1 Jan
4 Byenneme, pa kwè nan tout mesaj ki sanble soti nan Bondye, men verifye mesaj yo pou NOU wè si yo soti nan Bondye toutbonvre, paske gen anpil fo pwofèt ki lage nan monn nan.
2 Men ki jan N ap konnen mesaj ki soti nan Bondye a: yon mesaj ki fè konnen Jezi Kris te vini nan lachè, se yon mesaj ki soti nan Bondye. 3 Men, yon mesaj ki pa fè konnen Jezi te vini nan lachè, se pa yon mesaj ki soti nan Bondye. Anplis, se sa ki mesaj antikris* la, mesaj NOU te tande ki t ap vini an, e kounye a ki deja nan monn nan.
4 Timoun, NOU soti nan Bondye, e NOU venk moun sa yo, paske sila a ki ann inyon avèk NOU an pi gran pase sila a ki ann inyon avèk monn nan. 5 Yo soti nan monn nan, se sa k fè yo di sa ki soti nan monn nan, e monn nan koute yo. 6 Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki konnen Bondye koute nou. Moun ki pa soti nan Bondye pa koute nou. Se fason sa a nou rekonèt mesaj ki verite ak mesaj ki manti.
7 Byenneme, annou kontinye gen lanmou youn pou lòt, paske se nan Bondye lanmou soti, e tout moun ki gen lanmou se pitit Bondye, e yo konnen Bondye. 8 Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou. 9 Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. 10 Nan ka sa a, men sa lanmou an ye: se pa nou menm ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou e ki te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li.
11 Byenneme, si se konsa Bondye renmen nou, ebyen nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn renmen lòt. 12 Pèsonn pa janm wè Bondye. Si nou kontinye gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou e lanmou li konplè nan nou. 13 Nou konnen nou rete ann inyon avèk li e li menm li rete ann inyon avèk nou, paske li ban nou lespri li. 14 Anplis de sa, men sa nou menm nou wè, e men temwayaj n ap bay: Papa a voye Pitit li a kòm Sovè monn nan. 15 Yon moun ki fè konnen Jezi Kris se Pitit Bondye, Bondye rete ann inyon avèk moun sa a, e li menm li rete ann inyon avèk Bondye. 16 E nou vin konnen Bondye gen lanmou pou nou, e nou kwè sa.
Bondye se lanmou, e yon moun ki rete nan lanmou rete ann inyon avèk Bondye, e Bondye rete ann inyon avèk li. 17 Se konsa lanmou vin konplè nan nou, dekwa pou nou ka lib pou nou pale nan jou jijman an, paske menm jan Jezi Kris ye a, se konsa nou menm nou ye nan monn sa a. 18 Pa gen laperèz nan lanmou, men lanmou ki konplè a voye laperèz jete, paske laperèz bloke nou. An reyalite, moun k ap viv nan laperèz pa vin konplè nan lanmou. 19 Kanta pou nou, nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye.
20 Si yon moun di: “Mwen renmen Bondye”, epoutan li rayi frè l, li se yon mantè. Paske, yon moun ki pa renmen frè l li wè pa ka renmen Bondye li pa wè. 21 E men kòmandman nou resevwa nan men l: yon moun ki renmen Bondye dwe renmen frè l tou.