1 Kwonik
25 Mete sou sa, David ak moun ki te chèf gwoup moun ki t ap sèvi yo te mete kèk nan pitit gason Asaf, Eman ak Jedoutoun yo+ apa pou yo te ka sèvi ak hap*, lòt enstriman akòd+ ak senbal+ pou yo louwe Bondye*. Men lis non moun ki te nan sèvis sa a: 2 Pami pitit gason Asaf yo, te gen Zakou, Jozèf, Netànya ak Acharela. Mesye sa yo te anba sipèvizyon Asaf, papa yo, ki li menm te konn pwofetize anba sipèvizyon wa a. 3 Pami pitit gason Jedoutoun yo+, te gen Gedalya, Seri, Jechaya, Chimeyi, Achabya ak Matitya+, yo sis la. Yo te anba sipèvizyon Jedoutoun, papa yo, yo t ap jwe hap, yo t ap remèsye Jewova e yo t ap fè louwanj pou li+. 4 Pami pitit gason Eman yo+, te gen Boukija, Matànya, Ouzyèl, Chebouwèl, Jerimòt, Anànya, Anani, Elyata, Gidalti, Womantyezè, Jochbekacha, Maloti, Oti ak Marazyòt. 5 Tout mesye sa yo se te pitit gason Eman, mesye ki te konn fè wa a konnen vizyon vrè Dye a ba li pou glwa li*. Vrè Dye a te bay Eman 14 pitit gason ak 3 pitit fi. 6 Yo tout te anba sipèvizyon papa yo pou yo chante nan kay Jewova a, pou yo frape senbal, pou yo jwe hap+ ak lòt enstriman akòd nan sèvis yo t ap fè nan kay vrè Dye a.
Asaf, Jedoutoun ak Eman te anba sipèvizyon wa a.
7 Yo menm ak lòt Levit ki te konn chante pou Jewova yo te fò nan fè mizik. Antou yo te 288. 8 Yo te fè tiraj osò+ ni pou sa k te jèn yo ni pou sa k te granmoun yo, ni pou sa k te fò yo ni pou sa k t ap aprann yo pou yo bay chak moun responsablite yo.
9 Nan tiraj osò a, se Jozèf, pitit gason Asaf+, ki te an premye. An dezyèm, se te Gedalya+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 10 An twazyèm, se te Zakou+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 11 An katriyèm, se te Izri, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 12 An senkyèm, se te Netànya+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 13 An sizyèm, se te Boukija, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 14 An setyèm, se te Jecharela, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 15 An uityèm, se te Jechaya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 16 An nevyèm, se te Matànya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 17 An dizyèm se te Chimeyi, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 18 An 11yèm, se te Azarèl, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 19 An 12yèm, se te Achabya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 20 An 13yèm, se te Choubayèl+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 21 An 14yèm, se te Matitya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 22 An 15yèm, se te Jeremòt, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 23 An 16yèm, se te Anànya, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 24 An 17yèm, se te Jochbekacha, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 25 An 18yèm, se te Anani, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 26 An 19yèm, se te Maloti, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 27 An 20yèm, se te Elyata, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 28 An 21yèm, se te Oti, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 29 An 22yèm, se te Gidalti+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 30 An 23yèm, se te Marazyòt+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou. 31 An 24yèm, se te Womantyezè+, pitit gason l yo ak frè l yo, 12 moun antou.