Jeremi
24 Epi, Jewova montre m de pànye fig frans ki te devan tanp Jewova a. Se te apre Nebikadneza*, wa Babilòn nan, te fin mennen Jekónyas*+, pitit gason Jewoyakim+, wa Jida a, ann egzil ansanm ak chèf ki nan Jida yo, atizan yo ak moun ki te konn travay metal yo*. Li te fè yo kite Jerizalèm e li te mennen yo ann egzil Babilòn+. 2 Youn nan pànye yo te gen fig frans ki bon anpil. Yo te tankou fig ki mi bonè. Men, lòt pànye a te gen yon seri fig frans ki pa t bon menm. Yo te tèlman pa bon, moun pa t ka manje yo.
3 Apre sa, Jewova di m: “Ki sa w wè, Jeremi?” Mwen di l: “Mwen wè fig frans. Genyen ki bon anpil, men genyen ki pa bon menm. Yo tèlman pa bon, moun pa ka manje yo+.”
4 Apre sa, Jewova pale avè m, li di m: 5 “Men sa mwen menm, Jewova, Bondye Izrayèl la, mwen di: ‘M ap konsidere moun Jida ki al ann egzil yo tankou bon fig sa yo, moun mwen te fè kite kote sa a pou y ale nan peyi moun Kalde yo. 6 M ap voye je sou yo pou byen yo e m ap fè yo tounen nan peyi a+. M ap bati yo, mwen pap kraze yo. M ap plante yo, mwen pap derasinen yo+. 7 M ap fè yo gen yon kè k ap pèmèt yo konnen mwen se Jewova+. Y ap vin pèp mwen e mwen menm m ap vin Bondye yo+ paske y ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo+.
8 “‘Men, kanta pou fig ki tèlman pa bon moun pa ka manje yo+, men sa Jewova di: “Se konsa m ap konsidere Sedesyas+, wa Jida a, chèf li yo, rès moun Jerizalèm ki rete nan peyi sa a ansanm ak sa ki abite ann Ejip yo+. 9 M ap fè tout nasyon ki sou tè a pè lè yo wè malè mwen lage sou yo a+. Moun yo ap pale yo mal, y ap pran yo kòm egzanp lè y ap pale de moun malè tonbe sou yo, y ap pase yo nan rizib, y ap lage madichon sou yo+ tout kote m gaye yo+. 10 M ap frape yo ak epe+, ak grangou, ak maladi+ jiskaske m fin touye yo nèt nan peyi m te bay ni yo menm ni zansèt yo a.”’”