Sòm
3 Fè louwanj pou li, nou menm solèy la ak lalin nan.
Fè louwanj pou li, nou menm zetwal yo k ap klere+.
4 Fè louwanj pou li, ou menm syèl ki pi wo a.
Fè louwanj pou li, nou menm nyaj ki nan syèl la.
5 Se pou yo tout fè louwanj pou non Jewova,
Paske si yo egziste, se paske li te bay lòd pou sa+.
7 Louwe Jewova nou menm ki sou tè a,
Nou menm gwo kreyati ki nan lanmè yo e ki nan tout dlo ki byen fon yo,
8 Nou menm zèklè, lagrèl, lanèj ak gwo nyaj yo,
Nou menm van tanpèt k ap obeyi lòd li+,
9 Nou menm mòn yo ak tout ti mòn yo+,
Nou menm pye fwi yo ak tout pye sèd yo+,
10 Nou menm bèt nan bwa yo+ ak tout bèt ki viv bò kote moun,
Nou menm bèt k ap rale sou vant yo, nou menm zwazo yo,
11 Nou menm wa ki sou tè a ak tout nasyon yo,
Nou menm chèf yo ak tout jij ki sou tè a+,
12 Nou menm jèn gason, nou menm jèn fi*,
Nou menm granmoun ak nou menm timoun.
13 Se pou yo louwe non Jewova,
Paske non l pi wo pase tout lòt non+.
Li gen plis glwa lontan pase tè a ak syèl la+.
14 L ap fè pèp li a vin gen plis fòs
Pou moun ka fè lwanj pou tout moun ki fidèl ak li yo,
Wi, pou pitit Izrayèl yo, pèp ki gen bon relasyon avè l la.
Louwe Ja*!