Jòb
13 “Wi, je m wè tout bagay sa yo,
Zòrèy mwen tande yo e mwen konprann yo.
2 Sa nou konnen an, mwen konnen l tou,
Nou pa plis pase m.
3 Mwen menm, mwen ta renmen pale ak Toupisan an menm,
Mwen vle diskite kòz mwen ak Bondye+.
4 Men, nou simaye manti pou n sal repitasyon m,
Nou tout se fo doktè+.
5 Si nou te annik fèmen bouch nou nèt,
Yo t ap wè nou gen sajès+.
6 Tanpri, koute pawòl m ap di pou m defann mwen,
Byen koute pawòl m ap di pou m plede kòz mwen.
7 Èske n ap di sa k pa sa pou n defann Bondye
E èske n ap pale yon fason pou n twonpe moun pou li?
8 Èske n ap pran pou vrè Dye a*?
Èske n ap defann li?
9 Èske sa t ap byen fini pou nou si l ta egzamine nou+?
Èske nou ka twonpe l menm jan nou ka twonpe yon moun?
10 Se sèten l ap blame nou
Si n ap chèche pran pou li anba anba+.
11 Èske glwa li pap fè nou pè?
E èske nou pap pè l?
12 Pawòl saj nou yo* se pwovèb ki san valè,
Sa nou di pou n defann nou yo se bagay ki fèt ak tè.
13 Fè silans pou m ka pale.
Epi, kèlkeswa sa k gen pou rive m nan mèt rive m!
17 Byen koute pawòl mwen yo,
Koute sa m ap di a.
18 Kounye a, gade, mwen pare pou m plede kòz mwen devan l,
Mwen konnen mwen gen rezon.
19 Kiyès ki ka diskite avè m?
Si m pa ta pale, m t ap mouri*.
20 O Bondye, se de bagay sèlman m ap mande w*,
Apre sa, mwen pap kache pou ou ankò:
21 Retire men w sou mwen, paske men w lou,
E pa fè m pè w jis mwen panike+.
22 Se swa w rele m e m ap reponn,
Oswa w kite m pale, epi w reponn mwen.
23 Ki sa m fè ki mal e ki peche m fè?
Fè m wè move aksyon m yo e di m ki peche m fè.
25 Èske w ap eseye fè yon fèy sèch van fin pote ale pè,
Oubyen èske w ap kouri dèyè yon pay sèch?
26 Gade w toujou sonje akizasyon yo lage sou do m yo,
E ou fè m peye pou peche m te fè lè m te jèn.
28 Konsa, moun* ap depafini tankou yon bagay ki pouri,
Tankou yon rad mit pike.