Jeremi
19 Men sa Jewova di: “Al achte yon krich nan men yon atizan ki konn travay ak ajil+. Pran kèk chèf nan mitan pèp la avè w ansanm ak kèk chèf nan mitan prèt yo 2 epi soti al nan Vale pitit gason Inon an+, nan antre Pòtay Moso potri a. Pandan w la, w ap di pawòl m ap di w yo. 3 Men sa w ap di: ‘Nou menm wa Jida yo ak nou menm ki abite Jerizalèm, tande sa Jewova di. Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di:
“‘“M ap lage yon malè sou kote sa a e nenpòt moun ki tande sa ap sezi*. 4 M ap fè sa paske yo vire do ban mwen+ e yo fè m vin pa ka rekonèt zòn nan ankò+. Yo plede ap fè sakrifis pou lòt dye ladan l, yon seri dye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa Jida yo pa t konnen, e yo plen kote sa a ak san moun ki inosan yo touye+. 5 Yo bati kote ki wo pou yo adore Baal, pou yo ka boule pitit gason yo nan dife kòm ofrann yo boule nèt pou Baal+, yon bagay mwen pa t ba yo lòd fè, mwen pa t pale avèk yo sou sa, ni ki pa t janm vin nan kè m*+.”’
6 “‘“Kidonk, tande sa! Gen jou k ap vini”, se sa Jewova di, “kote yo pap rele kote sa a Tofèt ankò, ni yo pap rele l Vale pitit gason Inon an, men y ap rele l Vale Masak la+. 7 M ap dejwe plan moun Jida yo ak moun Jerizalèm yo nan kote sa a e m ap fè ènmi yo k ap chèche elimine yo* touye yo ak kout epe. M ap bay zwazo ki nan syèl la ak lòt bèt ki sou tè a kadav yo pou yo manje+. 8 Mete sou sa, m ap fè vil sa a vin yon kote ki fè moun sezi e ki fè yo pè lè yo wè l. Chak moun k ap pase nan zòn nan ap ret gade, y ap sezi e y ap pè akoz tout malè ki rive vil la+. 9 M ap fè yo manje chè pitit gason yo ak chè pitit fi yo. Yo chak ap manje chè moun parèy yo akoz ènmi k ap ansèkle yo e akoz y ap panike lè ènmi sa yo k ap chèche elimine yo* ap sènen yo+.”’
10 “Apre sa, se pou w kraze krich la devan je mesye ki ale avèk ou yo 11 e se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Se konsa m ap kraze pèp sa a ak vil sa a. M ap kraze l menm jan yon moun kraze yon krich yon atizan ki konn travay ak ajil fè, yon fason pou l pa ka repare ankò. Yo gen pou yo antere moun mouri yo nan Tofèt jiskaske pa gen plas ankò pou yo antere yo+.”’
12 “‘Se sa m ap fè kote sa a,’ se sa Jewova di, ‘e se sa m pral fè moun ki abite ladan l yo, yon fason pou m fè vil sa a vin menm jan ak Tofèt. 13 Kay ki nan Jerizalèm yo ak kay wa Jida yo ap vin pa pwòp menm jan ak isit la, Tofèt+, wi, tout kay yo te ofri bagay ki nan syèl la sakrifis sou tèt yo+ e yo te ofri lòt dye bwason sou tèt yo+.’”
14 Lè Jeremi sot Tofèt, kote Jewova te voye l bay pwofesi a, li kanpe nan lakou kay Jewova a e l di tout moun yo: 15 “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap lage tout malè mwen te di yo sou vil sa a e sou bouk ki ozalantou l yo, paske moun yo refize* obeyi pawòl mwen+.’”