Jòb
30 “Kounye a, men y ap ri m+.
Moun ki pi jèn pase m ap ri m,
Yon seri moun mwen pa t ap dakò bay papa yo
Responsab chen k ap veye mouton m.
2 Ki sa fòs yo te gen nan ponyèt yo te itil mwen?
Yo te pèdi fòs yo.
3 Mizè ak grangou fini avèk yo.
Y ap manje tè sèch
Ki te deja fin depafini e ki pa gen moun sou yo.
4 Yo ranmase zèb sale nan touf bwa.
Manje yo se rasin ti pyebwa.
5 Yo mete yo deyò nan zòn nan+,
Moun rele dèyè yo tankou lè y ap rele dèyè vòlè.
6 Y ap viv arebò ravin,
Nan twou anba tè ak nan twou wòch.
7 Yo rele pandan yo nan touf bwa yo,
Yo makònen kò yo ansanm nan raje ki plen pikan.
8 Menm jan ak pitit moun ki pa gen bon konprann e ki pa vo anyen yo,
Yo mete yo deyò* nan peyi a.
9 Men kounye a, menm nan chante yo fè y ap pase m nan jwèt+.
12 Adwat mwen, yo leve kanpe kont mwen tankou yon foul moun ki vin atake m,
Yo lage m pou m ale,
Men, yo met barikad nan wout mwen pou yo fini avè m.
14 Yo vini kòmsi se nan yon gwo twou nan miray la yo pase,
Yo kontinye avanse sou mwen nan mitan van tanpèt la.
15 Yon gwo laperèz anvayi m,
Mwen pèdi respè m kòmsi se van ki pote l ale,
Delivrans mwen disparèt tankou yon nyaj.
18 Rad mwen sere m ak anpil fòs*,
Kòl rad mwen byen sere, l ap toufe m.
19 Bondye voye m jete nan labou.
Mwen vin tounen pousyè ak sann.
20 Mwen rele nan pye w pou m mande w sekou, men ou pa reponn+,
Mwen kanpe, men se gade w annik gade m.
21 Ou vire kont mwen san pitye+,
Ou atake m ak tout fòs ponyèt ou.
22 Ou pran m, ou fè van pote m ale,
Apre sa, ou fè van tanpèt voye m pasipala*.
23 Paske mwen konnen w ap fè m desann nan tonm nan,
Pou m al kote tout moun ki vivan gen pou y ale a.
26 Byenke m t ap tann sa ki bon, se move bagay ki te vini,
Byenke mwen t ap tann limyè, se fènwa ki te parèt.
27 Mwen te santi m boulvèse anpil,
Mwen t ap soufri chak jou.
28 M ap mache tou tris+. Solèy la pa klere.
Mwen leve kanpe pami foul moun ki rasanble yo e mwen mande sekou.
29 Mwen te vin tounen yon frè pou chen sovaj
E yon zanmi pou ti femèl otrich yo+.
31 Se sèlman nan moman lapenn hap* mwen an itil,
E se son kriye sèlman flit mwen an bay.