Ebre
12 Kidonk, piske nou gen yon gwo nyaj temwen ki antoure nou konsa, nou menm tou, annou voye tout pwa lou jete ansanm ak peche k ap jennen nou fasil la. Epi annou kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans, 2 toutpandan n ap fikse je nou sou Jezi, Li menm k ap dirije lafwa nou, Li menm k ap fè lafwa nou vin pafè. Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li andire soufrans sou yon poto, li meprize lawont, epi li chita adwat twòn Bondye a. 3 Wi, reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire jan de pawòl sa yo pechè yo t ap di kont li, pawòl ki kont pwòp enterè yo, pou NOU pa fatige e pou NOU pa dekouraje.
4 Pandan N ap lite kont peche sa a, NOU poko janm reziste jis nan pwen pou san NOU koule. 5 Epitou, konsèy Bondye ban NOU antanke pitit li a, nou bliye l nèt. Men sa l di: “Pitit mwen, pa meprize disiplin Jewova ba w, epi pa dekouraje lè l korije w, 6 paske se moun Jewova renmen li disipline. Anfèt, li kale tout moun li akeyi kòm pitit li.”
7 NOU bezwen andirans, paske sa fè pati disiplin N ap resevwa a. Bondye aji avèk NOU antanke pitit li. Paske, ki pitit ki pa jwenn disiplin nan men papa l? 8 Men, si NOU pa jwenn disiplin nou tout resevwa a, an reyalite, NOU pa pitit lejitim, NOU pa bonjan pitit. 9 Anplis de sa, papa ki te konn disipline nou yo se moun yo te ye menm jan ak nou, e nou te konn respekte yo. Èske nou pap dispoze soumèt nou plis toujou devan Papa nou ki fè nou grasa lespri li a, pou nou ka viv? 10 Paske, yo menm, yo te konn disipline nou pou yon ti tan, selon sa ki te parèt bon nan je yo, men li menm, li fè sa pou byen nou, pou nou ka vin sen menm jan li menm li sen. 11 Se vre, pa gen okenn disiplin ki sanble bay kè kontan menm kote a. Sanble li bay lapenn pito. Sepandan, pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè.
12 Se poutèt sa, fòtifye men ki pandye yo ak jenou ki febli yo, 13 epi kontinye fè chemen yo dwat pou pye NOU, pou pye k ap bwete a pa dejwente, men pito pou l ka geri. 14 Chèche viv anpè ak tout moun. Rete sen, paske si yon moun pa sen, li pap wè Seyè a. 15 Pran anpil prekosyon pou pèsonn pa pèdi favè san parèy Bondye fè a, pou okenn rasin anpwazonnen pa pouse pou lakòz latwoublay, dekwa pou l pa kontamine anpil moun. 16 E pa dwe gen fònikatè nan mitan NOU, ni moun ki pa apresye bagay sakre, tankou Ezayi, ki te boukante dwa li te genyen kòm premye pitit la pou yon plat manje. 17 Paske, NOU konnen menm lè li te vle jwenn* benediksyon an annapre, yo te rejte l, e malgre se ak dlo nan je li te chèche fè yo chanje desizyon an, li pa t reyisi.
18 Paske, NOU pa t pwoche bò kot yon mòn moun ka touche, yon mòn ki te pran dife, ni bò kot yon nyaj nwa, yon fènwa pwès, yon tanpèt, 19 yon kout twonpèt ansanm ak yon vwa k ap pale, yon vwa, lè pèp la te tande l, li te sipliye Moyiz pou vwa sa a pa t di yo yon mo anplis. 20 Paske, yo pa t ka sipòte lòd li te ba yo a, lè l te di: “E menmsi se yon bèt ki touche mòn nan, yo dwe touye l ak kout wòch.” 21 Epitou, espektak sa a te tèlman terib, Moyiz te di: “Mwen pè e m ap tranble.” 22 Men, NOU pwoche bò kot yon mòn Siyon ak yon vil ki pou Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, bò kot plizyè dizèn milye zanj 23 ki reyini nan asanble jeneral, bò kot kongregasyon premye pitit Bondye yo ki enskri nan syèl la, bò kot Bondye, ki se Jij tout moun, bò kot moun ki jis yo ki resevwa lespri sen, moun li fè vin pafè yo, 24 e NOU pwoche bò kot Jezi, medyatè yon nouvo alyans, e bò kot san li wouze nou avè l la, yon san ki pale pi byen pase san Abèl.
25 Veye pou NOU pa refize koute sila a k ap pale a. Paske, si moun ki te refize koute moun ki t ap bay avètisman Bondye sou tè a pa t chape, alewè pou nou si nou vire do bay sila a k ap pale detan l nan syèl la. 26 Nan moman sa a, vwa l te souke tè a, men kounye a, li fè yon pwomès, kote li di: “Yon lòt fwa ankò, nonsèlman m ap souke tè a, men m ap souke syèl la tou.” 27 Ekspresyon “yon lòt fwa ankò” a vle di l ap elimine bagay li te souke yo, yon seri bagay se pa li ki te fè yo, dekwa pou bagay li pa t souke yo ka rete. 28 Se poutèt sa, piske nou gen pou nou resevwa yon wayòm yo pa ka souke, annou kontinye gen favè san parèy la k ap pèmèt nou bay Bondye yon sèvis sakre ki fè l plezi, avèk lakrentif nou gen pou li e avèk respè. 29 Paske, Bondye nou an se yon dife tou, yon dife k ap pote destriksyon.