1 Timote
1 Mwen menm Pòl, yon apot Kris Jezi, sou lòd Bondye, Sovè nou an, e sou lòd Kris Jezi, espwa nou an, 2 m ap ekri w, Timote, bonjan pitit mwen nan lafwa:
Mwen swete pou w gen favè san parèy, mizèrikòd ak lapè, ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Kris Jezi, Seyè nou an.
3 Menm jan lè m te prèt pou m al Masedwàn mwen te ankouraje w ret Efèz, m ap mande w menm bagay la kounye a, yon fason pou w ka bay kèk moun enstriksyon pou yo pa anseye yon lòt doktrin, 4 ni pou yo pa okipe lejann ak rechèch k ap fèt sou lis non zansèt. Bagay sa yo pa itil anyen, men pito yo soulve kesyon pou moun fè rechèch olye pou yo transmèt yon bagay ki soti nan Bondye, yon bagay ki gen rapò ak lafwa. 5 Vrèmanvre, objektif enstriksyon sa a se pou nou ka gen yon lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki klè ak nan yon lafwa ki san ipokrizi. 6 Gen kèk moun ki kite bagay sa yo, y al antre kò yo nan pawòl san sans. 7 Yo vle anseye lalwa, men yo pa konprann ni sa y ap di, ni sa y ap fè deklarasyon fèm sou yo.
8 Nou konnen Lalwa se yon bon bagay, depi yon moun suiv li jan l dwe fè sa. 9 Paske, men sa nou konnen: yo pa fè lwa pou moun ki jis, men yo fè l pou moun ki san lwa e ki rebèl, pou moun ki pa gen respè pou Bondye e k ap pratike peche, pou moun ki pa fidèl, pou moun ki pa respekte bagay ki sakre, pou moun k ap touye papa yo, pou moun k ap touye manman yo, pou moun k ap touye moun, 10 pou moun k ap fè fònikasyon*, pou gason k ap kouche ak gason, pou kidnapè, pou mantè, pou moun ki pa respekte sèman yo fè, e pou moun k ap fè tout lòt bagay ki opoze ak ansèyman ki pwofitab la, 11 ansèyman ki ann amoni ak bon nouvèl glorye Bondye ki gen kè kontan an te konfye m nan.
12 Mwen gen Kris Jezi, Seyè nou an, rekonesans, li menm ki ban m pisans, paske li chwazi m pou sèvis li poutèt li wè m fidèl, 13 byenke lontan mwen te yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan. Sepandan, yo fè m mizèrikòd, paske mwen te nan inyorans e mwen t ap aji san lafwa. 14 Men, mwen resevwa favè san parèy Seyè nou an, favè ki te vin anpil, e mwen resevwa lafwa ak lanmou pa mwayen Kris Jezi. 15 Men yon pawòl ki fidèl e ki merite pou nou aksepte l totalman: Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè, e pami moun sa yo, se mwen ki pi mal. 16 Sepandan, yo fè m mizèrikòd yon fason pou Kris Jezi te ka montre tout pasyans li pa mwayen mwen menm, moun ki pi mal la. Li fè m sèvi egzanp pou moun ki pral met lafwa yo nan li, pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an.
17 Se pou Wa letènite a, li menm ki pa ka mouri, ki envizib, li menm sèl ki Bondye, jwenn onè ak glwa pou toutan gen tan. Amèn.
18 Mwen ba w enstriksyon sa a, Timote, pitit mwen, selon sa ki te anonse sou ou davans, dekwa pou w ka kontinye mennen bèl konba a grasa bagay sa yo, 19 pou w toujou gen lafwa ak yon konsyans ki klè, yon seri bagay kèk moun rejte, e sa fè lafwa yo fè nofraj. 20 Imene ak Aleksann pami moun sa yo, e mwen lage yo bay Satan pou yo ka aprann pa blasfeme, grasa disiplin yo resevwa.