BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr19 no 3 p. 1
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
  • Soutit
  • 4-10 MAS
  • 11-17 MAS
  • 18-24 MAS
  • 25-31 MAS
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2019
mwbr19 no 3 p. 1

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

4-10 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | WOMEN 12-14

“Ki jan n ka demontre lanmou antanke kretyen?”

it-1-F 52

Afeksyon

Lanmou pou frè yo (an grèk, filadèlfya, literalman: “afeksyon pou yon frè”), se tout moun ki fè pati kongregasyon kretyen an ki dwe montre yo gen kalite lanmou sa a youn pou lòt (Wm 12:10; Eb 13:1; gade tou 1P 3:8). Kidonk, frè ak sè yo dwe pwòch youn ak lòt, relasyon yo genyen youn ak lòt la dwe solid epi li pa dwe frèt, menm jan sa ye nan yon fanmi. Menmsi frè ak sè yo abitye montre yo gen lanmou youn pou lòt, yo dwe fè sa pi plis toujou. — 1Te 4:9, 10.

Yo konn itilize mo grèk filostògos la ki vle di gen yon “gwo afeksyon” an, pou yo pale de moun ki pwòch anpil youn ak lòt. Byen souvan, yo konn sèvi ak yon pati nan mo sa a, ki se stègo, pou pale de afeksyon ki egziste lakay moun, pa egzanp, afeksyon ki genyen ant moun ki nan yon fanmi. Pòl te ankouraje kretyen yo pou yo chèche gen kalite sa a (Wm 12:10). Pòl te fè konnen tou, youn nan bagay ki t ap gen nan dènye jou yo se moun yo ki pa t ap “gen afeksyon pou moun parèy yo” (an grèk, astògoyi), e moun sa yo merite lanmò. — 2Ti 3:3; Wm 1:31, 32.

11-17 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | WOMEN 15-16

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

w89-F 1/12 24 § 3

“Pou m ka teste si lanmou nou sensè”

Pa gen dout nan sa, frè ki te soti nan lòt nasyon yo te dwe santi yo nan obligasyon pou yo ede kretyen Jerizalèm yo nan moman difisil sa yo. Dayè, yo te gen yon “dèt” espesyal anvè kretyen Jerizalèm yo. Èske se pa t Jerizalèm yo te kòmanse preche moun ki pa t Juif yo bon nouvèl la? Se ak rezon Pòl te di: “Menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t’ jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo.” — Women 15:27, Bib la.

it-2-F 647 § 2

Konnen alavans, Chwazi alavans

Mesi a, oubyen Kris la, te dwe desandans yo te pwomèt ki t ap pèmèt tout moun ki jis ki soti nan tout nasyon jwenn benediksyon (Ga 3:8, 14). Premye fwa yo te pale de “desandans” sa a se te apre rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan, anvan menm Abèl te fèt (Jen 3:15). Sa te fèt anviwon 4 000 an anvan yo te revele “sekrè sakre” a, kote yo te montre aklè se Mesi a ki desandans lan. Donk, se sèten sekrè sa a “te rete kache pandan anpil anpil tan”. — Wm 16:25-27; Ef 1:8-10; 3:4-11.

18-24 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KORENTYEN 1-3

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 854 § 5

Sajès

Kidonk, monn nan, selon sajès pa l, konsidere dispozisyon Bondye pran pa mwayen Kris la kòm yon bagay moun sòt. Byenke dirijan nan monn nan gendwa yon seri administratè ki maton e ki gendwa gen talan, yo te menm “touye Seyè ki gen glwa a” (1Ko 1:18; 2:7, 8). Men, nan moman sa a, Bondye te montre aklè sajès moun ki saj yo ki nan monn nan se bagay moun sòt. Bondye te fè sa lè l te fè moun save sa yo wont. Li te itilize sa yo te konsidere kòm “bagay moun sòt lakay Bondye” a, sa ki gen ladan l moun yo konsidere kòm moun ‘ki sòt, ki fèb e ki pa gen valè yo’, pou l reyalize objektif li. Se yon objektif pèsonn pa ka anpeche l reyalize (1Ko 1:19-28). Pòl te fè Kretyen Korent yo sonje “sajès ki gen nan sistèm sa a [ak] sajès chèf ki nan sistèm sa a genyen” yo ap disparèt. Kidonk, sajès sa a pa t fè pati mesaj apot yo t ap preche a (1Ko 2:6, 13). Pòl te avèti kretyen nan vil Kolòs yo pou yo pa pran nan pyèj “filozofi [filozofyas, literalman: lanmou pou sajès] ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm”. — Kl 2:8; konpare ak vèsè 20-23.

25-31 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 KORENTYEN 4-6

“Yon tikras ledven fè tout pat la leve”

it-2-F 130

Ledven

Apot Pòl te itilize menm egzanp sa a pou l ankouraje frè nan kongregasyon Korent lan pou yo eskominye yon mesye k ap pratike imoralite nan kongregasyon an. Men sa Pòl te di: “Èske nou pa konnen yon tikras ledven fè tout pat la leve? Retire ledven ki rasi a, pou nou ka vin yon pat fre, piske anfèt, nou pa gen ledven nan nou. Paske, an reyalite, yo te sakrifye Kris, Ti Mouton fèt Pak nou an.” Apre sa, li te montre byen klè sans “ledven” an genyen. Li te ajoute: “Kidonk, se pa ak yon ledven ki rasi, ni ak ledven malveyans, ni ak ledven mechanste pou nou fete fèt la, men, annou fete l avèk pen ki pa gen ledven, pen senserite ak verite.” (1Ko 5:6-8). Nan kontèks sa a, Pòl t ap esplike sa fèt Pen san ledven Juif yo te konn fè a reprezante. Yo te konn selebre fèt sa a tousuit apre fèt Pak la. Menm jan yon tikras ledven fè tout pat la oswa pen an leve, se konsa tou kongregasyon an antanke yon sèl kò pa t ap pwòp nan je Jewova si yo pa t elimine move enfliyans konduit imoral mesye sa a te genyen an. Yo te dwe aji pou yo retire “ledven” an nan mitan yo, menm jan Izrayelit yo pa t dwe gen “ledven” lakay yo nan jou fèt la.

it-2-F 903-904

Satan

Ki sa ekspresyon “lage yon moun konsa bay Satan” an vle di?

Pandan apot Pòl t ap bay kongregasyon Korent lan enstriksyon konsènan sa yo dwe fè ak yon moun nan kongregasyon an ki te ak madanm papa l, li te ekri: “Lage yon moun konsa bay Satan pou nou elimine enfliyans lachè a.” (1Ko 5:5). Sa t ap mande pou yo retire mesye a nan kongregasyon an, pou yo pa kite okenn moun pran kontak avè l (1Ko 5:13). Lage l bay Satan t ap vle di retire l nan kongregasyon an e konsa, li t ap vin fè pati monn nan, yon monn Satan ap dirije e li se dye l. Tankou yon “tikras ledven” ki nan ‘yon pat’, mesye sa a reprezante “lachè” oswa enfliyans lachè ki nan kongregasyon an. Donk, lè kongregasyon an retire mesye sa a ki te gen move konduit nan mitan l, kongregasyon an ki kite lespri Bondye gide l t ap elimine “lachè a” nan mitan l (1Ko 5:6, 7). Se konsa tou, Pòl te lage Imene ak Aleksann bay Satan, paske yo te sispann gen lafwa ak yon konsyans ki klè, sa ki te vin lakòz lafwa yo fè nofraj. — 1Ti 1:20.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-2-F 150-151

Lwa

Lwa pou zanj yo. Menm si zanj yo gen plis fòs lontan pase lèzòm, yo menm tou yo dwe obeyi epi soumèt yo anba lwa ak kòmandman Jewova ba yo (Eb 1:7, 14; Sm 104:4). Jewova te menm bay Satan, advèsè l la, lòd ak entèdiksyon (Jb 1:12; 2:6). Menm Mikayèl, akanj lan, te montre li rekonèt epi respekte Jewova antanke Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e antanke pi gwo Jij la lè l te di Dyab la: “Se pou Jewova reprimande w.” (Jd 9; konpare ak Za 3:2). Jewova Dye mete tout zanj yo nèt anba otorite Jezi Kris detan Jezi Kris nan glwa li (Eb 1:6; 1P 3:22; Mt 13:41; 25:31; Fp 2:9-11). Se sa k fè, Jezi te bay yon zanj lòd pou l al pote yon mesaj bay Jan (Re 1:1). Sepandan, nan 1 Korentyen 6:3, apot Pòl pale de frè Kris yo Bondye chwazi pou jije zanj, paske yo gen pou yo patisipe nan egzekite jijman Bondye sou espri mechan yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje