1 Jan
3 Gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou, pou yo rive rele nou pitit Bondye. E se sa nou ye. Se sa k fè monn nan pa konnen nou, paske li pa rive konnen l. 2 Byenneme, kounye a nou se pitit Bondye, men sa n ap ye a poko parèt aklè. Men nou konnen lè sila a ap parèt aklè, n ap vin tankou l, paske n ap wè l jan l ye a. 3 E tout moun ki gen esperans sa a nan li pirifye tèt yo, menm jan li menm li pwòp la.
4 Yon moun k ap pratike peche, se bagay lalwa kondane l ap pratike tou. Kidonk, peche se bagay lalwa kondane. 5 Epitou, NOU konnen Jezi te parèt aklè pou l retire peche nou, e pa gen peche nan li. 6 Tout moun ki rete ann inyon avèk li pa pratike peche. Pa gen moun k ap pratike peche ki wè l ni ki rive konnen l. 7 Timoun, pa kite pèsonn twonpe NOU. Yon moun k ap pratike sa ki jis se yon moun ki jis, menm jan Jezi se yon moun ki jis. 8 Yon moun k ap pratike peche se nan Dyab la li soti, paske Dyab la ap peche depi okòmansman. Men pou ki sa Pitit Bondye a te parèt aklè: pou l kraze travay Dyab la.
9 Yon moun ki pitit Bondye pa pratike peche, paske semans Bondye a rete nan li, e li pa ka pratike peche, paske li se pitit Bondye. 10 Men ki jan w ka rekonèt pitit Bondye yo ak pitit Dyab la: tout moun ki pa pratike sa ki jis pa soti nan Bondye, ni moun ki pa renmen frè l. 11 Paske, men mesaj NOU te tande depi okòmansman an: se pou nou youn renmen lòt. 12 Se pa menm jan ak Kayen ki te soti nan Mechan an e ki te touye frè l la. E poukisa l te touye l? Paske aksyon l yo se te move aksyon, alòske pa frè l yo te jis.
13 Pa sezi, frè m yo, poutèt monn nan rayi NOU. 14 Nou konnen nou soti anba lanmò, men kounye a nou vin gen lavi, paske nou renmen frè yo. Moun ki pa gen lanmou rete nan lanmò. 15 Yon moun ki rayi frè l se yon asasen, e NOU konnen okenn asasen pa gen lavi ki pap janm fini an nan li. 16 Se konsa nou vin konnen lanmou, paske Jezi te livre nanm li pou nou, e nou gen obligasyon pou nou livre nanm nou pou frè nou yo. 17 Men, yon moun ki gen mwayen nan monn sa a, ki wè frè l nan nesesite, epi malgre sa li pa gen pitye pou li*, ki jan nou ka di moun sa a gen lanmou pou Bondye? 18 Timoun, youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl sèlman, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa.
19 Se konsa n ap konnen se pou laverite nou ye, e n ap gen asirans nan kè nou devan Bondye 20 konsènan nenpòt bagay kè nou ta kondane nou pou li, paske Bondye pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay. 21 Byenneme, si kè nou pa kondane nou, nou lib pou nou pale ak Bondye. 22 E kèlkeswa sa nou mande, nou resevwa l nan men l, paske nou obeyi kòmandman l yo e nou fè sa ki fè l plezi. 23 Wi, men kòmandman li bay: se pou nou gen lafwa nan non Jezi Kris, Pitit li a, e se pou nou youn renmen lòt, jan l te kòmande nou an. 24 Anplis de sa, yon moun ki obeyi kòmandman l yo rete ann inyon avèk li, e li menm li rete ann inyon avèk moun sa a. Nou konnen li rete ann inyon avèk nou, grasa lespri li ban nou an.