BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 17
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jozafa vin wa Jida (1-6)

      • Kanpay pou anseye moun (7-9)

      • Fòs lame Jozafa a (10-19)

2 Kwonik 17:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 15:24; 22:41

2 Kwonik 17:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 15:8

2 Kwonik 17:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:15

2 Kwonik 17:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “te mache nan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:29; 2Kw 26:1, 5
  • +1Wa 12:28-30; 13:33

2 Kwonik 17:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 9:4, 5; Sm 132:12
  • +2Kw 18:1

2 Kwonik 17:6

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 22:42, 43
  • +Dt 7:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2009, p. 12

2 Kwonik 17:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 33:8, 10; Mal 2:7

2 Kwonik 17:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 31:11; Joz 1:7, 8; Ne 8:7

2 Kwonik 17:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 18:1
  • +2Kw 14:2, 6
  • +1Wa 9:19; 2Kw 8:3, 4

2 Kwonik 17:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 13:3; 26:11-13

2 Kwonik 17:17

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 49:27
  • +2Kw 14:8

2 Kwonik 17:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 11:5, 23

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 17:11Wa 15:24; 22:41
2 Kwo. 17:22Kw 15:8
2 Kwo. 17:32Sa 8:15
2 Kwo. 17:4Dt 4:29; 2Kw 26:1, 5
2 Kwo. 17:41Wa 12:28-30; 13:33
2 Kwo. 17:51Wa 9:4, 5; Sm 132:12
2 Kwo. 17:52Kw 18:1
2 Kwo. 17:61Wa 22:42, 43
2 Kwo. 17:6Dt 7:5
2 Kwo. 17:8Dt 33:8, 10; Mal 2:7
2 Kwo. 17:9Dt 31:11; Joz 1:7, 8; Ne 8:7
2 Kwo. 17:122Kw 18:1
2 Kwo. 17:122Kw 14:2, 6
2 Kwo. 17:121Wa 9:19; 2Kw 8:3, 4
2 Kwo. 17:142Kw 13:3; 26:11-13
2 Kwo. 17:17Jen 49:27
2 Kwo. 17:172Kw 14:8
2 Kwo. 17:192Kw 11:5, 23
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 17:1-19

2 Kwonik

17 Apre sa, Jozafa, pitit gason l+, te vin wa nan plas li e li te ranfòse otorite l sou Izrayèl. 2 Li te mete sòlda nan tout vil nan Jida ki te byen pwoteje yo, li te mete plizyè gwoup sòlda nan tèritwa tribi Jida a ak nan vil Aza, papa l, te pran nan Efrayim yo+. 3 Jewova te avèk Jozafa paske li te mache nan menm chemen ak David, zansèt li a+, e li pa t adore Baal yo. 4 Li te chèche Bondye papa l la+, li te obeyi* kòmandman l yo e li pa t fè sa moun Izrayèl yo t ap fè yo+. 5 Jewova te fè wayòm li an byen chita+. Tout moun nan Jida yo te kontinye bay Jozafa kado. Jozafa te rich anpil e li te jwenn anpil glwa+. 6 Li te met kouraj sou li pou l mache nan chemen Jewova yo, li te retire kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon ki te nan Jida yo+ ansanm ak poto sakre ki fèt an bwa yo*+.

7 Nan twazyèm ane rèy li a, li te voye chèche gwo chèf ki nan gouvènman l lan: Bennayil, Obadya, Zakari, Netanèl ak Mikaya. Li te voye chèche yo pou yo te kapab anseye moun ki t ap viv nan vil Jida yo. 8 Yo te gen Levit ansanm avèk yo: Chemaya, Netànya, Zebadya, Asayèl, Chemiramòt, Jewonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. E Levit yo te gen prèt avèk yo: Elichama ak Jeworam+. 9 Yo te kòmanse anseye nan Jida. Yo te gen liv Lalwa Jewova a nan men yo+. Yo te pase nan tout vil nan Jida yo e yo t ap anseye moun nan pèp la.

10 Mete sou sa, okenn nan wayòm ki te ozalantou Jida yo pa t vin batay ak Jozafa paske Jewova te fè yo pè. 11 Moun Filisti yo te pote kado ak lajan bay Jozafa kòm taks. Arab yo tou te pote 7 700 mal mouton ak 7 700 bouk kabrit yo te pran nan twoupo yo pou li.

12 Jozafa te vin gen plis pouvwa chak jou+ e li te kontinye bati kote ki byen pwoteje+ ak vil ki te sèvi kòm depo+ nan Jida. 13 Li te reyalize anpil gwo pwojè nan vil Jida yo e li te gen anpil sòlda vanyan nan Jerizalèm. 14 Yo te gwoupe sòlda sa yo selon responsablite yo e selon fanmi yo. Nan tribi Jida a, pami chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, te gen Adna. Li te chèf e li te gen 300 000 sòlda vanyan avè l+. 15 Jewoyanan te souzòd li. Jewoyanan te chèf tou e li te gen 280 000 sòlda avè l. 16 Amasya, pitit gason Zikri, te souzòd Adna tou. Li te bay tèt li pou l fè travay Jewova a e li te gen 200 000 sòlda vanyan avè l. 17 Nan tribi Benjamen an+, te gen Elyada, yon sòlda vanyan. Li te gen 200 000 sòlda avè l ki te gen banza* ak boukliye nan men yo+. 18 Jozabad te souzòd li, e li te gen 180 000 sòlda avè l ki te byen ekipe. 19 Moun sa yo t ap fè travay wa a, san konte moun wa a te mete nan vil ki byen pwoteje ki nan tout tèritwa Jida a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje