ENDONEZI
Yon koudèy sou Endonezi
Tèritwa: Endonezi se pi gwo achipèl nan monn nan e l twouve l ant Ostrali ak kontinan Azi a. Pifò nan plis pase 17 500 zile ki fòme l yo chaje ak yon seri gwo mòn ansanm ak anpil gwo forè twopikal. Piske l gen plis pase 100 vòlkan aktif, li se zòn ki gen plis vòlkan aktif sou tè a.
Popilasyon: Endonezi se katriyèm kote nan monn nan ki gen plis moun (apre Lachin, End ak Etazini) e gen plis pase 300 gwoup etnik nan popilasyon an. Gwoup etnik Javanèz ak Soudanèz la gen plis pase mwatye popilasyon an ladan l.
Relijyon: Anviwon 90 pousan pèp Endonezi a se Mizilman. Pifò rès moun yo se Endou, Boudis oswa yo di yo se kretyen. Gen anpil moun k ap suiv koutim relijyon endijèn ki la depi lontan yo tou.
Lang: Yo pale plis pase 700 lang nan tout achipèl la. Lang nasyonal la se endonezyen, yon lang ki soti nan lang male. Anplis de sa, pifò moun pale lang yo pale nan zòn kote yo rete a.
Sa moun fè pou viv: Gen anpil moun ki se ti fèmye oswa machann. Peyi a chaje ak min, bwa, petwòl ak gaz natirèl e l pwodui anpil kawotchou ak luil palmye.
Manje: Diri se pla prensipal la. Pami sa moun yo renmen kuit yo nou jwenn nasi goréng (diri fri ak ze melanje ak fèy), satay (yon ti bwa ki gen vyann griye) ak gado-gado (yon salad ki gen sòs pistach).
Tanperati: Li fè cho e l imid. Van k ap soufle nan epòk lapli yo pèmèt gen de sezon: Imid ak sèk. Toujou gen gwo lapli ak gwo van.