BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 5
  • Ki sa pou m fè si paran m ap divòse?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pou m fè si paran m ap divòse?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Twa bagay pou w pa fè
  • Twa bagay ou ka fè
  • Poukisa manman m ak papa m separe?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki sa pou m fè si paran m nan gwo diskisyon?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 5
Yon tigason ki adolesan k ap gade byen lwen pandan paran l ap fè diskisyon.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa pou m fè si paran m ap divòse?

Youn nan sitiyasyon ki pi difisil pou yon jèn se lè paran l deside divòse. Ki sa ki ka ede w sipòte tristès ou santi?

Nan atik sa a

  • Twa bagay pou w pa fè

  • Twa bagay ou ka fè

  • Sa lòt jèn di

Twa bagay pou w pa fè

1. Santi w responsab

“Yon lè, manman m te di m tout pwoblèm li menm ak papa m te genyen te kòmanse lè m te fèt, se sa k fè mwen te panse se mwen ki te lakòz maryaj yo kraze.” — Diana.

Sonje sa: Se pa fòt pa w si paran w ap divòse. Y ap divòse paske yo gen pwoblèm nan maryaj yo. Se pa ou menm ki fè yo gen pwoblèm e w pa ka rezoud pwoblèm yo genyen yo. Se yo menm ki responsab pou rezoud pwoblèm yo vin genyen nan maryaj yo.

“Chak moun ap pote pwòp chay pa l.” — Galat 6:5.

2. Pa kenbe yo nan kè

“M fache anpil ak papa m poutèt li pa t fidèl ak manman m. L ap vrèman difisil pou m fè l konfyans ankò.” — Rianna.

Sonje sa: Petèt ou gen bonjan rezon pou w fache e pou w fristre akoz pwoblèm paran w. Men, li pa bon pou sante w lè w kenbe yo nan kè. Sa ka ba w pwoblèm ni fizikman ni nan domèn afektif. Se sa k fè gen moun ki di, lè w kenbe moun nan kè se tankou w ap pran pwazon epi w ap tann pou se lòt moun nan ki soufri.a

“Pinga w fè kòlè, pinga w move.” — Sòm 37:8.

3. Pa panse maryaj pa w pap reyisi

“Mwen pè pou m pa fè menm bagay ak papa m. M panse si m marye e m fè pitit, m ap fè menm erè paran m te fè yo e m ap divòse tou.” — Jessica.

Sonje sa: Se pa paske maryaj paran w pa t reyisi ki fè maryaj pa w pap reyisi tou. An reyalite, gen anpil leson ou ka aprann nan eksperyans paran w. Pa egzanp, ou ka pi byen konnen ki kalite ou ta renmen jwenn lakay yon moun ou vle marye avè l. Lefètke maryaj paran w te echwe, sa ka ede w vin gen kalite k ap fè w vin yon pi bon mari oswa yon pi bon madanm.

“Se pou chak moun egzamine sa l fè.” — Galat 6:4.

Yon tigason ki adolesan ki gen yon plat nan pye l, ki chita sou yon kanape e k ap sèvi ak yon laptòp.

Menm jan lè w gen yon zo ki kase, ou soufri e li pran tan pou l geri, se konsa tou lè paran w divòse, ou soufri men tikras pa tikras ou ta dwe rive geri.

Twa bagay ou ka fè

1. Kominike. Souvan, moun ki pa pale de santiman negatif yo genyen vin gen move abitid tankou bwè twòp alkòl oswa pran dwòg. Olye ou fè sa, petèt ou ka:

Pale ansanm ak paran w. Si youn oubyen toude nan paran w yo ap pale twòp de pwoblèm pa yo avè w, se pou w rete kalm e byen esplike yo ki move efè sa gen sou ou. Si sa difisil pou w pale avèk yo, petèt ou ka ekri yon lèt pou w esplike yo sa.

Yon jèn fi k ap ekri yon lèt.

Pale ak yon zanmi w fè konfyans. Si w gen yon moun ki ka koute w, sa ka ede w anpil. Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

Pale ak Kreyatè a. Jewova Dye, Sila a “ki tande lapriyè”, toujou pare pou l tande w (Sòm 65:2). Bib la di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

  • Ak kiyès nan paran w yo ou ka pale yon fason ki kalm?

  • Ki zanmi (yon lòt jèn oswa yon granmoun) ou ka fè konfyans pou l ede w andire sitiyasyon an?

  • Sou ki bagay byen presi ou ka priye?

Yon anpoul.

Men yon ide: Chak jou, ekri ki jan w santi w. Lè Raquel te gen 12 an, paran l yo te divòse. Li fè konnen: “Kounye a, petèt panse w yo pa fè sans, men piske w gentan ekri yo, pi devan ou ka wè pwogrè ou fè. M te santi m pi byen paske m te fè sa.”

2. Lè gen chanjman, adapte w

Piske paran w divòse, petèt ou oblije adapte w ak yon nouvo kay, yon nouvo sitiyasyon ekonomik oubyen nouvo zanmi. Nou ka konprann sa fè w dekouraje e sa fè w strese. Ou ka santi lavi w chanje nèt. Ki sa w ka fè pou chanjman an pi fasil? Fè efò pou w konsantre sou fason ou ka adapte w ak nouvo sitiyasyon an.

  • Ki pi gwo chanjman ou deja fè depi paran w divòse?

  • Ki sa w ka fè pou w adapte w ak chanjman sa?

“Mwen aprann kontante m nan kèlkeswa sitiyasyon m ye.” — Filipyen 4:11.

Yon anpoul.

Men yon ide: Byen repoze w, byen manje e pran tan pou w fè spò. Bon sante ka ede w gen plis fòs pou w andire sitiyasyon an. Konsa, w ap kapab pi byen jere strès ak lòt chanjman nan lavi w.

3. Rekonèt bèl kalite w genyen yo

Se vre, lefètke paran w divòse, sa ka fè w santi w gen anpil tètchaje men, anmenmtan sa ka ede w wè bèl kalite ou gen lakay ou. Ou ka menm vin gen nouvo kalite. Lè Jeremy te gen 13 an, paran l te divòse. Li fè konnen: “Lè paran m te divòse, m te oblije gen plis responsablite. Piske se mwen menm ki te pi gran, m te bezwen ede manman m plis epi, voye je sou ti frè m nan.”

Yon jèn fi k ap ede ti sè l fè devwa l pandan manman yo ap prepare manje nan kizin nan.

Lefètke paran w divòse, sa ka ankouraje w vin yon moun ki pi responsab.

  • Akoz sitiyasyon paran w, ki kalite w wè w vin devlope?

  • Ki kalite w ta renmen genyen?

“Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil [...] pou fè bagay yo vin dwat.” — 2 Timote 3:16.

Yon anpoul.

Men yon ide: Li yon pati nan Bib la chak jou. Prensip ki nan Bib la ka ede w gen kalite ou bezwen pou w jere sitiyasyon nan lavi w ki difisil tankou lè paran w divòse.

a Pou w ka aprann plis, gade atik: “Ki jan m ka kontwole kòlè m?”

Sa lòt jèn di

“Lè paran m te fèk divòse, m pa t fin konprann sa k t ap pase. Apre sa lè m te kòmanse nan laj adolesan, mwen te kenbe yo nan kè. Se kounye a, a 18 an, mwen resi ka konprann sa k pase a, mwen ka kontinye viv san m pa konsantre sou sa ankò.” — Elena.

“Paran m te divòse lè m te gen setan. Lè m te gen 21 an, mwen te di papa m mwen ta renmen nou pale sou tout sa k te pase yo. Pandan anviwon dezèdtan, nou te pale sou tout sa ki te lakòz li menm ak manman m divòse e ki efè sa te gen sou mwen. M pa renmen lefètke paran m divòse men, mwen renmen papa m e kounye a m konprann li. Ti pale nou te fè a te ede m anpil, kounye m santi m anpè.” — Katelyn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje