BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 83
  • Ki jan m ka reziste lè m jwenn tantasyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka reziste lè m jwenn tantasyon?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w dwe konnen
  • Sa w ka fè
  • Ki jan m ka reziste anba tantasyon?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Tantasyon
    Reveye n! — 2017
  • “ Pou nou pa antre nan tantasyon ”
    Kontinye veye!
  • Veye pou n pa tonbe nan tantasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 83
Yon jèn gason ki santi l jwenn tantasyon pandan l wè de moun ki renmen ansanm, e gen de jèn gason k ap gade nan yon aparèy elektwonik pandan yon jèn fi ap pase devan yo.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka reziste lè m jwenn tantasyon?

Apot Pòl te ekri: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen.” (Women 7:21). Èske w konn santi w konsa? Si se wi, atik sa a kapab ede w reziste anba tantasyon lè w gen move dezi.

  • Sa w dwe konnen

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Sa w dwe konnen

Tantasyon pou fè move bagay mache men nan men ak presyon kamarad ap fè sou ou. An reyalite, Bib la di: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” (1 Korentyen 15:33). Presyon moun ki toutotou w ap fè sou ou oswa reklam ak lòt rezo ki bay enfòmasyon ka met move lide nan kè w pou fè w aji mal e menm rive “fè sa ki mal akoz [nou] suiv pifò moun.” — Egzòd 23:2.

“Lè w vle lòt moun aksepte w e pou yo renmen w, ou ka rive nan yon stad kote w fè tout sa lòt moun fè, jis pou fè yo plezi.” — Jeremy.

Fè yon ti reflechi: Pou ki rezon l ap pi difisil pou w reziste anba tantasyon si w bay tèt ou twòp pwoblèm pou sa lòt moun panse? — Pwovèb 29:25.

Sa w dwe sonje: Pinga w kite presyon lòt moun fè sou ou lakòz ou pa respekte bon prensip ou genyen.

Sa w ka fè

Byen konprann nan ki sa w kwè. Si w pa konnen nan ki sa w kwè, ou ka tounen yon ti maryonèt nan men lòt moun. Li pi bon lontan pou suiv enstriksyon sa a ki nan Bib la ki di: “Verifye tout bagay, sa ki bon an, kenbe l fèm.” (1 Tesalonisyen 5:21). Plis ou konprann kwayans ou genyen yo, se plis l ap fasil pou w ret atache avèk yo e sa ap pèmèt ou reziste plis lè w jwenn tantasyon.

Fè yon ti reflechi: Poukisa ou kwè l ap bon pou ou si w viv selon prensip Bondye bay yo?

“M remake, depi m ret atache ak sa m kwè yo e m pa tonbe nan fè move bagay akoz tantasyon, lòt moun vin gen plis respè pou mwen.” — Kimberly.

Yon bèl egzanp Bib la pale de li se Dànyèl. Toutpandan li te toujou yon adolesan, Danyèl “te byen deside nan kè l” pou l obeyi lwa Bondye yo. — Dànyèl 1:8.

Yon jèn ki gen yon pakèt fisèl k ap kenbe l tankou yon maryonèt lòt moun ap kontwole.

Si w pa konnen nan ki sa w kwè, l ap fasil pou w tounen yon pope twèl lòt moun ap di sa pou l fè.

Aprann konn feblès ou. Bib la pale de “dezi ki natirèl lakay jèn yo”, sa vle di yon seri de anvi ki parèt fò an patikilye lakay jèn yo (2 Timote 2:22). Dezi sa yo pa sèlman gen ladan l dezi seksyèl, men l genyen tou dezi pou lòt moun aksepte yo ak dezi pou yo pran desizyon poukont yo alòske an reyalite yo poko pare pou sa.

Fè yon ti reflechi: Selon Bib la, “chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l”. (Jak 1:14.) E ou menm, ki dezi ki pi fò lakay ou ki tankou yon tantasyon pou ou?

“Pa bay tèt ou manti konsènan tantasyon ki kapab plis fè w anvi fè sa ki mal. Fè rechèch pou w konnen ki fason ou kapab reziste anba tantasyon sa yo, epi note ki pwen ou ka sèvi avè l nan sans sa a. Konsa, pwochèn fwa w ap fè fas ak tantasyon sa a, w ap konnen sa w dwe fè pou w ka reziste.” — Sylvia.

Yon bèl egzanp Bib la pale de li se David. Pafwa, David te dwe sipòte presyon lòt moun t ap fè sou li ak presyon dezi l te gen lakay li t ap fè sou li. Men, David te aprann nan erè li te fè yo e l te fè efò pou l amelyore. Nan lapriyè, li te mande Jewova pou li fè ‘kè [l] vin pwòp, pou l ba [l] yon lòt espri, yon espri k ap fè [l] fidèl.’ — Sòm 51:10.

Metrize tèt ou. Bib la di: “Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou.” (Women 12:21). Sa vle di, ou pa oblije tonbe nan tantasyon an. Ou kapab chwazi fè sa ki dwat.

Fè yon ti reflechi: Ki jan ou kapab met kontwòl sou ou pou fè sa ki dwat nan yon sitiyasyon kote ou jwenn tantasyon pou w fè sa ki mal?

“M panse ak fason m pral santi m apre si m suiv sa tantasyon an pouse m fè. Èske m ap santi m pi byen? Petèt wi, men se ap pou yon ti moman. Èske m ap toujou santi m anfòm apre yon bon ti tan pase? Non, m ap santi m pi mal. Donk, èske sa ap vo lapenn pou m fè l? Non!” — Sophia.

Yon bèl egzanp Bib la pale de li se Pòl. Malgre Pòl te admèt li te gen feblès lakay li, li te metrize tèt li. Men sa l ekri: “Mwen bay kò m gwo disiplin e mwen mennen l tankou yon esklav.” — 1 Korentyen 9:27, nòt.

Sa w dwe sonje: Se ou menm ki gen kontwòl la, sa vle di se ou menm ki pou deside kòman w ap aji lè w jwenn tantasyon pou w fè sa ki mal.

Sonje, tantasyon yo la pou yon ti tan. Men sa Melissa, ki gen 20 an di: “Anpil bagay m te konsidere kòm gwo tantasyon lè m te nan segondè pa anyen pou mwen jodi a. Lè m reflechi sou sa, sa pèmèt mwen gen asirans tantasyon m jwenn kounye a pap la ankò pi devan, e yon jou, m ap ka gade dèyè e m ap ka di tèt mwen, m te gen rezon lefètke m te reziste.”

Sa lòt jèn di

Olivia

“Lè m pran detèminasyon pou m fè sa k byen epi m met kouraj sou mwen pou m defann pozisyon m devan kèlkeswa sa yon moun te ka di, sa ede m reziste anba tantasyon. Pa egzanp, lè m pran desizyon pou m pa fè yon bagay, m kenbe pozisyon m, m pa reflechi sou sa ankò e m pa kite moun vin konvenk mwen.” — Olivia.

Jared

“Jèn yo fè fas ak anpil presyon pou y al nan pwogram e pou yo fè tout sa yo wè lòt jèn parèy yo ap fè kote y ap fè anbyans, tankou bwè twòp alkòl, pran dwòg epi fè sèks. Se sa k fè m vin wè sa enpòtan pou m pale ak paran m yo yon fason klè konsènan presyon sa yo. Epitou, m toujou chèche yon bagay pou m fè nan tan lib mwen yo, yon fason pou m pa tonbe nan tantasyon.” — Jared.

Mayan

“Youn nan tantasyon m wè ki pi difisil pou m reziste se lè m dwe metrize m nan yon domèn ki an reyalite pa mal pou yon moun, men ki ka vin tounen yon pyèj pou mwen, tankou chwazi detant. Ou dwe konn nan ki sa w kwè pou w pa tonbe nan pyèj sa yo, e sa mande tan ak eksperyans pou w kapab fè sa.” — Mayan.

Julian

“Pa bay tèt ou manti lè w ap fè fas ak tantasyon. Ou dwe konnen ki sit Entènèt ki kapab plis pouse w tonbe nan tantasyon, sit k ap ankouraje moun fè imoralite seksyèl e ou dwe konnen fason pou w reyaji lè yo parèt devan w. Ou bezwen gen yon strateji yon fason pou w pa tonbe nan tantasyon.” — Julian.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje