BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 21
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jeworam vin wa Jida (1-11)

      • Eli voye yon lèt (12-15)

      • Jeworam fini mal (16-20)

2 Kwonik 21:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 22:50

2 Kwonik 21:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 11:5, 23
  • +2Wa 8:16

2 Kwonik 21:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 9:5, 6

2 Kwonik 21:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 8:17-19

2 Kwonik 21:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 14:7, 9; Oz 4:1
  • +2Kw 22:2; Ne 13:26

2 Kwonik 21:7

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “gen yon lanp”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 23:5; Sm 89:20, 28; Jr 33:20, 21
  • +2Sa 7:12, 16; 1Wa 11:36; Sm 132:11

2 Kwonik 21:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 27:40
  • +1Wa 22:47; 2Wa 8:20-22

2 Kwonik 21:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 21:13; 2Wa 19:8
  • +2Kw 15:2; Jr 2:13

2 Kwonik 21:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:2

2 Kwonik 21:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 2:1, 11
  • +2Kw 17:3
  • +1Wa 15:11; 2Kw 14:2, 5

2 Kwonik 21:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 16:25, 33
  • +Eg 34:15; Jr 3:8
  • +2Wa 9:22
  • +2Kw 21:4

2 Kwonik 21:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 11:14; 2Kw 33:11; Eza 10:5
  • +Joz 13:1, 2; 2Sa 8:1
  • +2Kw 17:11

2 Kwonik 21:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “palè”.

  • *

    Yo rele l Ahazya tou.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 14:25, 26
  • +2Kw 22:1

2 Kwonik 21:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 12:21-23

2 Kwonik 21:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 16:13, 14; Jr 34:4, 5

2 Kwonik 21:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 2:10
  • +2Kw 24:24, 25; 28:27

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 21:11Wa 22:50
2 Kwo. 21:32Kw 11:5, 23
2 Kwo. 21:32Wa 8:16
2 Kwo. 21:4Jj 9:5, 6
2 Kwo. 21:52Wa 8:17-19
2 Kwo. 21:61Wa 14:7, 9; Oz 4:1
2 Kwo. 21:62Kw 22:2; Ne 13:26
2 Kwo. 21:72Sa 23:5; Sm 89:20, 28; Jr 33:20, 21
2 Kwo. 21:72Sa 7:12, 16; 1Wa 11:36; Sm 132:11
2 Kwo. 21:8Jen 27:40
2 Kwo. 21:81Wa 22:47; 2Wa 8:20-22
2 Kwo. 21:10Joz 21:13; 2Wa 19:8
2 Kwo. 21:102Kw 15:2; Jr 2:13
2 Kwo. 21:11Dt 12:2
2 Kwo. 21:122Wa 2:1, 11
2 Kwo. 21:122Kw 17:3
2 Kwo. 21:121Wa 15:11; 2Kw 14:2, 5
2 Kwo. 21:131Wa 16:25, 33
2 Kwo. 21:13Eg 34:15; Jr 3:8
2 Kwo. 21:132Wa 9:22
2 Kwo. 21:132Kw 21:4
2 Kwo. 21:161Wa 11:14; 2Kw 33:11; Eza 10:5
2 Kwo. 21:16Joz 13:1, 2; 2Sa 8:1
2 Kwo. 21:162Kw 17:11
2 Kwo. 21:171Wa 14:25, 26
2 Kwo. 21:172Kw 22:1
2 Kwo. 21:18Tr 12:21-23
2 Kwo. 21:192Kw 16:13, 14; Jr 34:4, 5
2 Kwo. 21:201Wa 2:10
2 Kwo. 21:202Kw 24:24, 25; 28:27
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 21:1-20

2 Kwonik

21 Apre sa, Jozafa t al repoze bò kot zansèt li yo. Yo te antere l bò kot zansèt li yo nan Vil David la e Jeworam, pitit gason l, te vin wa nan plas li+. 2 Frè Jeworam yo, anpalan de lòt pitit gason Jozafa yo, te rele Azarya, Jeyèl, Zakari, Azarya, Mikayèl ak Chefatya. Yo tout se te pitit gason Jozafa, wa Izrayèl la. 3 Papa yo te fè yo kado anpil ajan ak anpil lò, anpil bagay ki gen anpil valè ansanm ak vil nan Jida ki byen pwoteje+, men se Jeworam+ li te bay wayòm nan, paske se li ki te premye pitit li.

4 Lè Jeworam vin ap dirije nan wayòm papa l la, li touye tout frè l yo+ ansanm ak kèk chèf ann Izrayèl ak kout epe pou l ranfòse pozisyon l antanke wa. 5 Jeworam te gen 32 an lè l te vin wa e li te dirije pandan uitan detan l Jerizalèm+. 6 Li te suiv menm chemen ak wa Izrayèl yo+, menm jan moun nan fanmi Ahab yo te fè sa a, paske, se pitit fi Ahab la ki te vin madanm li+. Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova. 7 Men, Jewova pa t vle detwi fanmi David, poutèt alyans li te fè ak David la+, paske li te pwomèt David li menm ak pitit gason l yo ap toujou gen yon desandan yo pou dirije kòm wa*+ apre yo.

8 Nan epòk Jeworam t ap dirije a, moun Edòm yo te revòlte kont Jida+ e yo te chwazi pwòp wa pa yo+. 9 Se sa k fè Jeworam ak kòmandan l yo te travèse ak tout charyo l yo pou l al atake yo. Moun Edòm yo te sènen ni li menm ni kòmandan charyo l yo, men, nan lannuit, li atake moun Edòm yo e li pot laviktwa sou yo. 10 Men, moun Edòm yo te kontinye revòlte kont Jida rive jis jodi a. Nan epòk sa a, moun Libna yo+ te revòlte kont li tou poutèt li te vire do bay Jewova, Bondye zansèt li yo+. 11 Epitou, li te fè kote ki wo pou moun yo fè adorasyon+ nan mòn Jida yo pou l fè moun Jerizalèm yo adore fo dye. Se konsa, li te fè Jida vire do bay Bondye.

12 Rive yon lè, li te resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye pou li+. Eli te di: “Men sa Jewova, Bondye David, zansèt ou a, di w: ‘Ou pa mache nan chemen papa w, Jozafa+, te mache a, ni ou pa mache nan menm chemen ak Aza+, wa Jida a. 13 Men, ou mache nan menm chemen ak wa Izrayèl yo+ e ou fè moun Jida yo ak moun ki abite Jerizalèm yo adore fo dye+ menm jan ak moun lakay Ahab yo+. Ou menm rive touye pwòp frè w+, pitit gason papa w yo, ki te pi bon moun pase w. 14 Se sa k fè Jewova ap frape pèp ou a fò, ni pitit gason w yo, ni madanm ou yo, ni tout sa w posede. 15 Mete sou sa, w ap gen pou w soufri anba yon gwo maladi w ap gen nan trip. Maladi sa a ap kontinye fè w soufri chak jou jiskaske trip ou sot deyò.’”

16 Apre sa, Jewova fè+ moun Filisti yo+ ak Arab yo+, ki toupre moun Etyopi yo, leve kont Jeworam. 17 Konsa, yo antre Jida avèk fòs e yo pran tout sa yo te jwenn nan kay* wa a+. Yo te pran ni pitit gason l yo, ni madanm li yo. Jeworam te gen yon sèl pitit gason ki te rete, se te Jewoyakaz*+, dènye pitit gason l lan. 18 Apre tout bagay sa yo, Jewova te fè l vin gen yon maladi nan trip ki pa t gen gerizon+. 19 Kèk tan apre, sou dezan, trip li te soti akoz maladi a. Li te mouri pandan l t ap soufri anpil anba maladi a. Pèp la pa t limen yon dife pou yo onore l, jan sa te fèt pou zansèt li yo+. 20 Li te gen 32 an lè l te vin wa e li te dirije pandan uitan detan l Jerizalèm. Pèsonn pa t regrèt li lè l te mouri. Yo te antere l nan Vil David la+, men, yo pa t antere l kote yo te antere wa yo+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje