BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 3
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Salomon kòmanse bati tanp lan (1-7)

      • Kote ki pi sen an (8-14)

      • De poto an kuiv yo (15-17)

2 Kwonik 3:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 6:1, 37
  • +Jen 22:2, 14
  • +2Sa 24:25; 1Kw 21:18
  • +2Sa 24:18; 1Kw 21:22

2 Kwonik 3:3

Nòt anba paj

  • *

    Yon koude nòmal egal 44,5 sm (17,5 pous), men gen moun ki panse lè yo di “ansyen mezi a”, y ap pale de koude ki long nan ki mezire 51,8 sm (20,4 pous). Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 6:2

2 Kwonik 3:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “20 koude (8,90 m), sot sou yon bò al sou lòt bò kay la”.

  • *

    Yo pa fin konn dimansyon an.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 6:3

2 Kwonik 3:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 6:15, 22
  • +1Wa 6:29
  • +1Wa 6:21

2 Kwonik 3:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 29:2, 8
  • +1Kw 29:3, 4

2 Kwonik 3:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 26:29
  • +Eg 26:1; 1Wa 6:29

2 Kwonik 3:8

Nòt anba paj

  • *

    Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 26:33; 1Wa 8:6; Eb 9:24
  • +1Wa 6:20

2 Kwonik 3:9

Nòt anba paj

  • *

    Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.

2 Kwonik 3:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 6:23-28

2 Kwonik 3:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 8:6; 1Kw 28:18

2 Kwonik 3:13

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di nan direksyon Kote ki sen an.

2 Kwonik 3:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 27:51; Eb 10:19, 20
  • +Eg 26:31, 33

2 Kwonik 3:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 25:13
  • +1Wa 7:15-22; 2Wa 25:17; 2Kw 4:11-13; Jr 52:22, 23

2 Kwonik 3:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sid”.

  • *

    Oswa: “nò”.

  • *

    Sa vle di: “Se pou l [anpalan de Jewova] fè l chita byen djanm”.

  • *

    Petèt, sa vle di: “Avèk fòs”.

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 3:11Wa 6:1, 37
2 Kwo. 3:1Jen 22:2, 14
2 Kwo. 3:12Sa 24:25; 1Kw 21:18
2 Kwo. 3:12Sa 24:18; 1Kw 21:22
2 Kwo. 3:31Wa 6:2
2 Kwo. 3:41Wa 6:3
2 Kwo. 3:51Wa 6:15, 22
2 Kwo. 3:51Wa 6:29
2 Kwo. 3:51Wa 6:21
2 Kwo. 3:61Kw 29:2, 8
2 Kwo. 3:61Kw 29:3, 4
2 Kwo. 3:7Eg 26:29
2 Kwo. 3:7Eg 26:1; 1Wa 6:29
2 Kwo. 3:8Eg 26:33; 1Wa 8:6; Eb 9:24
2 Kwo. 3:81Wa 6:20
2 Kwo. 3:101Wa 6:23-28
2 Kwo. 3:111Wa 8:6; 1Kw 28:18
2 Kwo. 3:14Mt 27:51; Eb 10:19, 20
2 Kwo. 3:14Eg 26:31, 33
2 Kwo. 3:152Wa 25:13
2 Kwo. 3:151Wa 7:15-22; 2Wa 25:17; 2Kw 4:11-13; Jr 52:22, 23
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 3:1-17

2 Kwonik

3 Apre sa, Salomon kòmanse bati kay Jewova a+ Jerizalèm sou Mòn Moriya+, kote Jewova te fè David+, papa Salomon, wè l la, anpalan de kote David te prepare nan espas yo konn bat manje angren ki pou Ònan+, moun Jebis la. 2 Li te kòmanse konstriksyon an nan katriyèm ane rèy li a, dezyèm jou nan dezyèm mwa a. 3 Fondasyon Salomon te fè pou l bati kay vrè Dye a te mezire 60 koude longè sou 20 koude lajè+ selon ansyen mezi a*. 4 Pati ki te devan kay la te mezire 20 koude longè, sa vle di longè l te egal ak lajè kay la* e wotè l se te 120*. Salomon te kouvri anndan l ak bon lò+. 5 Li te kouvri anndan pyès prensipal la ak planch jenevriye e apre sa li te kouvri planch yo ak bon lò+. Annapre, li dekore l ak desen pye palmye+ ak chenn+. 6 Mete sou sa, li dekore tanp lan ak pyè ki gen anpil valè+. Lò+ yo te itilize a te soti Pavayim. 7 Li te kouvri anndan tanp lan, travès yo, papòt yo, mi yo ak pòt yo avèk lò+ e li te grave desen cheriben sou mi yo+.

8 Apre sa, li fè Kote ki pi sen an+. Li te mezire 20 koude longè, e longè sa a te egal ak lajè tanp lan. Kote ki pi sen an te mezire 20 koude lajè. Salomon te kouvri anndan l avèk 600 talan* bon lò+. 9 Lò yo te itilize pou klou yo te peze 50 chekèl*. Li te kouvri pyès yo ki sou tèt kay la ak lò.

10 Apre sa, li te fè de estati cheriben anndan Kote ki pi sen an, e li te kouvri yo ak lò+. 11 Antou, longè zèl cheriben yo+ se te 20 koude. Youn nan zèl premye cheriben an te mezire senk koude longè e li te touche mi kay la. Lòt zèl la te mezire senk koude longè e li te touche youn nan zèl lòt cheriben an. 12 Youn nan zèl lòt cheriben an te mezire senk koude longè e li te touche lòt mi kay la, lòt zèl li a te mezire senk koude longè e li te touche youn nan zèl premye cheriben an. 13 Zèl de cheriben sa yo te ouvri e yo te mezire 20 koude. Cheriben yo te kanpe e fas yo te bay sou anndan*.

14 Mete sou sa, li te fè rido a+ ak fil ble, lenn vyolèt, fil wouj fonse ak twal bon kalite e li te bwode desen cheriben sou rido a+.

15 Apre sa, li te fè de poto+ pou devan kay la. Yo chak te mezire 35 koude wotè. Tèt poto espesyal yo te mezire senk koude wotè+. 16 Apre sa, li fè chenn ki te sanble ak chèn moun met nan kou yo e li mete yo sou tèt poto yo, li fè 100 grenad e li mete yo sou chenn yo. 17 Annapre, li mete poto yo devan tanp lan, youn sou bò dwat*, youn sou bò goch*. Li te rele sa k sou bò dwat la Jakin* e li te rele sa k sou bò goch la Bowaz*.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje