Jan
4 Kounye a, lè Seyè a vin konnen Farizyen yo te tande li te fè plis disip pase Jan e li t ap batize plis moun pase l 2 (an reyalite, se pa Jezi li menm ki t ap batize moun, men se disip li yo ki t ap fè sa), 3 li kite Jide pou l tounen Galile. 4 Men, li te oblije pase pa Samari. 5 Se konsa, li vin rive nan yon vil nan Samari ki rele Sicha, ki toupre teren Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. 6 Anfèt, se la pi Jakòb la te ye. E, kòm vwayaj la te fè Jezi fatige, li chita arebò pi a. Lè sa a, li te anviwon sizyèm èdtan* nan jounen an.
7 Gen yon dam, moun Samari, ki vin tire dlo. Jezi di l: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.” 8 (Disip li yo te al nan vil la pou y al achte bagay pou yo manje.) 9 Lè sa a, Samaritèn nan di l: “Kòman fè ou menm ki Juif, ou mande m dlo pou w bwè, alòske mwen se yon Samaritèn?” (Paske, Juif yo pa gen rapò ak Samariten yo.) 10 Jezi reponn li, li di l: “Si w te konnen kado Bondye bay la, e si w te konnen ki moun sa a ki di w: ‘Ban m yon ti dlo pou m bwè’ a, se ou menm ki ta mande l dlo, e li ta ba w dlo lavi a.” 11 Dam nan di l: “Mesye, ou pa menm gen yon veso pou w tire dlo, e pi a fon. Kote w jwenn dlo lavi sa a? 12 Pi sa a se Jakòb, zansèt nou an, ki te ban nou l e ki te konn bwè ladan l ak tout pitit li yo ak tout bèt li yo. Èske w pi enpòtan pase Jakòb?” 13 Jezi reponn li, li di l: “Tout moun ki bwè dlo sa a ap swaf ankò. 14 Men, moun ki bwè dlo m ap ba li a pa gendwa janm swaf ankò, okontrè, dlo m ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li, yon sous dlo k ap ponpe pou l bay lavi ki pap janm fini an.” 15 Dam nan di l: “Mesye, ban m dlo sa a non, dekwa pou m pa swaf, e pou m sispann vin tire dlo la a.”
16 Li di dam nan: “Al rele mari w, epi tounen vin la a.” 17 Dam nan reponn li, li di l: “M pa gen mari.” Jezi di l: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18 Paske, ou pase senk mari, e moun w avè l kounye a, se pa mari w li ye. Sa w di a se laverite.” 19 Dam nan di l: “Mesye, mwen wè w se yon pwofèt. 20 Zansèt nou yo te konn adore sou mòn sa a. Men NOU menm, NOU di se Jerizalèm moun dwe al adore.” 21 Jezi di l: “Ou mèt kwè m madanm, lè a ap rive kote se pa ni sou mòn sa a, ni Jerizalèm NOU pral adore Papa a. 22 N ap adore sa NOU pa konnen, men nou menm, n ap adore sa nou konnen, paske delivrans lan se nan Juif yo l soti. 23 Sepandan, lè a rive kounye a kote vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l. 24 Bondye se yon Espri, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite.” 25 Dam nan di l: “Mwen konnen Mesi a ap vini, li menm yo rele Kris la. Kèlkeswa lè l vini an, l ap di nou tout bagay aklè.” 26 Jezi di l: “Se li menm k ap pale avè w la a.”
27 Se nan moman sa a disip yo rive, e yo sezi poutèt li t ap pale avèk yon fi. Natirèlman, pa gen youn nan yo ki di: “Ki sa w bezwen?” oswa: “Poukisa w ap pale avèk fi sa a?” 28 Lè sa a, dam nan kite ja dlo l la, l al nan vil la e li di moun yo: 29 “Vini, vin wè yon mesye ki di m tout sa m fè. Èske se pa ta li menm ki Kris la?” 30 Yo kite vil la e yo vin jwenn Jezi.
31 Pandan tan sa a, disip yo t ap plede di l: “Anseyan*, manje non.” 32 Men, li di yo: “Mwen gen yon manje pou m manje, e manje sa a, NOU pa konnen l.” 33 Lè sa a, disip yo di youn lòt: “Pèsonn pa t pot anyen ba l pou l manje, pa vre?” 34 Jezi di yo: “Manje pa m se fè volonte sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a. 35 Èske NOU pa di rete kat mwa anvan rekòt la fèt? Gade! M ap di NOU sa: Leve je NOU gade jaden yo, yo pare pou rekòt la. Depi kounye a, 36 y ap peye moun k ap rekòlte a sa yo dwe peye l, e l ap ranmase fwi pou lavi ki pap janm fini an, dekwa pou moun k ap simen an ka rejwi ansanm ak moun k ap rekòlte a. 37 Wi, nan sans sa a, sa pawòl la di a se verite: Yon moun ap simen e yon lòt ap rekòlte. 38 Mwen voye NOU rekòlte sa NOU pa t travay pou li. Lòt moun te travay di, e se NOU menm ki benefisye travay yo a.”
39 Kounye a, anpil Samariten nan vil sa a te met lafwa nan li poutèt temwayaj dam nan te bay lè l te di: “Li di m tout sa m fè.” 40 Se sa k fè, lè Samariten yo vin jwenn li, yo mande l pou l rete avèk yo, e li rete la pandan de jou. 41 Kòm rezilta, plis moun toujou te vin kwè nan sa li di, 42 e yo di dam nan: “Se pa sa w te di nou an sèlman ki fè nou kwè kounye a, paske nou tande ak zòrèy nou, e nou konnen mesye sa a se sovè monn nan l ye toutbon.”
43 Apre de jou sa yo, Jezi pati l al Galile. 44 Sepandan, se li menm ki te fè konnen yon pwofèt pa jwenn onè nan pwòp peyi l. 45 Men, lè l rive Galile, kòm moun Galile yo te wè tout bagay li te fè Jerizalèm lè fèt Pak la, paske yo menm tou yo t al nan fèt la, yo akeyi l.
46 Konsa, yon lòt fwa ankò, li rive Kana nan Galile, kote l te fè dlo tounen diven an. Epi, te gen youn nan sèvitè wa a ki te gen pitit gason l malad Kapènawòm. 47 Lè mesye sa a tande Jezi soti Jide e li rive Galile, l al jwenn li e li mande l pou l desann vin geri pitit gason l lan, paske pitit la te prèt pou l mouri. 48 Men, Jezi di l: “NOU menm menm, toutotan NOU pa wè siy ak bagay ki estrawòdinè, NOU pa gendwa kwè.” 49 Sèvitè wa a di l: “Seyè, desann avè m anvan pitit mwen an mouri.” 50 Jezi di l: “Ou mèt ale, pitit gason w lan refè.” Mesye a kwè pawòl Jezi di l la l ale. 51 Men, pandan l sou wout pou l desann lakay li, esklav li yo vin rankontre l pou yo di l pitit gason l lan refè. 52 Lè sa a, li mande yo a ki lè pitit la te refè. Yo di l: “Lafyèv la tonbe yè, nan setyèm èdtan* nan jounen an.” 53 Papa a vin rann li kont se te lè sa a menm Jezi te di l: “Pitit gason w lan refè.” Konsa, li menm ak tout moun lakay li vin kwè. 54 Sa a se dezyèm mirak Jezi te fè lè l te sot Jide l al Galile.