BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 15
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Refòm Aza te fè yo (1-19)

2 Kwonik 15:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jk 4:8
  • +Eza 55:6
  • +1Kw 28:9; Eb 10:38

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/8/2012, p. 9

2 Kwonik 15:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “jou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 33:8, 10; 2Kw 17:8, 9; Mal 2:7

2 Kwonik 15:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 106:43, 44; Eza 55:7

2 Kwonik 15:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pa t gen lapè pou moun k ap soti a oswa pou moun k ap antre a”.

2 Kwonik 15:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:15, 48

2 Kwonik 15:7

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pa kite men nou tonbe”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 1:9; 1Kw 28:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/8/2012, p. 9

2 Kwonik 15:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 23:24
  • +2Kw 8:12

2 Kwonik 15:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 11:16; 30:25

2 Kwonik 15:12

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:29; 2Wa 23:3; Ne 10:28, 29

2 Kwonik 15:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:20

2 Kwonik 15:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 15:2
  • +Pw 16:7

2 Kwonik 15:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “grandam”.

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 15:9, 10
  • +Dt 13:6-9
  • +1Wa 15:13, 14

2 Kwonik 15:17

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “tout jou l yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 22:43
  • +1Wa 14:22, 23; 2Wa 14:3, 4; 23:19, 20
  • +1Wa 8:61

2 Kwonik 15:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 7:51; 15:15; 1Kw 26:26

2 Kwonik 15:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 14:1

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 15:2Jk 4:8
2 Kwo. 15:2Eza 55:6
2 Kwo. 15:21Kw 28:9; Eb 10:38
2 Kwo. 15:3Dt 33:8, 10; 2Kw 17:8, 9; Mal 2:7
2 Kwo. 15:4Sm 106:43, 44; Eza 55:7
2 Kwo. 15:6Dt 28:15, 48
2 Kwo. 15:7Joz 1:9; 1Kw 28:20
2 Kwo. 15:82Wa 23:24
2 Kwo. 15:82Kw 8:12
2 Kwo. 15:92Kw 11:16; 30:25
2 Kwo. 15:12Dt 4:29; 2Wa 23:3; Ne 10:28, 29
2 Kwo. 15:13Eg 22:20
2 Kwo. 15:152Kw 15:2
2 Kwo. 15:15Pw 16:7
2 Kwo. 15:161Wa 15:9, 10
2 Kwo. 15:16Dt 13:6-9
2 Kwo. 15:161Wa 15:13, 14
2 Kwo. 15:171Wa 22:43
2 Kwo. 15:171Wa 14:22, 23; 2Wa 14:3, 4; 23:19, 20
2 Kwo. 15:171Wa 8:61
2 Kwo. 15:181Wa 7:51; 15:15; 1Kw 26:26
2 Kwo. 15:192Kw 14:1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 15:1-19

2 Kwonik

15 Annapre, lespri Bondye vin sou Azarya, pitit gason Odèd la. 2 Se sa k fè l al rankontre ak Aza, li di l: “Aza, ou menm ak moun Jida ak moun Benjamen yo, koute sa m ap di nou! Jewova ap avèk nou toutotan nou rete avèk li+. Si nou chèche l, l ap kite nou jwenn li+. Men si nou vire do ba li, l ap vire do ban nou+. 3 Moun Izrayèl yo te fè yon pakèt tan* san vrè Dye a, san yon prèt pou anseye yo e san Lalwa+. 4 Men, lè yo te nan lapenn e yo te tounen vin jwenn Jewova, Bondye Izrayèl la, lè yo te chèche l, li te kite yo jwenn li+. 5 Nan epòk sa yo, pèsonn pa t ka vwayaje an sekirite*, paske te gen anpil pwoblèm nan peyi a. 6 Yon tribi t ap detwi yon lòt tribi e yon vil t ap detwi yon lòt vil, paske Bondye te kontinye kite yo gen tout kalite pwoblèm, sa ki te fè peyi a vin tèt anba+. 7 Men nou menm, mete gason sou nou, pinga nou dekouraje*+ paske y ap rekonpanse n pou travay nou fè.”

8 Kou Aza tande pawòl sa yo ak pwofesi pwofèt Odèd la, li met kouraj sou li, li retire fo dye ki bay degoutans ki te nan tout tèritwa tribi Jida+ ak tribi Benjamen an e ki te nan vil li te pran nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan, epi li repare lotèl Jewova a ki te devan antre kay Jewova a+. 9 Li te rasanble tout moun nan Jida yo, tout moun nan tribi Benjamen yo ak tout moun ki t ap viv kòm etranje nan tribi Efrayim, nan tribi Manase ak nan tribi Simeyon+ ki te kite Izrayèl pa pakèt pou yo vin jwenn li lè yo te wè Jewova, Bondye l la, te avè l. 10 Yo tout te rasanble Jerizalèm nan twazyèm mwa a, nan 15yèm ane rèy wa Aza a. 11 Jou sa a, yo te ofri Jewova 700 bèf ak 7 000 mouton kòm sakrifis. Yo te pran bèt sa yo pami bagay yo te pran yo. 12 Mete sou sa, yo te fè yon alyans pou yo chèche Jewova, Bondye zansèt yo, ak tout kè yo e ak tout nanm* yo+. 13 Kèlkeswa moun ki pa t chèche Jewova, Bondye Izrayèl la, yo te dwe touye l, kit li te jèn, kit li te granmoun, kit se te yon gason, kit se te yon fi+. 14 Yo te fè sèman byen fò bay Jewova ak kè kontan e yo te sonnen twonpèt ak kòn pandan yo t ap fè sa. 15 Tout moun nan Jida yo te kontan sèman yo te fè a, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo, yo te chèche Bondye ak tout kè yo e Bondye te kite yo jwenn li+. Jewova te kontinye fè tout ènmi yo te genyen yo kite yo an repo+.

16 Wa Aza te menm retire Maaka+, grann li, nan pozisyon l antanke rèn*, poutèt li te fè yon zidòl ki bay degoutans pou adorasyon yo te konn fè pou poto sakre ki fèt an bwa a*+. Aza te koupe zidòl ki bay degoutans Maaka te fè a, li te fè l fè miyèt moso e li te boule l nan Vale Kidwon+. 17 Men, li pa t retire kote ki wo yo te konn fè adorasyon+ ann Izrayèl yo+. Malgre sa, Aza te sèvi Bondye ak tout kè l pandan tout vi l*+. 18 Li te pote bagay li menm ak papa l te mete apa yo nan kay vrè Dye a: ajan, lò ak divès kalite veso+. 19 Pèsonn pa t fè lagè ak Aza rive jis nan 35yèm ane rèy li a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje