Nou vin tounen yon “ sèn teyat ” !
1 Men sa apot Pòl te ekri : “ Nou vin tounen yon sèn teyat devan ni monn nan, ni zanj yo, ni lèzòm. ” (1 Kor. 4:9). Ki sa sa vle di, epi nan ki sans sa konsène ministè nou jodi a ?
2 Pou yon Korentyen, pawòl “ yon sèn teyat ” la raple l dènye pati nan konpetisyon gladyatè women yo te konn fè (gladyatè yo se mesye ki te konn ap batay nan teyat pou yo amize pèp la). Se nan okazyon sa yo, yo te konn fè moun yo kondane yo defile devan dè milye espektatè, anvan yo touye yo san pitye. Menm jan an tou, bonkou espektatè, moun kou zanj, t ap founi je gade kretyen nan premye syèk yo ki t ap soufri akòz yo t ap bay temwayaj sou Wayòm nan (Ebre 10:32, 33). Piske yo t ap kontinye mache nan chemen fidelite a, sa te touche anpil obsèvatè. E se menm jan an tou andirans nou touche kèk moun jodi a. Men pou ki moun konsa nou vin tounen yon espektak ?
3 Pou monn nan, pou lèzòm : Pafwa, jounal, radyo oswa televizyon konn pale de aktivite Temwen Jewova yo. Alòske nou rekonesan pou bon temwayaj yo rann sou travay nou an, temwayaj ki kòrèk e ki egzak, de tanzantan, nou atann nou n ap jwenn kèk move temwayaj moun k ap pale nou mal yo ap simaye. Epoutan, nou dwe kontinye rekòmande tèt nou kòm minis Bondye “ nan mitan move temwayaj ak bon temwayaj ”. (2 Kor. 6:4, 8.) Pou obsèvatè onèt yo, sa parèt aklè nou se vrè disip Jezi Kris.
4 Pou zanj yo : Kreyati espirityèl yo tou ap obsève nou. Dyab la ak demon l yo ap veye, men yo gen yon “ gran firè ”, y ap chèche pou yo bloke ‘ travay bay temwayaj pou Jezi a ’. (Rev. 12:9, 12, 17.) Zanj fidèl Bondye yo ap suiv e yo kontan lè yo wè menm yon sèl pechè ki repanti (Lik 15:10). Sa ban nou fòs lè nou pran konsyans zanj yo ap gade ministè nou an kòm travay ki pi ijan, ki pi pwofitab sou tè a jodi a ! — Rev. 14:6, 7.
5 Lè nou rankontre opozisyon oswa lè nou panse travay predikasyon nou an pa bay bon rezilta, se pou nou sonje se tout linivè k ap obsève nou. Lè nou andire tennfas, se demontre n ap demontre fidelite nou. L ap posib pou ‘ bèl konba w ap mennen pou lafwa ’ a pèmèt ou ‘ kenbe lavi etènèl la fèm ’. — 1 Tim. 6:12.