Ezayi
19 Men yon mesaj kont Ejip+:
Gade! Jewova monte sou yon nyaj ki rapid e l ap antre ann Ejip.
Pakèt dye san valè Ejip genyen yo pral tranble devan l+,
Ejipsyen yo ap pè anpil.
2 “M ap fè Ejipsyen leve kont Ejipsyen,
E youn ap batay ak lòt.
Chak moun ap batay ak frè l e avèk pwochen l.
Vil ap kont vil e wayòm ap kont wayòm.
3 Epi, lespri moun peyi Ejip yo ap vin boulvèse.
M ap bwouye plan yo genyen yo+.
Yo pral chèche sekou nan men dye san valè yo,
Nan men moun ki maton nan chame sèpan yo ak moun ki konn chèche pale ak mò yo ansanm ak divinò yo+.
4 M ap lage Ejip anba men yon mèt ki rèd,
E se yon wa ki di k ap dirije l+.” Se sa vrè Seyè a, Jewova, Chèf lame yo, di.
5 Dlo lanmè a ap seche,
Rivyè a ap bese nèt e l ap vin sèch+.
6 Rivyè yo ap vin gen move sant.
Dlo kanal ki sot nan Rivyè Nil nan peyi Ejip yo ap bese e y ap sèch.
Wozo yo ak jon yo ap pouri+.
7 Tout plant ki arebò Rivyè Nil la, nan lanbouchi a,
Ak tout tè yo konn fè jaden ki arebò Rivyè Nil la+ ap vin sèch+.
Van ap pote yo ale e yo pap egziste ankò.
8 Pechè pwason yo ap nan gwo lapenn,
Moun k ap voye zen pou kenbe pwason nan Rivyè Nil la ap plenyen,
E moun k ap lage filè yo nan dlo a ap depafini.
9 Moun k ap demele len pou yo fè twal+
Ak moun k ap fè twal blan sou kad yo ap wont.
10 Travayè nan peyi Ejip ki konn fè twal yo ap santi yo kraze.
Tout travayè yo peye pou travay yo ap nan lapenn*.
11 Chèf Sowan yo+ sòt.
Moun ki gen plis sajès ki konn bay Farawon konsèy yo ba l move konsèy+.
Ki jan w fè di Farawon:
“Mwen se desandan moun ki gen sajès,
Desandan wa ki te la nan tan lontan yo”?
12 Ki kote moun ou genyen ki gen sajès yo ye menm+?
Se pou yo di w ki sa Jewova, Chèf lame yo, deside fè ak Ejip, si yo konnen!
13 Chèf Sowan yo aji tankou moun sòt.
Chèf tout gwoup moun ki gen nan peyi Ejip yo lakòz nasyon an pèdi wout li.
14 Jewova lage konfizyon nan mitan moun Ejip yo+.
Chèf yo fè moun yo pa konn ki wout pou yo fè nan tout sa y ap fè,
Tankou yon moun ki sou k ap glise sou vomi l.
15 Ejip pap ka fè anyen,
Ni tèt ni ke, ni boujon ni zèb ki byen wo* pap ka fè anyen.
16 Jou sa a, Ejip ap vin tankou fi, l ap tranble e l ap pè anpil paske Jewova, Chèf lame yo, ap menase l ak men l+. 17 Peyi Jida ap bay Ejip laperèz. Moun Ejip yo ap annik tande pale de peyi Jida, y ap pè, akoz desizyon Jewova, Chèf lame yo, pran kont yo+.
18 Jou sa a, ap gen senk vil nan peyi Ejip ki pale lang moun peyi Kanaran yo+ e moun nan vil sa yo ap fè sèman y ap fidèl ak Jewova, Chèf lame yo. Gen yon vil y ap rele Vil Destriksyon.
19 Jou sa a, ap gen yon lotèl pou Jewova nan mitan peyi Ejip e y ap met yon poto kanpe pou Jewova nan fwontyè peyi a. 20 Sa ap yon siy k ap fè moun sonje Jewova, Chèf lame yo, nan peyi Ejip. Paske y ap rele pou yo mande Jewova sekou akoz moun k ap fè yo abi, e l ap voye yon moun vin delivre yo, yon moun enpòtan pou vin sove yo. 21 Epi, Ejipsyen yo ap vin konnen Jewova, y ap konnen Jewova jou sa a, y ap fè sakrifis pou Jewova, y ap ba l kado, y ap fè yon ve e y ap respekte ve a. 22 Jewova ap frape Ejip+, l ap frape l epi l ap geri l. Moun yo ap retounen vin jwenn Jewova k ap reponn priyè yo e k ap geri yo.
23 Jou sa a, ap gen yon gwo wout+ ki sot Ejip al Asiri. Epi, moun Asiri yo pral ann Ejip, moun Ejip yo pral Asiri, e moun Ejip yo ap sèvi Bondye ansanm ak moun Asiri yo. 24 Jou sa a, Izrayèl ap met ansanm ak Ejip ak Asiri+, l ap yon benediksyon pou tout tè a, 25 paske Jewova, Chèf lame yo, ap beni l, l ap di: “Benediksyon pou Ejip, pèp mwen an, pou Asiri, travay mwen fè ak men m nan, e pou Izrayèl, eritaj mwen an+.”