2 Korentyen
1 Mwen menm Pòl, yon apot Kris Jezi grasa volonte Bondye, ansanm ak Timote, frè nou an, m ap ekri kongregasyon Bondye ki nan vil Korent lan, ansanm ak tout moun ki sen ki nan tout zòn Akayi yo:
2 Mwen swete pou NOU gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.
3 Benediksyon pou Sila a ki Bondye Seyè nou an Jezi Kris, e ki Papa li, Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an, 4 ki konsole nou nan tout tribilasyon nou, yon fason pou nou ka konsole moun ki nan tout kalite tribilasyon grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye. 5 Paske, menm jan n ap sibi anpil soufrans pou Kris, se konsa tou nou jwenn anpil konsolasyon grasa Kris. 6 Donk, si nou nan tribilasyon, se pou NOU ka jwenn konsolasyon ak delivrans, e si nou jwenn konsolasyon, se pou NOU menm NOU ka jwenn yon konsolasyon k ap ede NOU andire menm soufrans n ap sibi yo. 7 Konsa, espwa nou gen pou NOU an rete fèm, piske nou konnen, menm jan NOU pataje soufrans yo, se konsa tou NOU pral pataje konsolasyon an.
8 Paske, frè m yo, nou pa ta renmen NOU pa okouran tribilasyon nou te sibi nan distri Azi* a. Sa te rèd pou nou anpil, jiskaske nou pa t ka sipòte ankò, e nou pa t gen espwa n ap soti vivan. 9 Wi, nou te gen konviksyon nou te resevwa santans lanmò. Sa te rive dekwa pou nou mete konfyans nou nan Bondye, li menm ki fè moun mouri leve, men pou nou pa mete konfyans nou nan pwòp tèt nou. 10 Li te sove nou anba yon gwo danje ki te ka menm mennen nou nan lanmò, e l ap kontinye sove nou. Nou gen espwa l ap kontinye fè sa. 11 NOU menm tou, NOU ka pote èd pa NOU lè NOU sipliye Bondye pou nou, dekwa pou anpil moun ka remèsye Bondye pou nou poutèt favè li fè nou, paske anpil nan NOU te priye l.
12 Paske, men bagay ki ban nou fyète a, e n ap di l ak yon konsyans ki klè: nan monn nan, e sitou nan mitan NOU, nou te konpòte nou yon fason ki sen e avèk yon senserite ki soti nan Bondye, e nou pa t konte sou sajès monn nan, men nou te konte sou favè san parèy Bondye a. 13 Paske vrèmanvre, tout sa n ap ekri NOU yo, se bagay NOU byen konnen, e se bagay NOU aksepte tou. Mwen espere N ap kontinye aksepte yo jiska lafen, 14 menm jan nan yon sans NOU deja aksepte pou nou fè NOU fyè, se konsa nou menm tou N ap fè nou fyè nan jou Seyè nou an, Jezi.
15 Konsa, se avèk konfyans sa a mwen te gen entansyon vin jwenn NOU anvan sa, pou NOU te ka gen kè kontan yon dezyèm fwa. 16 Mwen te gen entansyon al Masedwàn tou apre m fin fè yon ti rete lakay NOU, e apre, pou m retounen lakay NOU lè m sot Masedwàn, e apre sa, pou NOU ka kondui m mete m nan wout pou m al Jide. 17 Bon, lè m te gen entansyon fè sa a, èske m te pran sa alalejè? Oswa, sa m te gen entansyon fè yo, èske se te selon prensip monn nan mwen te gen entansyon fè yo, kòmkwa pou m ta fin di “Wi, san mank”, epi apre, pou m ta di “Non, jamè”? 18 Men, menm jan nou ka fè Bondye konfyans, se konsa tou, pawòl mwen te di NOU yo se pa Wi ki tounen Non. 19 Paske, Pitit Bondye a, Kris Jezi, li menm mwen menm ak Silven ak Timote te preche NOU an, pa t Wi, apre sa l vin Non. Men, nan ka pa l, Wi se Wi. 20 Paske, kèlkeswa kantite pwomès Bondye fè, yo vin tounen Wi grasa li. Kidonk, se grasa li tou nou di “Amèn” pou nou bay Bondye glwa. 21 Men, sila a ki bay garanti NOU menm avèk nou se pou Kris nou ye a, sila a ki chwazi nou an, se Bondye. 22 Epitou, li mete so l sou nou, li mete lespri a nan kè nou kòm garanti sou sa ki gen pou vini an.
23 Kounye a, mwen pran Bondye kòm temwen kont pwòp tèt mwen: se pou m ka menaje NOU ki fè m poko vin Korent. 24 Sa pa vle di n ap domine sou lafwa NOU, men nou se konpayon travay NOU pou NOU ka gen lajwa, paske se lafwa NOU ki fè NOU kanpe.