Ezayi
24 Gade! Jewova fè peyi* a vin vid e li fè l depafini+.
Li chavire l tèt anba+ e li fè moun ki ret ladan l yo gaye+.
2 Se menm bagay la k ap rive tout moun,
Ni pèp la ni prèt la,
Ni sèvitè a ni mèt li,
Ni sèvant lan ni mètrès li,
Ni moun k ap achte a ni moun k ap vann nan,
Ni moun k ap prete moun nan ni moun ki mande prete a,
Ni moun k ap prete moun lajan ak enterè a ni moun ki dwe a+.
4 Peyi a nan lapenn*+. Li kraze nèt.
Tè ki konn bay rannman an vin sèch, li fin depafini.
Gwo zotobre ki nan peyi a ap pèdi fòs.
5 Moun ki abite nan peyi a fin sal li+,
Paske yo pa respekte lalwa+.
Yo chanje dekrè yo+,
E yo pa respekte alyans ki la depi byen lontan an+.
6 Se sa k fè malediksyon fini ak peyi a+,
E moun ki ret nan peyi a koupab.
Se sa k fè vin pa gen anpil moun nan peyi a,
E se de twa gason ki ret ladan l+.
8 Tanbouren yo pa fè kè moun kontan ankò.
Moun k ap banboche yo sispann fè bri.
9 Y ap bwè diven san mizik,
E bwason ki gen alkòl yo anmè nan bouch moun k ap bwè yo.
10 Vil ki pa gen moun ladan l lan kraze+.
Tout kay fèmen, konsa pèsonn pa ka antre ladan yo.
11 Nan tout lari, moun ap rele mande pou diven.
Pa gen okenn fèt ankò.
Pa gen kè kontan ankò nan peyi a+.
12 Yo kraze vil la rapyetè.
Pòtay vil la kraze, li tounen yon pil dekonm+.
13 Paske, men ki jan pèp mwen an ap ye nan peyi a, pami lòt pèp yo:
L ap tankou grenn oliv yo kite nan yon pye oliv+,
E l ap tankou rès rezen yo kite nan jaden apre rekòt+.
14 Y ap rele byen fò,
Y ap rele tèlman yo kontan.
Depi nan direksyon lanmè a*, y ap fè konnen jan Jewova gran+.
15 Se sa k fè, y ap bay Jewova glwa nan zòn limyè a*+.
Sou zile ki nan lanmè yo, y ap louwe non Jewova, Bondye Izrayèl la+.
16 Nou tande moun k ap chante jis nan dènye bout tè a k ap di:
“Glwa* pou Bondye, Sila a ki jis la+!”
Men, mwen di: “Mwen fin depafini! Mwen fin depafini!
Malè pou mwen! Moun ki trèt la fè kou trèt.
Moun ki trèt la gen riz e li fè kou trèt+.”
17 Nou menm ki rete nan peyi a, n ap gen laperèz, n ap tonbe nan twou e n ap pran nan pyèj+.
18 Nenpòt moun ki kouri akoz bri ki bay laperèz la ap tonbe nan twou a,
E nenpòt moun ki sot nan twou a ap pran nan pyèj la+.
Paske vàn dlo ki nan syèl la ap ouvri,
E peyi a ap tranble depi nan fondasyon l.
20 Peyi a ap balanse de bò tankou yon moun ki sou.
L ap balanse sot devan al dèyè tankou yon kay pay van ap souke.
Peche l yo lou sou do l+.
L ap tonbe e li pap ka leve ankò.
21 Jou sa a, Jewova ap vire gade lame ki anwo nan syèl la,
E l ap vire gade wa yo sou tè a.
22 Y ap rasanble yo ansanm,
Menm jan ak prizonye ki rasanble nan yon twou,
Y ap fèmen yo nan kacho.
E apre anpil jou, yo pral gade ki jan yo ye.