Jezi: Se kle pou lavi nou gen sans
ÈSKE Jezi te gen yon lavi ki gen sans vre? Li klè, Jezi te leve nan yon fanmi ki pa t gen gwo mwayen, e pandan tout vi l li pa t gen anpil byen. Anfèt, li pa t “gen kote pou l poze tèt li”. (Lik 9:57, 58.) Anplis de sa, yo te rayi l, yo te fè manti sou li, e finalman ènmi l yo te touye l.
Ou kapab di tèt ou: ‘Mwen pa panse yon lavi konsa se yon lavi ki gen sans!’ Men tann, gen anpil lòt bagay ankò ki te pase nan lavi Jezi ki t ap bon pou n egzamine. Ann egzamine kat aspè nan lavi Jezi.
1. JEZI TE GEN YON OBJEKTIF NAN LAVI L: FÈ VOLONTE BONDYE.
“Manje pa m se fè volonte sila a ki voye m nan.” — Jan 4:34.
Jezi te toujou chèche fè volonte Jewovaa, Papa l ki nan syèl la, ni nan pawòl li ni nan aksyon l. Jezi te pran plezi fè volonte Bondye. Anfèt, li te konpare fè volonte Bondye ak manje, jan vèsè ki pi wo a montre sa. Ann egzamine nan ki kontèks li te di pawòl sa a.
Lè Jezi te di pawòl sa yo, li te anviwon midi (Jan 4:6). Kòm li te fè tout maten an ap mache nan zòn Samari ki gen anpil ti mòn, sandout li te vin grangou. Se sa k fè disip li yo te ankouraje l manje. Men sa yo te di l: “Anseyan, manje non.” (Jan 4:31). Nan repons Jezi te ba yo a, li te fè yo konnen lè l fè travay Bondye li santi l anfòm e li santi l jwenn fòs. Èske pawòl sa yo se pa pawòl yon moun lavi l gen sans?
2. JEZI TE RENMEN PAPA L ANPIL.
“Mwen renmen Papa a.” — Jan 14:31.
Jezi te gen yon relasyon sere sere ak Papa l ki nan syèl la. Gwo lanmou Jezi genyen pou Bondye te pouse l fè moun konnen kiyès Papa l ye: non Papa l, objektif Li yo ak kalite L yo. Jezi te reflete pèsonalite Papa l yon fason pafè nan pawòl li, aksyon l ak fason l te wè bagay yo. Lè nou egzamine lavi Jezi, se kòmsi nou wè sa Papa a ta fè. Se sa k fè, lè Filip te di Jezi “montre nou Papa a”, men sa Jezi te reponn: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” — Jan 14:8, 9.
Lefètke Jezi te renmen Papa l anpil, li te dispoze obeyi l jis li mouri (Filipyen 2:7, 8; 1 Jan 5:3). Gwo lanmou sa a Jezi te gen pou Bondye te bay lavi l sans.
3. JEZI TE RENMEN MOUN.
“Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l.” — Jan 15:13.
Lavi nou gen devan nou antanke moun enpafè pa bèl ditou. Men sa Bib la fè nou konnen: “Akoz yon sèl moun [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” (Women 5:12). Nou pa ka chape poukont nou anba konsekans peche, ki se lanmò. — Women 6:23.
Ala kontan nou kontan dèske Jewova te pote yon solisyon pou pwoblèm lèzòm! Konsa, Jewova montre li renmen nou. Bondye te kite Pitit Gason l lan, pitit yo te vin konnen sou non Jezi, ki pafè, ki san peche soufri epi mouri pou nou. Konsa, Jewova te bay ranson limanite te bezwen pou yo libere anba esklavaj peche ak lanmò. Lanmou Jezi gen pou Papa l ak pou lèzòm te pouse l aksepte ak tout kè l pou l te bay lavi pafè li a pou nou (Women 5:6-8). Gwo lanmou sa a Jezi te demontre a te bay lavi l sansb.
4. JEZI TE KONNEN PAPA L RENMEN L E LI GEN APWOBASYON PAPA L.
“Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen apwouve a.” — Matye 3:17.
Jewova te di pawòl sa yo detan l nan syèl la lè Jezi t ap batize. Lè sa a, Jewova te di aklè li renmen Jezi, Pitit Gason l lan, e li apwouve l. Se avèk rezon Jezi te di byen klè: “Papa a renmen m.” (Jan 10:17). Lefètke Jezi te konnen Papa l renmen l e li apwouve l, li te gen kouraj pou l andire opozisyon ak kritik. Lanmou ak apwobasyon Papa l te menm ede l andire jis li mouri (Jan 10:18). Pa gen dout nan sa, lefètke Jezi te konnen Papa a renmen l e li apwouve l, sa te bay lavi l plis sans toujou.
Se sèten, Jezi te gen yon lavi ki gen sans. Li klè, lè nou egzamine lavi Jezi, nou ka aprann anpil bagay sou fason pou nou gen yon lavi ki gen sans vre. Atik ki vin apre a ap egzamine kèk nan bonjan konsèy Jezi te bay disip li yo sou fason pou yo mennen lavi yo.
a Jan Labib fè konn sa, Jewova se non Bondye.
b Pou nou jwenn plis enfòmasyon konsènan valè ranson an genyen, ranson lanmò Jezi te peye a, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.