Egzòd
18 Jetwo, prèt Madyan an, bòpè Moyiz+, te tande tout sa Bondye te fè pou Moyiz e pou Izrayèl, pèp li a. Li te tande jan Jewova te fè pèp Izrayèl kite peyi Ejip+. 2 Anvan sa, Moyiz te voye Sefora, madanm li, bay Jetwo, bòpè l, e Jetwo te pran Sefora 3 ansanm ak de pitit gason Sefora yo+ lakay li. Youn nan yo te rele Gèchòm*+, paske Moyiz te di: “Mwen vin yon etranje nan yon peyi ki pa peyi m.” 4 Lòt la te rele Elyezè*, paske Moyiz te di: “Bondye papa m nan se èd mwen paske li te delivre m anba men Farawon pou l pa touye m ak kout epe+.”
5 Se sa k fè Jetwo, bòpè Moyiz la, te al jwenn Moyiz kote l te ye nan dezè a, sou mòn vrè Dye a+, ansanm ak pitit gason Moyiz yo ak madanm li. 6 Li te voye di Moyiz: “Mwen menm, Jetwo, bòpè w+, m ap vin jwenn ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason w yo.” 7 Lamenm, Moyiz al rankontre bòpè l la, li bese byen ba devan l, apre sa, li bo l. Youn mande lòt kòman yo ye, epi yo antre nan tant Moyiz la.
8 Moyiz te rakonte bòpè l tout sa Jewova te fè Farawon ak peyi Ejip poutèt pèp Izrayèl la+. Li te rakonte l tout difikilte yo te jwenn pandan yo te sou wout la+ e jan Jewova te delivre yo. 9 Jetwo te kontan tande tout bon bagay Jewova te fè pou pèp Izrayèl la lè l te delivre yo nan peyi Ejip*. 10 Apre sa, Jetwo di: “Louwanj pou Jewova, ki te fè nou soti nan peyi Ejip, anba men Farawon, e ki te fè pèp li a soti anba kontwòl peyi Ejip. 11 Kounye a, mwen konnen Jewova pi gran pase tout lòt dye yo+ poutèt sa l fè Ejipsyen yo ki t ap aji avèk awogans ak pèp li a.” 12 Apre sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, vin ak yon bèt pou boule nèt pou Bondye ak plizyè lòt sakrifis. Arawon ak tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te vin manje devan vrè Dye a avèk bòpè Moyiz la.
13 Nan demen, Moyiz chita, jan l konn abitye fè sa, pou l sèvi kòm jij pou pèp la, e moun yo nan pèp la t ap vin kote l soti nan maten rive nan aswè. 14 Lè bòpè Moyiz la wè tout sa Moyiz t ap fè pou pèp la, li di l: “Ki sa w ap fè pou pèp la konsa a? Poukisa w chita poukont ou epi tout moun nan pèp la ap vin kote w soti nan maten rive nan aswè?” 15 Moyiz di bòpè l: “Moun yo vin kote m pou yo ka chèche direksyon nan men Bondye. 16 Lè de moun gen pwoblèm, se devan m yo vini. Se mwen ki pou jije ka a. Epi, mwen fè yo konnen desizyon vrè Dye a pran ansanm ak lwa l yo+.”
17 Bòpè Moyiz la di l: “Jan w fè a pa bon. 18 W ap fatige, e pèp la ap fatige tou. Chay sa a twò lou pou ou e w pa ka pote l poukont ou. 19 Koute sa m ap di w. M ap ba w yon konsèy e Bondye ap avè w+. W ap reprezante pèp la devan vrè Dye a+, e se ou k ap prezante ka yo devan l+. 20 W ap fè pèp la konnen kòmandman Bondye yo ak lwa l yo+, e w ap fè yo konnen ki jan pou yo aji ak ki sa pou yo fè. 21 Men, ou dwe chwazi kèk gason nan mitan pèp la ki kapab+, ki gen krentif pou Bondye, moun ou ka fè konfyans e ki pap chèche avantaj nan move kondisyon+. W ap mete yo chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 50 moun ladan yo, e w ap mete yo chèf gwoup ki gen 10 moun ladan yo+. 22 Y ap jije pèp la lè gen pwoblèm e y ap pote ka ki difisil yo devan w+. Men, ka ki pa difisil yo, y ap pran desizyon sou yo. Kite yo ede w pote chay la, konsa, travay la ap pi fasil pou ou+. 23 Si w fè sa, epi Bondye dakò, w ap kapab sipòte chay la. E tout moun ap tounen lakay yo ak kè kontan.”
24 Moyiz koute bòpè l e li pa pran tan pou l fè tout sa l te di l fè yo. 25 Li chwazi yon seri gason ki kapab pami Izrayelit yo e li mete yo chèf sou pèp la. Genyen ki te chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, genyen ki te chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, genyen ki te chèf gwoup ki gen 50 moun ladan yo e genyen ki te chèf gwoup ki gen 10 moun ladan yo. 26 Yo te jije pèp la lè te gen pwoblèm. Lè te gen yon ka ki difisil, yo te mennen l devan Moyiz+, men, lè ka a pa t difisil, yo te fè jijman an. 27 Annapre, Moyiz separe ak bòpè l+, e bòpè l la te retounen nan peyi l.