Ezayi
29 “Malè pou Ariyèl*! Malè pou Ariyèl, vil kote David te konn monte kan l lan+!
Se pou nou kontinye fè fèt+ nou yo
Ane apre ane!
2 Men, m ap lage malè+ sou Ariyèl,
Pral gen gwo lapenn, moun pral plenn+.
Pou mwen, l ap vin tankou yon lotèl pou Bondye+.
3 M ap monte kan m toutotou w pou m atake w,
M ap pike poto toutotou w pou m ansèkle w,
E m ap met barikad toutotou w+.
4 Y ap desann ou byen ba.
Lè w ap pale, se nan tè a vwa w ap soti,
E pousyè ap toufe sa w ap di.
Vwa w ap sot anba tè+
Tankou vwa moun ki konn chèche pale ak mò.
Pawòl ou yo ap sot nan pousyè a tankou yon chwichwichwichwi.
5 Foul moun ki ènmi w* yo ap tankou poud ki byen fen+,
Pakèt chèf ki mechan yo ap tankou pay van ap pote+.
E sa ap rive byen vit, sanzatann+.
6 Jewova, Chèf lame yo, ap delivre nou.
L ap fè sa ak loray, tranblemanntè ak yon bri ki fò anpil,
Ak van tanpèt, siklòn ak gwo flanm dife+.”
7 Lè sa a, foul moun lòt nasyon k ap fè lagè ak Ariyèl yo+,
Tout moun k ap goumen avè l yo,
E ki met barikad toutotou l yo
Ak moun ki fè malè tonbe sou li yo
Pral vin tankou yon vizyon moun fè lannuit.
8 Wi, se pral tankou yon moun ki grangou ki reve l ap manje,
Men, lè l leve nan dòmi, li toujou grangou*,
E se pral tankou yon moun ki swaf ki reve l ap bwè,
Men, lè l leve nan dòmi, li toujou fatige e li toujou swaf*.
Se sa k pral rive foul moun nan tout nasyon yo
K ap fè lagè ak moun nan Mòn Siyon yo+.
9 Se pou n pantan! Se pou n sezi+!
Fèmen je nou pou n pa wè+.
Yo sou san yo pa bwè diven.
Y ap balanse de bò, men se pa alkòl ki fè yo sa.
10 Paske, Jewova fè yon gwo dòmi pran nou+.
Li fèmen je nou, nou menm pwofèt yo+,
E li kouvri tèt nou, nou menm moun k ap fè vizyon yo+.
11 Tout vizyon yo vin tankou pawòl nan yon liv yo fèmen ak so+. Lè yo lonje l bay yon moun ki konn li e yo di moun nan: “Tanpri, li l byen fò”, moun nan ap di: “Mwen pa kapab, paske yo fèmen l nèt ak so.” 12 Epi, lè yo lonje liv la bay yon moun ki pa konn li, epi yo di l: “Tanpri, li sa”, l ap di: “Mwen pa konn li.”
13 Jewova di: “Se nan bouch pèp sa a pwoche kote m,
E se nan bouch yo onore m+,
Men, kè yo byen lwen m.
Epi, lakrentif yo di yo gen pou mwen an chita sou kòmandman yo resevwa nan men lèzòm+.
14 Se sa k fè mwen pral fè pèp sa a yon seri bagay estrawòdinè ankò+,
Se pral mèvèy sou mèvèy.
Sajès moun ki saj yo ap peri,
E moun ki gen bonsans yo pap gen bon konprann+.”
15 Malè pou moun ki fè tout sa yo kapab pou yo kache plan yo fè* yo pou Jewova+.
Yo fè sa y ap fè yo nan fènwa,
Pandan y ap di: “Ki moun ki wè nou?
Ki moun ki konnen sa n ap fè+?”
16 Gad ki jan nou tòde bagay yo*!
Èske yon moun dwe konsidere atizan ki konn travay ak ajil la menm jan ak ajil la+?
Èske yon bagay yon moun fè ka di moun ki fè l la:
“Se pa ou ki te fè m+”?
Epi, èske yon bagay yo bay fòm ka di moun ki ba l fòm nan:
“Ou pa konprann anyen+”?
18 Jou sa a, moun ki soud yo ap tande pawòl ki nan liv la,
E je moun ki avèg yo ap wè nan fènwa ki pwès+.
19 Moun ki met tèt yo toupiti yo ap kontan anpil grasa Jewova.
E moun ki pòv pami lèzòm yo ap kontan grasa Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+.
20 Paske, chèf k ap fè mechanste yo pap la ankò,
Grandizè yo ap disparèt nèt.
Y ap elimine tout moun ki toujou pare pou yo fè sa ki mal+,
21 Moun k ap bay manti pou fè lòt moun parèt koupab yo,
Moun ki tann pyèj pou moun k ap defann* lòt moun nan pòtay vil la+
Ak moun k ap lage fo akizasyon sou moun ki dwat pou anpeche yo jwenn jistis+.
22 Se sa k fè, men sa Jewova, Bondye ki te sove Abraram nan+, di desandan Jakòb yo:
23 Paske, lè l wè pitit li yo bò kote l,
Yo menm ki se travay mwen fè ak men m+,
Lè sa a, y ap onore non m,
Wi, y ap onore Bondye Jakòb la, Bondye ki sen an,
E y ap gen lakrentif pou Bondye Izrayèl la+.
24 Moun ki gen ide dwategòch yo ap vin gen bon konprann,
E moun k ap plenyen yo ap kite yo anseye yo.”