BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 19
  • Poukisa m ap filange kò m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa m ap filange kò m?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa sa ye ojis?
  • Poukisa kèk moun fè l?
  • Si w gen pwoblèm sa a, ki jan w ka sispann?
  • “Moun ki jis yo ap rejwi pou sa Jewova fè pou yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki jan m ka kontwole santiman m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • E si m pa anvi viv ankò?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Fason w ka fè fas ak santiman ensekirite ou genyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 19

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m ap filange kò m?

  • Ki sa sa ye ojis?

  • Poukisa kèk moun fè l?

  • Si w gen pwoblèm sa a, ki jan w ka sispann?

  • Entèvyou

  • Kesyon pou w reflechi

  • Kaye vèsè m yo

Ki sa sa ye ojis?

Tandans sa a se yon pratik kote yon moun pran abitid sèvi ak yon zouti file pou l blese tèt li. Li se youn pami plizyè fason moun ka fè tèt yo mal. Lòt fason ankò se lè yon moun boule tèt li, lè l fè mak sou po l oswa l frape tèt li. Atik sa a ap pale sou pratik filange kò a, men, menm prensip yo valab pou tout lòt fason moun fè tèt yo mal.

Teste konesans ou: Vrè ou fo.

  1. Se sèl ti medam yo ki konn filange kò yo.

  2. Lè yon moun filange kò l, li vyole kòmandman biblik nou jwenn nan Levitik 19:28 la, ki di: “Nou pa dwe filange kò nou.”

Repons kòrèk:

  1. Fo. Byenke pwoblèm sa a sanble plis repete kay ti medam yo, gen kèk gason ki konn filange kò yo e ki konn fè tèt yo mal lòt fason tou.

  2. Fo. Levitik 19:28 fè referans ak yon ansyen koutim payen, men, li pa fè referans ak lè yon moun pran abitid fè tèt li mal jan atik la ap pale de sa a. Sepandan, li rezonab pou n panse Kreyatè nou an ki gen lanmou pa vle n fè tèt nou mal. — 1 Korentyen 6:12; 2 Korentyen 7:1; 1 Jan 4:8.

Poukisa kèk moun fè l?

Teste konesans ou: Ki deklarasyon w panse ki pi egzak?

Gen moun ki filange kò yo...

  1. pou eseye jere detrès afektif yo genyen.

  2. pou eseye touye tèt yo.

Repons kòrèk: A. Pifò moun ki filange kò yo pa vle mouri. Yo jis vle fini ak dezespwa yo genyen yo.

Note sa kèk jèn, ki te gen abitid filange kò yo, fè konnen.

Celia: “Sa fè m yon ti jan soulaje.”

Tamara: “Li fè m santi m libere. Soufrans fizik la pi bon pase soufrans afektif la.”

Carrie: “M pa renmen lè m tris. Lè m filange kò m, soufrans lan fè m bliye tristès la.”

Jerrine: “Chak fwa m filange kò m, m vin prèske pa konn anyen nan sa k ap pase toutotou m e konsa m pa enkyete m pou pwoblèm mwen yo. Sa fè m santi m vrèman byen.”

Si w gen pwoblèm sa a, ki jan w ka sispann?

Lè w priye Jewova Dye, sa ka yon etap enpòtan pou w geri. Bib la di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

Konsèy: Kòmanse ak yon priyè tou kout, petèt lè w annik di Jewova: “M bezwen èd.” Rive yon lè, w ap anmezi pou w ouvri kè w bay “Bondye tout konsolasyon an” e pou w di l tout sa w santi. — 2 Korentyen 1:3, 4.

Lapriyè pa sèlman la pou fè w santi w byen. Se yon bon mwayen pou w kominike ak Papa w ki nan syèl la, Papa ki fè w pwomès lè l di: “M ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” — Ezayi 41:10.

Mete sou sa, gen anpil moun ki te konn filange kò yo ki jwenn konsolasyon lè yo pale de sa ak yon paran oswa yon moun, ki pi gran, yo fè konfyans. Gen kèk jèn ki te fè sa. Ann egzamine sa twa nan yo te di.

Entèvyou

  • Diana, 21 an

  • Kathy, 15 an

  • Lorena, 17 an

A ki laj ou te kòmanse filange kò w?

Lorena: M te kòmanse lè m te gen anviwon 14 an.

Diana: M te gen 18 an, e frekans yo te konn varye. Pafwa m te konn fè yon semèn oswa de ap filange kò m chak jou, e gen lòt fwa m te konn fè yon mwa san m pa fè sa.

Kathy: M te kòmanse fè sa lè m te gen 14 an. M te konn rekòmanse detanzantan.

Poukisa w te vle filange kò w?

Kathy: M t ap lite ak kèk santiman ki fè m rayi tèt mwen. M te santi kòmsi l pa posib pou yon moun vle m kòm zanmi.

Diana: Pafwa, tristès mwen yo konn fè m fristre, e lè m fristre konsa, m konn tonbe nan dezespwa. Santiman dezespwa a ka tèlman grandi opwen l anvayi m nèt. Lè konsa, m santi se kòmsi m gen yon bèt sovaj anndan m e m dwe filange kò m pou m fè l soti.

Lorena: M te vin deprime anpil, sa te fè m an kòlè e m te santi m pa vo anyen. M te santi m tankou pousyè tè. M te vle voye santiman sa yo, ki tankou fatra, jete byen lwen. Pafwa, m te konn santi m merite soufri.

Èske w te konn santi w pi byen apre w fin fè sa?

Diana: Wi. M konn santi m pi lejè apre sa, se kòmsi yon pwa lou te sot sou zepòl mwen.

Kathy: Se prèske menm jan ak lè yon moun ap kriye. Apre m fin filange kò m, m konn santi m byen menm jan ak lè yon moun santi l byen apre l fin kriye.

Lorena: Se te kòmsi m gen yon blad anndan m ki chaje ak santiman negatif. Lè m filange kò m se tankou m fè yon ti twou nan blad sa a. Li pap pete; l ap jis gen yon flit epi tout santiman negatif yo ap soti tou dousman.

Èske w te pè di lòt moun sa w t ap fè a?

Lorena: Wi. M te pè pou yo pa panse m dwòl. Anplis de sa, m pa t vle lòt moun konn vi prive m.

Diana: Yo te toujou konn di m se yon moun ki djanm, e m te vle yo kontinye kwè sa. M te santi se t ap yon echèk si m ta mande èd.

Kathy: M te pè pou lòt moun pa panse m malad nan tèt, sa ki t ap fè m santi m pi mal toujou. Anplis de sa, m te santi m merite sa m t ap fè tèt mwen an.

Ki sa k te ede w sispann?

Lorena: M te fè manman m konn sa m t ap fè a. Anplis, m te chèche èd nan men yon doktè ki te aprann mwen kontwole santiman negatif mwen yo. Se vre m te konn rekòmanse kèk fwa, men, piske m te amelyore etid Labib mwen, sa te ede m. Anplis, m te ret aktif nan travay predikasyon an. Petèt m ap toujou gen pou m lite detanzantan kont santiman kòmkwa m pa vo anyen an, men, lè m santi sa, m eseye pa kite l kontwole m.

Kathy: Yon sè ki gen anviwon dizan anplis mwen te remake m gen yon pwoblèm e m te rakonte l tout bagay. M te sezi aprann li menm tou li te konn filange kò l yon lè. Etandone l te gen pwoblèm sa a tou, sa te fè m pa santi m malalèz pou m pale avè l. Anplis de sa, gen yon doktè ki te ede mwen menm ak paran m konprann sa k ap rive m nan.

Diana: Yon jou swa, m te lakay yon koup mwen te fè konfyans e mari a te remake m gen yon bagay ki pa anfòm. Avèk jantiyès, li te ankouraje m di yo sa m genyen. Madanm li te pran m nan bra l e l te kòmanse bèse m menm jan manman m te konn fè sa lè m te piti. M te kòmanse kriye e li menm tou te kriye. Li te difisil pou m di yo sa m t ap fè tèt mwen an, men, m kontan dèske m te fè sa.

Ki fason Bib la te ede w?

Diana: Bib la te ede m rann mwen kont mwen pap ka goumen kont anvi sa a poukont mwen. M bezwen èd Jewova Dye. — Pwovèb 3:5, 6.

Kathy: Lefètke m konnen mesaj ki nan Bib la se Pawòl Bondye, lè m li l sa rekonfòte m anpil! — 2 Timote 3:16.

Lorena: Lè m tonbe sou yon vèsè ki touche m, mwen ekri l nan yon kanè nòt yon fason pou m ka reflechi sou li annapre. — 1 Timote 4:15.

Èske gen yon vèsè an patikilye ki te ede w?

Diana: Pwovèb 18:1 di: “Yon moun ki met kò l apa se yon moun k ap chèche fè tèt li plezi sèlman. Li refize aji avèk sajès.” Pafwa, m konn twouve l difisil pou m ret bò kot moun, men, vèsè sa a ede m rann mwen kont se yon danje sa ye lè m met kò m apa.

Kathy: Gen de vèsè m renmen: Matye 10:29 ak 31. Nan vèsè sa yo, Jezi te di pa menm gen yon tikit k ap mouri san Jewova Dye pa konnen. Apre sa, li ajoute: “Se sa k fè nou pa bezwen pè, nou gen plis valè pase yon bann tikit.” Pou jis kounye a vèsè sa yo fè m sonje m gen valè pou Jewova.

Lorena: Mwen renmen pasaj nan Ezayi 41:9, 10 la, kote Jewova di pèp li a “Mwen pa voye w jete. Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. [...] M ap ba w fòs.” Lè m panse ak yon bagay yo bay fòs, mwen wè yon bagay ki vin pi solid, ki pa ka kraze e ki menm jan ak mi wòch ki nan fòtrès yo. Vèsè sa a fè m santi m gen fòs paske m konnen Jewova renmen m e l ap toujou la bò kote m.

Kesyon pou w reflechi

  • Lè w santi w pare pou w chèche èd, ak kiyès ou ka konfye w?

  • Ki sa w ka di Jewova Dye sou sijè sa a lè w ap priye l?

  • Èske w ka site de mwayen (san w pa fè tèt ou mal) ou ka itilize pou w retire strès ak enkyetid ou genyen yo?

Kanè vèsè m yo

Konsèy: Lè w jwenn yon pasaj nan Bib la ki konvenk ou Jewova renmen w oswa ki kapab ede w vin gen yon pwennvi ekilibre sou tèt ou ak sou erè w fè yo, ekri vèsè sa a nan yon kanè. Ekri youn oswa de fraz pou w di rezon ki fè vèsè sa a enpòtan pou ou. Pou ede w kòmanse, men kèk vèsè ki te ede Diana, Kathy ak Lorena.

  • Women 8:38, 39

    “Vèsè sa yo montre m Jewova renmen m menm lè m santi bagay yo ka vin pi mal.” — Diana.

  • Sòm 73:23

    “Yon vèsè konsa ban m asirans mwen pa poukont mwen. Se kòmsi Jewova te la toupre m.” — Kathy.

  • 1 Pyè 5:10

    “Soulajman an ka pa vin tousuit; nou gendwa soufri ‘pou yon ti tan’. Men, alafen, Jewova ka fè n vin gen ase fòs pou n andire nenpòt bagay.” — Lorena.

Kèk lòt vèsè pou w konsidere

  • Sòm 34:18

  • Sòm 54:4

  • Sòm 55:22

  • Ezayi 57:15

  • Matye 11:28, 29

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje