Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton “Lis ki bay temwayaj la”. Miktam*. Yon chante David te ekri pou l anseye lòt moun. Li gen rapò ak lè David t ap goumen ak moun Aramnaharayim yo e ak moun Aramzoba yo e ak lè Jowab te retounen e li te touye 12 000 moun Edòm nan Vale Sèl+.
60 O Bondye, ou lage nou, ou kraze nou+.
Ou fache ak nou, men kounye a, aksepte nou tounen vin jwenn ou.
2 Ou te fè tè a tranble, ou te fann li.
Repare kote ki fann yo, paske li sou wout pou l tonbe.
3 Ou lage pèp ou a nan pwoblèm.
Ou te fè nou bwè diven ki fè nou balanse de bò+.
4 Bay* moun ki gen lakrentif pou ou yo yon siyal
Pou yo ka kouri pou yo pa pran kout flèch. (Sela)
5 Sove nou ak fòs ponyèt ou e reponn nou
Pou moun ou renmen yo ka jwenn delivrans+.
7 Se pou mwen Galaad ak tribi Manase a ye+,
E tribi Efrayim nan se kas pou m met sou* tèt mwen.
Jida se baton pou m kòmande a+.
10 Èske se pa ou menm, o Bondye, ou menm ki lage nou an,
Ou menm, Bondye nou an, ki pa soti ak lame nou yo ankò a+?
11 Se pou w ede nou nan malè nou ye a,
Paske, sa pa itil anyen pou nou tann delivrans nan men lèzòm+.