Jòb
28 “Gen yon kote yo fouye pou yo jwenn ajan
E gen yon kote yo jwenn lò yo netwaye a+.
3 Lòm pot laviktwa sou fènwa,
Li fouye rive jis nan dènye bout zòn ki sonm ak zòn ki fènwa
Pou l al chèche lò*.
4 Li fouye yon pasaj anba tè byen lwen kote moun rete,
Kote moun pa ale, lwen kote moun konn pase.
Gen moun ki desann ladan l e yo ret ap balanse anlè.
5 Se sou tè a manje donnen,
Men, anba tè a, gen gwo boulvès, w a di se kote dife pase*.
6 Kote sa a, gen pyè safi nan wòch yo,
E tè kote sa a gen ti grenn lò.
7 Pa gen okenn zwazo ki konn chase ki konnen chemen sa a.
Je malfini pa wè kote sa a.
8 Pye okenn bèt fewòs pa pase la,
Lyon pa al chase kote sa a.
9 Moun frape mas wòch ki di ak men yo,
Yo vire mòn yo tèt anba.
10 Yo fouye kanal dlo+ nan mas wòch,
Je yo wè tout sa ki gen valè.
11 Yo fè baraj pou bloke sous dlo yo,
Yo met sa k kache deyò.
13 Pèsonn moun pa konn valè l+,
E yo pa ka jwenn li okenn kote sou tè a.
14 Gwo dlo di: ‘Li pa nan mwen!’
E lanmè a di: ‘Li pa avè m+!’
15 Yo pa ka achte l ak bon lò,
Ni yo pa ka peze ajan pou yo bay nan plas li+.
16 Yo pa ka achte l ak lò ki sot Ofi+,
Ni ak pyè ki pa fasil pou jwenn yo rele oniks la ni ak pyè safi.
18 Koray ak kristal pa ka rive nan nivo l+,
Paske sajès gen plis valè pase yon sak ki plen grenn pèl.
20 Men, ki kote sajès soti?
E ki kote sous bon konprann nan ye+?
21 Yo sere l pou tout sa k vivan pa wè l+,
E yo kache l pou zwazo nan syèl la.
22 Tonm* ak lanmò di:
‘Se sèlman nouvèl li zòrèy nou tande.’
23 Bondye konn ki kote pou l jwenn li,
Se sèl li menm ki konn kote l ye+,
24 Paske li wè dènye bout tè a
E li wè tout sa k gen anba syèl la+.