Egzòd
37 Apre sa, Betsalèl+ fè Lach la+ ak bwa akasya. Li te mezire de koude* edmi longè, yon koude edmi lajè ak yon koude edmi wotè+. 2 Li te kouvri l ak bon lò ni anndan ni deyò e li te fè yon bòdi annò toutotou l+. 3 Apre sa, li fè kat bag annò pou Lach la pou l mete pa anlè chak pye l yo. Li te met de bag sou yon bò, de bag sou lòt bò a. 4 Apre sa, li fè baton ak bwa akasya e li kouvri yo ak lò+. 5 Epi, li mete baton yo nan bag yo, sou kote Lach la, pou yo pote Lach la+.
6 Li te fè kouvèti Lach la ak bon lò+. Kouvèti a te mezire de koude edmi longè ak yon koude edmi lajè+. 7 Apre sa, li fè de cheriben+ annò sou de pwent kouvèti a. Li te ba yo fòm ak mato+. 8 Yon cheriben te sou yon pwent e lòt cheriben an te sou lòt pwent lan. 9 De cheriben yo te youn anfas lòt e figi yo te bay sou kouvèti a+. Zèl yo te ouvri pa anlè pou yo kouvri kouvèti a+.
10 Apre sa, li fè yon tab ak bwa akasya+. Li te mezire de koude longè, yon koude lajè ak yon koude edmi wotè+. 11 Li te kouvri l ak bon lò e li te fè yon bòdi annò toutotou l. 12 Apre sa, li fè yon ankadreman ki mezire lajè kat dwèt* sou arebò tab la e li fè yon bòdi annò pou ankadreman an. 13 Epitou, li fè kat gwo bag annò pou tab la e li mete bag yo nan kat kwen tab la, kote pye yo kole ak tab la. 14 Bag yo te toupre ankadreman tab la. Se ladan yo yo te dwe mete baton pou pote tab la. 15 Li te fè baton pou yo pote tab la ak bwa akasya e li te kouvri yo ak lò. 16 Apre sa, li fè veso ki pou tab la ak bon lò: asyèt, koup, bòl ak po. Se avèk yo yo te dwe vide bwason y ap bay kòm ofrann yo+.
17 Epi li fè pòtlanp lan+ ak bon lò. Li te ba l fòm ak mato. Pye pòtlanp lan, kò li, baz flè yo, boujon yo ak flè yo te fè yon sèl pyès+. 18 Te gen sis branch ki te soti sou kò pòtlanp lan, twa branch sou yon bò, twa branch sou lòt bò a. 19 Nan branch ki sou yon bò, te gen twa baz flè ki sanble ak flè pye zanmann. Apre chak baz flè, te gen yon boujon, epi te gen yon flè. Se te menm bagay la pou branch ki sou lòt bò a. Se konsa sis branch yo te ye sou kò pòtlanp lan. 20 Epitou, te gen kat baz flè ki sanble ak flè pye zanmann sou kò pòtlanp lan. Apre chak baz flè, te gen yon boujon, epi te gen yon flè. 21 Te gen yon boujon anba de premye branch ki soti nan kò pòtlanp lan, te gen yon boujon anba de lòt yo, e te gen yon boujon anba de dènye yo. Se konsa sa te ye pou sis branch ki soti nan kò pòtlanp lan. 22 Tout pòtlanp lan nèt, boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ki fèt ak bon lò yo travay ak mato. 23 Apre sa, li sèvi ak bon lò pou l fè sèt lanp pou pòtlanp lan+, pensèt pou kenbe mèch yo ansanm ak veso pou met mèch ki fin boule yo. 24 Li te itilize yon talan* bon lò pou l fè pòtlanp lan ansanm ak tout veso ki mache avè l yo.
25 Apre sa, li fè lotèl pou yo boule lansan an+ ak bwa akasya. Li te fè l kare, li te mezire yon koude longè, yon koude lajè ak de koude wotè. Kòn lotèl la te fè yon sèl ak lotèl la+. 26 Apre sa, li kouvri lotèl la ak bon lò, ni tèt lotèl la, ni arebò l yo, ni kòn li yo. Epi, li fè yon bòdi annò toutotou l. 27 Li te fè bag annò tou e li te mete yo anba bòdi lotèl la, de sou yon bò, de sou lòt bò a. Se ladan yo yo te mete baton pou yo pote lotèl la. 28 Apre sa, li fè baton ak bwa akasya e l kouvri yo ak lò. 29 Mete sou sa, li fè luil onksyon ki sakre a+, li fè lansan santi bon an+, yon lansan ki te pwòp e ki te byen melanje*.