BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 18
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yo pot laviktwa sou Absalon epi yo touye l (1-18)

      • Yo fè David konnen Absalon mouri (19-33)

2 Samyèl 18:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 20:18

2 Samyèl 18:2

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “anba men”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:16; 10:7
  • +2Sa 23:18, 19
  • +1Kw 2:15, 16
  • +2Sa 15:19, 21

2 Samyèl 18:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “fikse kè sou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 21:17
  • +2Sa 17:1-3; Lm 4:20

2 Samyèl 18:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:12

2 Samyèl 18:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 17:26

2 Samyèl 18:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 3:7; Pw 24:21, 22
  • +2Sa 16:15

2 Samyèl 18:9

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pandye ant syèl la ak tè a”.

2 Samyèl 18:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:16; 18:2

2 Samyèl 18:12

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “peze nan pla men m yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:5

2 Samyèl 18:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Si m ta aji yon fason ki trèt ak nanm”.

2 Samyèl 18:14

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “ti flèch; lans”. Lit.: “baton”.

2 Samyèl 18:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:10; Pw 2:22; 20:20; 30:17

2 Samyèl 18:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 7:24, 26; 8:29; 10:23, 27

2 Samyèl 18:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Plèn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 14:17
  • +2Sa 14:27

2 Samyèl 18:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:35, 36; 17:17
  • +Sm 9:4

2 Samyèl 18:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:5

2 Samyèl 18:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Etyopi”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:6

2 Samyèl 18:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:4
  • +2Wa 9:17

2 Samyèl 18:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:19

2 Samyèl 18:28

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “leve men yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 22:47; Sm 144:1

2 Samyèl 18:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:22

2 Samyèl 18:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:21
  • +2Sa 22:49; Sm 55:18; 94:1; 124:2, 3

2 Samyèl 18:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 27:2

2 Samyèl 18:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 12:10; 17:14; 19:1; Pw 19:13

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 18:1Pw 20:18
2 Sam. 18:22Sa 8:16; 10:7
2 Sam. 18:22Sa 23:18, 19
2 Sam. 18:21Kw 2:15, 16
2 Sam. 18:22Sa 15:19, 21
2 Sam. 18:32Sa 21:17
2 Sam. 18:32Sa 17:1-3; Lm 4:20
2 Sam. 18:52Sa 18:12
2 Sam. 18:62Sa 17:26
2 Sam. 18:7Sm 3:7; Pw 24:21, 22
2 Sam. 18:72Sa 16:15
2 Sam. 18:102Sa 8:16; 18:2
2 Sam. 18:122Sa 18:5
2 Sam. 18:152Sa 12:10; Pw 2:22; 20:20; 30:17
2 Sam. 18:17Joz 7:24, 26; 8:29; 10:23, 27
2 Sam. 18:18Jen 14:17
2 Sam. 18:182Sa 14:27
2 Sam. 18:192Sa 15:35, 36; 17:17
2 Sam. 18:19Sm 9:4
2 Sam. 18:202Sa 18:5
2 Sam. 18:21Jen 10:6
2 Sam. 18:242Sa 18:4
2 Sam. 18:242Wa 9:17
2 Sam. 18:272Sa 18:19
2 Sam. 18:282Sa 22:47; Sm 144:1
2 Sam. 18:292Sa 18:22
2 Sam. 18:312Sa 18:21
2 Sam. 18:312Sa 22:49; Sm 55:18; 94:1; 124:2, 3
2 Sam. 18:32Sm 27:2
2 Sam. 18:332Sa 12:10; 17:14; 19:1; Pw 19:13
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 18:1-33

2 Samyèl

18 Annapre, David konte mesye ki te ansanm avè l yo e li mete chèf alatèt gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ak gwoup ki gen 100 moun ladan yo+. 2 Epi, David separe mesye ki te avè l yo fè twa gwoup e li voye yo ale. Yon gwoup sou kont* Jowab+, yon gwoup sou kont Abichayi+, frè Jowab, pitit gason Sewouya+, e lòt gwoup la sou kont Itayi+, moun Gat la. Epi, wa a di mesye yo: “Mwen pral avèk nou tou.” 3 Men, yo di l: “Ou pa dwe ale avèk nou+, paske kit nou kouri, kit mwatye nan nou mouri, yo pap okipe* nou, paske ou vo 10 000 moun pami nou+. Se sa k fè, li t ap pi bon si w voye moun sot nan vil la vin ede nou.” 4 Wa a di yo: “M ap fè kèlkeswa sa nou wè ki pi bon an.” Se konsa, wa a te kanpe bò pòtay vil la, e tout mesye yo te soti pa gwoup ki gen 100 moun ladan yo ak gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo. 5 Apre sa, wa a bay Jowab, Abichayi ak Itayi lòd, li di yo: “Byen aji ak jennonm yo rele Absalon an. Fè sa pou mwen+.” Tout mesye yo te tande lè wa a te bay tout chèf yo lòd sa a pou Absalon.

6 Mesye yo t al nan savann nan pou y al fè lagè ak moun Izrayèl yo e batay la te fèt nan forè Efrayim nan+. 7 Se la mesye David yo+ pot laviktwa sou pèp Izrayèl la+ e yo touye anpil nan yo jou sa a. Gen 20 000 gason ki mouri. 8 Batay la te gaye nan tout zòn nan. Epitou, jou sa a, te gen plis moun ki te mouri nan forè a pase sa ki te mouri anba kout epe.

9 Absalon te vin kontre fas pou fas ak mesye David yo. Lè Absalon wè yo, li pran kouri. Li te sou yon milèt ki t al pase anba branch yon gwo pyebwa avè l. Cheve Absalon te pran nan gwo pyebwa a, konsa li te ret pandye ladan l* e milèt li te sou li a te kontinye ale. 10 Epi, gen yon moun ki te wè l k al di Jowab+: “Men m wè Absalon pandye nan yon gwo pyebwa!” 11 Jowab reponn mesye ki te vin di l sa a: “Piske w te wè sa, poukisa w pa t touye l menm kote a? Konsa, mwen t ap byen kontan ba w dis pyès monnen ann ajan ak yon sentiwon.” 12 Men, misye di Jowab: “Menmsi w t ap lonje* 1 000 pyès monnen ann ajan ban mwen, mwen pa t ap janm leve men m pou m frape pitit gason wa a, paske nou te tande wa a te pase ou menm ak Abichayi ansanm ak Itayi lòd, li te di: ‘Kèlkeswa moun nan, pwoteje jennonm yo rele Absalon an+.’ 13 Si m ta dezobeyi lòd sa a, epi m ta retire lavi* Absalon, wa a t ap vin konn sa kanmenm, e w pa t ap pwoteje m.” 14 Lè sa a, Jowab di l: “Mwen pap pèdi plis tan avè w!” Se konsa, Jowab pran twa pikèt*, l al plante yo nan kè Absalon pandan Absalon te toujou vivan nan mitan branch gwo pyebwa a. 15 Apre sa, dis sèvitè ki t ap pote zam Jowab yo te vini, yo frape Absalon jiskaske l mouri+. 16 Epi, Jowab te sonnen kòn e mesye yo sispann kouri dèyè pèp Izrayèl la. Jowab mande yo pou yo sispann batay la. 17 Yo pran Absalon, yo lage l nan yon gwo twou nan forè a e yo mete yon gwo pil wòch sou li+. Epi, tout Izrayelit yo kouri al lakay yo.

18 Twouve, lè Absalon te vivan, li te pran yon poto, li te mete l kanpe nan Vale* Wa a+ e li te di: “Mwen pa gen pitit gason pou konsève non m+.” Se sa k fè, li te bay poto a menm non avè l. Yo rele l Moniman Absalon jis jodi a.

19 Ayimaz+, pitit gason Zadòk, di: “Tanpri, kite m kouri al pot nouvèl la bay wa a, paske Jewova fè l jwenn jistis, li delivre l anba ènmi l yo+.” 20 Men, Jowab te di l: “Ou pa gen okenn nouvèl w ap bay jodi a. Ou mèt bay nouvèl yon lòt jou. Men jodi a, ou pap bay okenn nouvèl paske se pitit gason wa a ki mouri+.” 21 Apre sa, Jowab rele yon moun peyi Kouch*+, li di l: “Al rakonte wa a sa w wè.” Lè sa a, moun peyi Kouch la bese devan Jowab, epi li pran kouri. 22 Ayimaz, pitit gason Zadòk la, pale ak Jowab ankò, li di l: “Kèlkeswa sa k rive, tanpri, kite m kouri ale dèyè moun peyi Kouch la.” Men, Jowab di l: “Poukisa pou w kouri al dèyè l, pitit gason m, alòske w pa gen okenn nouvèl pou w bay?” 23 Malgre sa, li di: “Kèlkeswa sa k rive, kite m kouri.” Epi, Jowab di l: “Ebyen, kouri!” Ayimaz kouri al pase nan zòn Jouden an, epi li rive pran devan moun peyi Kouch la.

24 David te chita nan mitan de bò pòtay vil la+, epi gad+ ki t ap veye vil la te monte sou miray la, sou tèt pòtay vil la. Lè gad la leve je l, li wè yon gason k ap kouri poukont li. 25 Se konsa, gad ki t ap veye vil la rele wa a pou l di l sa. Epi, wa a di l: “Si l poukont li, se nouvèl li pote.” Pandan moun nan ap pwoche, 26 gad ki te sou miray la wè yon lòt gason k ap kouri. Gad la rele gadyen pòtay vil la, li di l: “Men m wè yon lòt gason ankò k ap kouri poukont li!” Wa a di: “Se nouvèl li pote tou.” 27 Gad ki te sou miray la di: “Mwen wè premye gason an sanble Ayimaz+, pitit gason Zadòk la.” Wa a di: “Li se yon bon moun, se bon nouvèl li pote.” 28 Epi, Ayimaz rele wa a, li di l: “Tout bagay byen!” Lè sa a, li bese fas atè devan wa a. Li di l: “Monwa, mèt mwen, mwen swete pou yo fè louwanj pou Jewova, Bondye w la, paske li lage tout moun ki te leve* kont ou yo nan men w+!”

29 Men, wa a mande: “Èske tout bagay byen pou jennonm ki rele Absalon an?” Lè sa a, Ayimaz reponn: “Mwen te wè yon foul moun rasanble lè Jowab te voye sèvitè w la ansanm avè m, men, mwen pa t konnen ki sa k te pase+.” 30 Epi, wa a di l: “Met kò w sou kote, kanpe la.” Menm kote a, li wete kò l e li kanpe la.

31 Apre sa, moun peyi Kouch la te vin rive+ epi li di: “Monwa, mèt mwen, se pou w aksepte nouvèl la: Jodi a, Jewova fè w jwenn jistis, li delivre w anba men moun ki te leve kont ou yo+.” 32 Men, wa a mande moun peyi Kouch la: “Èske tout bagay byen pou jennonm ki rele Absalon an?” Moun peyi Kouch la reponn: “Monwa, mèt mwen, se pou tout ènmi w yo ak tout moun ki leve kont ou pou fè w mechanste yo vin menm jan ak jennonm nan+!”

33 Sa boulvèse wa a, li monte nan chanm ki te sou tèt pòtay vil la, li tonbe kriye, e pandan l ap mache, li t ap di: “Pitit gason m, Absalon, pitit gason m, pitit gason m, Absalon! Pito se mwen ki te mouri nan plas ou, Absalon, pitit gason m, pitit gason m+!”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje