BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w16 me p. 21-26
  • Èske Bib la kontinye chanje lavi w?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bib la kontinye chanje lavi w?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • OU KA FÈ JEWOVA PLEZI
  • POUKISA SA DIFISIL KONSA?
  • KITE PAWÒL BONDYE A KONTINYE CHANJE LAVI W
  • REFLECHI AK BÈL AVNI K AP TANN OU
  • Nou kapab “retire ansyen pèsonalite a sou nou”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • “Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Nou gen fòs malgre feblès nou yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Èske w wè l nesesè pou w fè pwogrè espirityèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
w16 me p. 21-26
Yon mesye k ap aji ak vyolans pandan l ap jwe aza, li vin batize epi, annapre, l ap fè kòlè sou yon frè nan Sal Wayòm nan.

Èske Bib la kontinye chanje lavi w?

“Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.” — WOMEN 12:2.

KANTIK: 61, 52

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa n dwe kontinye fè chanjman apre n fin batize?

  • Poukisa Bondye atann pou n fè gwo efò pou n rive venk feblès nou yo?

  • Ki sa n ka fè pou n ka kite Pawòl Bondye a kontinye chanje lavi nou?

1-3. a) Site kèk chanjman ki ka difisil pou n fè apre n fin batize. b) Lè n twouve l difisil pou n pwogrese pase jan n te panse a, ki kesyon nou ka poze tèt nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

PANDAN plizyè ane, Kevin te konn jwe aza, li te konn fimen, li te konn bwè san kontwòl e l te konn pran dwòg.[1] (Gade nòt la.) Epi, li te vin tande pale de Jewova e l te vle vin zanmi Jewova. Men, pou l te ka fè sa, li te dwe fè yon seri gwo chanjman nan lavi l. Li te kapab fè chanjman sa yo grasa èd Jewova e grasa pouvwa Pawòl Jewova, anpalan de Bib la. — Ebre 4:12.

2 Apre batèm Kevin, li te toujou bezwen fè kèk chanjman nan pèsonalite l pou l te ka vin yon pi bon kretyen (Efezyen 4:31, 32). Pa egzanp, li te konn fache fasil. Li te sezi wè jan l difisil pou l aprann metrize tèt li. Anfèt, Kevin fè konnen li te pi difisil pou l aprann metrize tèt li pase pou l te kite move bagay li te konn fè anvan l batize yo! Men, li te rive fè chanjman paske l te sipliye Jewova pou l mande l èd e l te fè yon etid pwofon nan Bib la.

3 Anvan n te batize, anpil nan nou te fè yon seri gwo chanjman nan lavi nou pou n te ka rive viv jan Labib mande nou fè sa a. Menm kounye a, nou rann nou kont gen yon seri ti chanjman nou bezwen fè pou n ka pi byen imite Bondye ak Kris (Efezyen 5:1, 2; 1 Pyè 2:21). Pa egzanp, nou kapab rann nou kont nou renmen plenyen, oubyen nou nan tripotay, epi n ap di yon pakèt move pawòl sou lòt moun. Oubyen pafwa, nou tèlman pè sa lòt moun ap di oubyen sa yo pral fè, nou konn pa fè sa ki byen. Petèt, nou gen plizyè ane depi n ap fè efò pou n chanje, men n kontinye fè menm erè yo. Se sa k fè nou ka ap mande tèt nou: ‘Sa k fè l difisil konsa pou m fè ti chanjman sa yo? Ki sa m dwe fè pou m rive fè sa Bib la di pou m kapab kontinye amelyore pèsonalite m?’

OU KA FÈ JEWOVA PLEZI

4. Poukisa nou pa ka fè Jewova plezi nan tout sa n ap fè?

4 Nou renmen Jewova e nou vle fè l plezi ak tout kè nou. Men, malerezman, nou pa kapab fè l plezi toutan paske nou pa pafè. Byen souvan, nou santi nou menm jan ak apot Pòl ki te di: “Mwen vle fè sa ki byen, men, mwen pa gen kapasite pou m fè l.” — Women 7:18; Jak 3:2.

5. Ki chanjman nou te fè anvan nou te batize, men kont ki feblès nou kapab toujou ap goumen?

5 Anvan n te vin fè pati kongregasyon an, nou te oblije sispann fè yon seri bagay Jewova rayi (1 Korentyen 6:9, 10). Men, nou toujou enpafè (Kolosyen 3:9, 10). Se sa k fè nou kontinye ap fè erè menmsi n gen plizyè ane depi n batize. Detanzantan, nou ka gen move dezi oswa santiman ki negatif, oubyen nou ka twouve l difisil pou n metrize yon feblès nou gen nan pèsonalite nou. Anfèt, nou ka oblije ap goumen ak menm feblès la pandan plizyè ane.

6, 7. a) Sa k fè l posib pou n vin zanmi Jewova aktout nou enpafè? b) Poukisa n pa dwe ezite mande Jewova pou l padone nou?

6 Aktout nou enpafè, nou ka toujou zanmi Jewova epi sèvi l. Toujou sonje premye bagay ki te fè w vin zanmi Jewova. Se li menm ki te wè yon bagay ki bon lakay ou e ki te vle w vin konnen l (Jan 6:44). Epitou, li te konnen ou gen defo ak feblès e w pral fè erè kanmenm. Men, malgre sa, Jewova te vle w vin zanmi l.

7 Jewova tèlman renmen nou, li te ban nou yon kado ki gen anpil valè. Li te voye Jezi, Pitit li a, sou tè a pou l te bay lavi l kòm ranson pou peche nou (Jan 3:16). Lè n fè yon peche, nou kapab mande Jewova padon. Epi, grasa ranson an, nou mèt gen asirans l ap padone nou e nou kapab toujou ret zanmi l (Women 7:24, 25; 1 Jan 2:1, 2). Sonje sa, Jezi te mouri pou moun ki peche e ki repanti yo. Kidonk, menmsi n panse sa n te fè a pa t bon ditou, nou pa dwe janm sispann priye Jewova pou n mande l padon. Si n pa ta mande l pou l padone nou, se kòmsi nou ta refize lave men nou ki sal. Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Jewova pèmèt nou vin zanmi l aktout nou enpafè! — Li 1 Timote 1:15.

Si n vle vin pi pwòch ak Jewova, nou dwe kontinye eseye imite l epi imite Pitit li a.

8. Poukisa n pa dwe fèmen je sou feblès nou yo?

8 Byennantandi, nou pa ka fèmen je sou feblès nou yo, ni nou pa ka kontinye ap chèche pretèks pou yo. Jewova deja di nou ki kalite moun li vle kòm zanmi (Sòm 15:1-5). Se sa k fè, si n vle pwoche bò kote l, nou dwe kontinye fè efò pou n imite ni li menm, ni Pitit Gason l lan. Epitou, nou dwe eseye metrize move dezi ki lakay nou yo, e nou ka menm rive elimine kèk ladan yo. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n batize, nou dwe kontinye fè efò pou n amelyore pèsonalite nou. — 2 Korentyen 13:11.

9. Ki jan n fè konnen nou ka kontinye abiye nou ak nouvo pèsonalite a?

9 Men sa apot Pòl te di kretyen yo: “Yo te aprann nou pou nou voye ansyen pèsonalite a jete, pèsonalite ki ann akò ak konduit nou te genyen anvan an, e ki vin kòwonpi selon dezi li genyen ki chaje twonpri. E nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an, e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande.” ​(Efezyen 4:22-24). Sa vle di nou bezwen kontinye fè efò pou n chanje e pou n “abiye ak nouvo pèsonalite a”. Kidonk, kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou kapab toujou aprann plis bagay sou kalite l yo. Epi, Bib la kapab ede n fè chanjman nan pèsonalite nou pou n ka vin sanble ak Bondye plis toujou.

POUKISA SA DIFISIL KONSA?

10. Ki sa n dwe fè pou Labib ka kontinye ede n fè pwogrè, e ki kesyon nou ka poze?

10 Nou tout vle suiv sa Bib la di. Men, nou bezwen travay di si n vle kontinye fè chanjman nan lavi nou. Poukisa n oblije fè tout efò sa a? Èske Jewova pa t kapab fè l vin fasil pou n fè sa ki byen?

11-13. Ki sa k fè Jewova atann pou n fè gwo efò pou n rive venk feblès nou yo?

11 Lè n gade kreyasyon Jewova a ak tout sa k ladan l, nou pa gen dout Jewova gen pouvwa pou l fè nenpòt bagay. Pa egzanp, li fè solèy la ki pisan anpil. Chak segonn, solèy la pwodui yon gwo kantite limyè ak chalè, sepandan, se sèlman yon ti kantite nan enèji sa a ki nesesè pou gen lavi sou tè a (Sòm 74:16; Ezayi 40:26). Epitou, Jewova bay moun k ap sèvi l sou tè a fòs lè yo bezwen sa (Ezayi 40:29). Sa klè, si Jewova te vle, li t ap fè l fasil anpil pou n goumen ak feblès nou yo e pou n sispann gen move dezi. Bon, poukisa l pa fè sa?

12 Jewova ban nou libète pou nou deside. Li kite nou deside poukont nou ki sa n ap fè, si n ap chwazi obeyi l oubyen si n ap chwazi dezobeyi l. Lè n chwazi obeyi l e n fè gwo efò pou n fè volonte l, nou montre nou renmen l e n vle fè l plezi. Satan fè konnen Jewova pa gen okenn dwa pou l dirije. Men lè n obeyi Jewova, nou montre se li menm nou vle kòm Dirijan nou. Epi, nou mèt gen asirans Papa nou ki renmen nou anpil la bay tout efò nou fè pou n obeyi l anpil valè (Jòb 2:3-5; Pwovèb 27:11). Lè n fè gwo efò pou n metrize feblès nou yo menm lè sa pa fasil, nou montre nou fidèl ak Jewova e n montre se li menm nou vle kòm Dirijan nou.

13 Jewova fè nou konnen nou dwe fè gwo efò pou n rive imite kalite l yo. (Kolosyen 3:12; li 2 Pyè 1:5-7.) Epitou, li atann li pou n fè gwo efò pou n metrize panse nou ak santiman nou (Women 8:5; 12:9). Depi nou fè gwo efò pou n fè yon chanjman nan pèsonalite nou e n rive fè chanjman sa a, nou santi nou vrèman kontan.

KITE PAWÒL BONDYE A KONTINYE CHANJE LAVI W

14, 15. Ki sa n ka fè pou n vin gen kalite Jewova renmen yo? (Gade kare ki gen tit: “Labib ak lapriyè te chanje lavi yo.”)

14 Ki sa n dwe fè pou n ka vin gen kalite Jewova renmen yo? Olye nou chwazi poukont nou ki sa n dwe chanje, nou bezwen kite Bondye gide nou. Men sa Women 12:2 di: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” Kidonk, pou n rive konnen sa Jewova vle, nou bezwen konte sou èd li bay. Nou dwe li Bib la chak jou, medite sou sa nou li a, epi priye Jewova pou n mande l lespri sen l (Lik 11:13; Galat 5:22, 23). Konsa, Jewova kapab ede n konprann sa k fè l plezi, epi n ap vin aprann panse menm jan avè l. Kòm rezilta, panse nou, pawòl nou ak aksyon nou ap plis fè Jewova plezi, e n ap vin konn ki jan pou n metrize feblès nou. Men, aktout sa, n ap bezwen kontinye goumen kont feblès nou yo. — Pwovèb 4:23.

Yon Temwen Jewova k ap li kèk vèsè ak kèk atik ankò pou l jwenn èd.

Konpile kèk atik nan piblikasyon nou yo oswa kèk vèsè nan Bib la k ap ede w goumen ak feblès ou yo, epi, pran tan pou w li yo ankò detanzantan. (Gade paragraf 15.)

15 Nonsèlman nou bezwen li Labib chak jou, nou bezwen etidye l tou lè n itilize enfòmasyon ki nan piblikasyon nou yo tankou Toudegad ak Réveillez-vous! Anpil atik nan peryodik sa yo anseye nou fason pou n imite kalite Jewova yo ak fason pou n goumen ak feblès nou yo. Nou kapab wè gen kèk atik oubyen kèk vèsè ki kapab vrèman itil nou. Nou kapab konpile vèsè sa yo ak atik sa yo yon fason pou n ka li yo ankò detanzantan.

16. Poukisa n pa dwe dekouraje si n pa ka fè chanjman byen vit?

16 Sa mande tan pou yon moun aprann imite kalite Jewova yo. Kidonk, si w santi ou pa rive fè tout chanjman ou ta renmen fè yo, pran pasyans. Pou kòmanse, ou ka oblije ap fòse tèt ou pou w fè sa Bib la mande. Men, plis ou panse e w aji fason Jewova vle a, se plis l ap fasil pou w panse menm jan avè l e pou w fè sa ki byen. — Sòm 37:31; Pwovèb 23:12; Galat 5:16, 17.

REFLECHI AK BÈL AVNI K AP TANN OU

17. Si n fidèl ak Jewova, ki bèl avni nou kapab espere genyen?

17 N ap tann moman kote nou pral pafè e n pral sèvi Jewova pou toutan. Lè sa a, nou pap bezwen goumen ak okenn feblès e l ap pi fasil pou n imite Jewova. Men, menm kounye a, nou kapab adore Jewova paske li ban nou ranson an. Malgre nou enpafè, nou kapab fè l plezi si n kontinye fè gwo efò pou n fè chanjman nan lavi nou e si n kontinye obeyi sa l anseye nou nan Bib la.

18, 19. Sa k fè n gen asirans Bib la gen pouvwa pou l kontinye chanje lavi nou?

18 Kevin te fè tout sa l kapab pou l aprann metrize kòlè l. Li te medite sou sa l te li nan Bib la e l te fè gwo efò pou l fè chanjman nan lavi l. Epitou, li te suiv konsèy kretyen parèy li te ba li. Byenke sa te pran kèk ane pou Kevin fè chanjman sa yo, avèk letan, li te vin kapab sèvi kòm sèvitè ministeryèl. Mete sou sa, li sot gen 20 an depi l ap sèvi kòm ansyen. Men, jiska prezan, li konnen li bezwen kontinye goumen ak feblès li yo.

19 Menm jan ak Kevin, nou kapab kontinye amelyore pèsonalite nou. Si n fè sa, n ap kontinye vin pi pwòch Jewova (Sòm 25:14). Epi, lè n fè tout sa n kapab pou n fè chanjman nan lavi n pou n fè l plezi, l ap ede n reyisi. Nou kapab gen asirans grasa Bib la, n ap ka kontinye fè chanjman nan lavi nou. — Sòm 34:8.

^ [1] (paragraf 1) Yo chanje non moun yo.

Labib ak lapriyè te chanje lavi yo

Byen souvan, Russell te konn ap plenyen kont frè ak sè yo e l te panse nan pifò ka yo pa fè anyen ki bon. Maria Victoria te renmen fè tripotay. Linda te pè sa lòt moun pral di oswa sa yo pral panse chak fwa l ap soti nan predikasyon. Byenke toule twa moun sa yo se kretyen batize, yo te panse li enposib pou yo chanje. Men, yo te rive fè chanjman nan lavi yo. Ki sa k te ede yo?

Russell: “Lefètke m te sipliye Jewova e m te pran yon bon dòz lekti Labib chak jou, sa te ede m. Lè m medite sou 2 Pyè 2:11 ak kèk konsèy pèsonèl ansyen yo te ban mwen, sa fè yon gwo diferans.”

Maria Victoria: “Mwen te priye Jewova ak tout fòs pou m mande l ede m kontwole lang mwen. Mwen te wè enpòtans pou m sispann pran pa ak moun ki renmen tripotay. Sòm 64:1-4 te fè m rann mwen kont mwen pa t vle vin yon moun lòt moun ap mande Bondye pou l delivre yo anba men l! Epitou, mwen te vin konprann si m kontinye ap fè tripotay, mwen pap yon bon egzanp pou lòt moun e sa ap fè moun pale non Jewova mal.”

Linda: “Mwen te fè efò pou m familyarize m ak feyè nou yo yon fason pou m ka pare pou m ofri yo. Lefètke m te fè zanmi ak moun ki pran plezi patisipe nan divès fasèt nan travay predikasyon an, sa te ede m anpil. Epi, mwen kontinye konte sou Jewova lè m priye l.”

PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON:

  • Nou goumen ak feblès nou yo: Nou ka gen kèk feblès ki pa fasil pou n metrize oubyen nou gendwa kontinye ap fè menm erè a toutan. Pa egzanp, petèt nou se moun ki pa gen pasyans, ki vin fache fasil oubyen ki renmen plenyen kont lòt moun. Nou bezwen kontinye fè gwo efò pou n venk feblès nou yo paske nou konnen sa ap fè Jewova plezi. Lè n kenbe tèt ak feblès nou yo, se kòmsi se goumen n ap goumen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje