1 Korentyen
4 Se poutèt sa, se pou moun konsidere nou antanke sèvitè k ap travay anba direksyon Kris, e antanke entandan k ap jere sekrè sakre Bondye yo. 2 Dayè, sa y ap chèche lakay yon entandan, se pou yo jwenn li fidèl. 3 Pou mwen, sa pa gen enpòtans si NOU jije m oswa si lèzòm jije m nan tribinal yo. Menm mwen menm, mwen pa jije tèt mwen. 4 Paske, konsyans mwen pa repwoche m anyen. Epoutan, sa pa fè mwen jis pou sa. Moun k ap jije m nan se Jewova. 5 Se sa k fè, pinga NOU jije anyen anvan tan ki fikse a, jiskaske Seyè a vini. Se li menm ki pral fè limyè klere sou bagay sekrè k ap fèt nan fènwa yo, e ki pral fè sa moun yo deside nan kè yo parèt klè, e konsa, chak moun pral jwenn louwanj pa l nan men Bondye.
6 Kounye a, frè m yo, mwen pran mwen menm ak Apolòs kòm egzanp pou byen NOU pou m di NOU bagay sa yo, dekwa pou egzanp nou an ka aprann NOU règ sa a ki di: “Pa ale pi lwen pase sa ki ekri”, yon fason pou NOU pa gonfle ak ògèy, e pou pa gen patipri nan mitan NOU. 7 Paske, ki sa k fè w pa menm ak yon lòt moun? Wi, ki sa w genyen se pa resevwa w te resevwa l? Ebyen, si vrèman sa w genyen an se resevwa w te resevwa l, poukisa w ap vante tèt ou kòmsi se pa resevwa w te resevwa l?
8 NOU genlè deja gen tout sa NOU bezwen? NOU genlè deja rich? NOU genlè kòmanse dirije antanke wa san nou? An reyalite, mwen ta renmen NOU kòmanse dirije antanke wa, konsa, nou menm tou, nou ta dirije antanke wa avèk NOU. 9 Paske, selon mwen menm, sanble Bondye prezante nou menm apot yo an dènye kòm moun ki kondane pou yo mouri, paske nou vin tounen yon pyès teyat devan ni monn nan, ni zanj yo, ni lèzòm. 10 Yo pran nou pou moun sòt poutèt Kris, men NOU menm, NOU konsidere tèt NOU kòm moun ki prevwayan ann inyon avèk Kris. Nou fèb, men NOU menm, NOU pisan. NOU gen bon repitasyon, men nou menm, nou nan dezonè. 11 Jis kounye a, nou nan grangou, nou swaf, nou touni, yo kontinye ap maltrete nou, nou pa gen kote pou n rete, 12 e n ap travay di ak pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè yo pèsekite nou, nou andire avèk pasyans. 13 Lè yo pale nou mal, nou reponn avèk dousè. Nou vin tankou fatra monn nan, tankou rejè tout bagay, jis kounye a.
14 Se pa pou m fè NOU wont m ap ekri bagay sa yo, men, mwen fè sa pou m konseye NOU tankou pitit mwen renmen anpil. 15 Paske, menmsi NOU ta gen 10 000 moun k ap veye sou NOU nan Kris, se sèten NOU pa gen anpil papa, paske se mwen menm ki vin papa NOU nan Kris Jezi grasa bon nouvèl la. 16 Se sa k fè, m ap sipliye NOU pou NOU imite m. 17 Se poutèt sa, m ap voye Timote ban NOU, piske l se pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl. E l ap fè NOU sonje metòd mwen yo anrapò ak Kris Jezi, metòd m ap anseye toupatou nan chak kongregasyon.
18 Gen moun ògèy yo tèlman wo, yo fè kòmsi mwen pap vin lakay NOU toutbon. 19 Men, si se volonte Jewova, mwen pap pran anpil tan pou m vin kote NOU, e lè sa a, mwen pap chèche konn pawòl k ap sot nan bouch moun ki gonfle ak ògèy yo, men, m ap chèche konn pisans yo. 20 Paske, wayòm Bondye a pa chita sou pawòl, men li chita sou pisans. 21 Ki sa NOU prefere? Èske se pou m vin lakay NOU ak yon baton, oswa ak lanmou ansanm ak dousè?