Jeremi
45 Men sa pwofèt Jeremi te di Bawouk+, pitit gason Neriya a, lè l t ap ekri pawòl Jeremi te di l ekri yo nan yon woulo+, nan katriyèm ane rèy Jewoyakim+, pitit gason Jozyas, wa Jida a:
2 “Bawouk, men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di konsènan ou menm: 3 ‘Ou di: “Ala traka pou mwen. Paske, Jewova ajoute lapenn sou doulè m! Mwen bouke plenn. Mwen pa jwenn yon kote pou m viv ak kè poze.”’
4 “Men sa pou w di l: ‘Jewova di: “Gade! Sa m te bati a, m ap kraze l, sa m te plante a, m ap derasinen l. M ap fè sa nan tout peyi a+. 5 Men, ou menm w ap chèche* gwo bagay pou tèt ou. Sispann chèche bagay sa yo.”’
“‘Paske, talè konsa, m ap lage yon malè sou tout moun+, e kèlkeswa kote w ale, m ap sove lavi w*+.’ Se sa Jewova di.”