Sòm
Yon chante David te ekri.
24 Tè a ak tout sa k ladan l se pou Jewova+,
Wi, tè a ak tout sa k ap viv sou li yo.
2 Paske, se li ki fè l rete byen djanm sou lanmè a+
E ki mete l chita byen djanm sou rivyè yo.
3 Ki moun ki ka monte nan mòn Jewova a+
E ki moun ki ka kanpe kote li mete apa pou li a?
4 “Se moun ki inosan e ki gen yon kè ki pwòp+,
Ki pa fè fo sèman sou lavi M*,
E ki pa fè sèman avèk entansyon pou yo twonpe moun+.”
5 Moun sa yo ap resevwa benediksyon nan men Jewova+,
E Bondye ki bay delivrans lan ap konsidere yo kòm moun ki dwat*+.
6 Moun sa yo se moun k ap chèche l,
K ap chèche favè* w, o Bondye Jakòb la. (Sela)
7 Monte byen wo, nou menm pòtay+,
Se pou nou ouvri*, nou menm pòtay ki la depi lontan,
Pou Wa ki gen glwa a ka antre+!
8 Kiyès Wa sa a ki gen glwa a ye?
Se Jewova, Bondye ki gen fòs e ki gen pouvwa a+,
Se Jewova, Bondye ki konn batay la+.
9 Monte byen wo, nou menm pòtay+,
Se pou nou ouvri, nou menm pòtay ki la depi lontan,
Pou Wa ki gen glwa a ka antre!
10 Kiyès Wa ki gen glwa a ye?
Wa ki gen glwa a se Jewova, Chèf lame yo+. (Sela)