pidgin zile Salomon an.
Zile Salomon: Mèt yon magazen renmen pase videyo ki sou sit jw.org la pou moun ki vin nan magazen l lan.
Piske pri Entènèt la chè anpil e koneksyon an limite, se kèk moun sou zile Salomon sèlman ki gen aksè ak Entènèt. Sepandan, mèt magazen sa a, ki pa Temwen Jewova, ap patisipe nan ede n simen semans verite a lè l montre moun ki vin nan magazen l lan videyo nou yo.
Li jwenn non Bondye nan liv la
Chak lendi, gen moun ki fèk marye ki kontan bay temwayaj ak yon charyo piblikasyon nan yon zòn nan Nouméa, kapital Nouvèl Kaledoni. Yon jou, gen yon dam tou timid ki te pwoche kot charyo a e san l pa di yon mo, li pran liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Apre 30 minit, li retounen ak liv la nan men l, li di frè a ak sè a: “Nou wè sa?” Li te ouvri liv la epi l met dwèt li sou non Jewova. Li di: “Se non Bondye! M gen plizyè semèn depi m ap mache nan libreri yo pou m chèche laverite sou Bondye. Men, kou m pran liv nou an, m al nan machin mwen, Epi lè m ouvri l, premye bagay mwen wè se non Bondye, Jewova. Mwen panse l nòmal pou m retounen vin di nou mèsi.” Frè a ak sè a te gen yon bèl konvèsasyon ak dam nan e yo te mande l pou l gade apendis “Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l” ki nan liv Sa Labib anseye a. Dam nan te fè konnen l vle kontinye rechèch l ap fè nan libreri yo toudabò, men, kounye a li konnen ki kote charyo a ye chak lendi!