Ezayi
16 Voye yon mouton bay chèf peyi a,
Soti Sela, travèse dezè a,
Pou al nan mòn vil Siyon an.
3 “Bay konsèy, pran desizyon.
Fè lonbray nou ki parèt a midi a vin menm jan ak aswè.
Kache moun ki gaye yo e pinga n trayi moun k ap kouri pou yo chape yo.
4 Mowab, se pou moun ki gaye yo ret lakay ou.
Se pou w vin tounen yon kote pou yo kache akoz moun k ap touye moun nan+.
Moun k ap toupizi moun nan ap pèdi lavi l,
Kraze brize a ap fini,
E moun k ap pilonnen lòt moun anba pye yo ap peri sou tè a.
5 Lè sa a, gen yon twòn k ap tabli byen djanm grasa lanmou ki fidèl+.
Moun ki chita sou li nan tant David la ap fidèl,
L ap jije san paspouki, li pap pèdi tan pou l fè sa ki jis+.”
6 Nou tande pale de ògèy Mowab genyen, li gen anpil ògèy+.
Nou tande yo di li awogan, li gen ògèy e li an kòlè+,
Men, pawòl san valè l ap di yo pap itil anyen.
7 Se sa k fè moun Mowab yo pral kriye pou malè ki tonbe sou yo.
Yo tout pral kriye+.
Moun yo bat yo pral plenn pou gato rezen Kiraresèt yo+.
8 Jaden Esbon yo+ fennen,
Pye rezen Sibma a seche+,
Moun ki chèf nasyon yo pilonnen bèl branch ki gen* grap rezen yo.
Yo rive jis Jazè+.
Yo rive nan dezè a.
Branch rezen yo rive jis nan lanmè a.
9 Se sa k fè m ap kriye pou pye rezen Sibma a menm jan m kriye pou Jazè.
M ap mouye Esbon ak Eleyale nèt ak dlo nan je m+,
Paske yo sispann rele pou* fwi ou genyen ki bon nan sezon ete yo ak rekòt ou yo.
10 Pa gen fèt ak kè kontan ankò nan jaden an.
Pa gen okenn chante ki bay kè kontan, e pa gen moun k ap rele byen fò nan jaden rezen yo+.
Moun ki konn kraze rezen yo pap kraze rezen nan basen yo pou yo fè diven ankò,
Paske mwen fè yo sispann rele+.
11 Se sa k fè tout anndan m ap tranble pou Mowab+,
Tankou kòd yon hap* y ap jwe,
E zantray mwen ap rache pou Kiraresèt+.
12 Menmsi moun Mowab yo ap kraze kò yo nan kote ki wo yo konn fè adorasyon an e y al priye nan kote ki sakre yo genyen an, sa pap itil yo anyen+.
13 Se sa Jewova te anonse pou Mowab. 14 Kounye a, men sa Jewova di: “Nan twazan egzakteman*, Mowab pral pèdi glwa li akoz tout kalite dezòd k ap fèt ladan l, epi se yon tikras moun ki pa vo anyen k ap ret ladan l+.”