BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 14
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yo kondane moun k ap sèvi zidòl yo (1-11)

      • Bondye ap pini Jerizalèm kanmenm (12-23)

        • Noye, Dànyèl ak Jòb, twa moun ki jis (14, 20)

Ezekyèl 14:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 33:30, 31

Ezekyèl 14:3

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 3:13; Eza 1:15; Jr 11:11

Ezekyèl 14:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “m ap sezi kay Izrayèl la nan kè yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 2:5

Ezekyèl 14:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 55:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 105

Ezekyèl 14:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 21:1, 2; Eze 33:31

Ezekyèl 14:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:2, 3

Ezekyèl 14:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 22:21, 22; Jr 4:10; 2Te 2:10, 11

Ezekyèl 14:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 24:7; Eze 11:19, 20

Ezekyèl 14:13

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “m ap kase baton pen l yo”. Petèt y ap pale de baton yo te konn itilize pou yo sere pen.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:26
  • +Eza 3:1; Jr 15:2
  • +Jr 7:20

Ezekyèl 14:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 6:8, 9; Eb 11:7
  • +Dn 10:11
  • +Jb 1:8; 42:8
  • +Pw 11:4; Jr 15:1; 2P 2:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    2/2018, p. 3-7

    Toudegad etid,

    5/2016, p. 30-31

Ezekyèl 14:15

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “e yo ta fè l pa gen pitit li yo ankò”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:22; Jr 15:3

Ezekyèl 14:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:25; Jr 25:9; Eze 21:3
  • +Sf 1:3

Ezekyèl 14:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:21, 22

Ezekyèl 14:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 7:1
  • +Dn 10:11
  • +Jb 1:8; 42:8
  • +Eze 18:20; Sf 2:3

Ezekyèl 14:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 15:2
  • +Eze 5:17; 33:27
  • +Jr 32:43

Ezekyèl 14:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:31; 2Kw 36:20; Eze 6:8; Mi 5:7

Ezekyèl 14:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ne 9:33; Jr 22:8, 9; Eze 9:9; Dn 9:7

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 14:1Eze 33:30, 31
Eze. 14:32Wa 3:13; Eza 1:15; Jr 11:11
Eze. 14:5Jr 2:5
Eze. 14:6Eza 55:7
Eze. 14:7Jr 21:1, 2; Eze 33:31
Eze. 14:8Le 20:2, 3
Eze. 14:91Wa 22:21, 22; Jr 4:10; 2Te 2:10, 11
Eze. 14:11Jr 24:7; Eze 11:19, 20
Eze. 14:13Le 26:26
Eze. 14:13Eza 3:1; Jr 15:2
Eze. 14:13Jr 7:20
Eze. 14:14Jen 6:8, 9; Eb 11:7
Eze. 14:14Dn 10:11
Eze. 14:14Jb 1:8; 42:8
Eze. 14:14Pw 11:4; Jr 15:1; 2P 2:9
Eze. 14:15Le 26:22; Jr 15:3
Eze. 14:17Le 26:25; Jr 25:9; Eze 21:3
Eze. 14:17Sf 1:3
Eze. 14:19Dt 28:21, 22
Eze. 14:20Jen 7:1
Eze. 14:20Dn 10:11
Eze. 14:20Jb 1:8; 42:8
Eze. 14:20Eze 18:20; Sf 2:3
Eze. 14:21Jr 15:2
Eze. 14:21Eze 5:17; 33:27
Eze. 14:21Jr 32:43
Eze. 14:22Dt 4:31; 2Kw 36:20; Eze 6:8; Mi 5:7
Eze. 14:23Ne 9:33; Jr 22:8, 9; Eze 9:9; Dn 9:7
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 14:1-23

Ezekyèl

14 Kèk nan ansyen ki nan pèp Izrayèl la te vini e yo te chita devan m+. 2 Lè sa a, Jewova pale avè m, li di m: 3 “Pitit lòm, mesye sa yo deside pou yo kontinye sèvi zidòl yo genyen yo ki bay degoutans*, e yo mete yon obstak devan moun yo ki fè yo peche. Poukisa pou m ta reponn yo lè yo poze m kesyon+? 4 Kounye a, se pou w pale avèk yo e se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Si yon Izrayelit byen deside pou l sèvi zidòl li genyen yo ki bay degoutans e li mete yon obstak devan moun yo ki fè yo peche, epi apre sa, li vin kot yon pwofèt pou l poze l kesyon, mwen menm, Jewova, m ap reponn li kòmsadwa, selon sa l merite pou kantite zidòl li genyen ki bay degoutans yo. 5 Paske, m ap fè moun Izrayèl yo vin pè* poutèt yo tout vire do ban mwen e y al sèvi zidòl yo genyen yo ki bay degoutans+.”’

6 “Kidonk, se pou w di pèp Izrayèl la: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Tounen vin jwenn mwen, vire do bay zidòl nou genyen yo ki bay degoutans epi sispann pratike move bagay n ap pratike yo+. 7 Paske, kèlkeswa Izrayelit oswa etranje k ap viv ann Izrayèl ki vire do ban mwen, ki byen deside pou l sèvi zidòl li genyen yo ki bay degoutans, ki mete yon obstak devan moun yo ki fè yo peche epi ki vin kot pwofèt mwen an pou l poze l kesyon+, mwen menm, Jewova, m ap reponn li pèsonèlman. 8 M ap regle avèk moun sa a, m ap fè l tounen yon egzanp ki sèvi avètisman, m ap fè moun pase l nan rizib, m ap retire moun sa a nan mitan pèp mwen an+, e n ap konnen mwen se Jewova.”’

9 “‘Men, si yo pran tèt pwofèt la e li bay yon repons, se mwen menm, Jewova, k ap pran tèt li+. M ap lonje men m pou m frape pwofèt sa a e m ap elimine l nan mitan Izrayèl, pèp mwen an. 10 Y ap gen pou yo sibi konsekans peche yo. Ni moun ki vin poze kesyon an, ni pwofèt la ap koupab, 11 yon fason pou moun Izrayèl yo ka sispann vire do ban mwen, pou yo ka sispann sal tèt yo ak peche y ap fè yo. Y ap vin pèp mwen e m ap vin Bondye yo+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

12 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 13 “Pitit lòm, si yon peyi ta peche kont mwen lè l aji yon fason ki montre li pa fidèl, m ap lonje men m pou m frape peyi sa a e m ap detwi rezèv manje l yo*+. Epi, m ap voye yon gwo grangou nan peyi a+ pou m elimine ni moun ni bèt k ap viv ladan l yo+.” 14 “‘Menmsi Noye+, Dànyèl+ ak Jòb+ ta nan peyi sa a, wi, menmsi twa mesye sa yo ta la, se tèt* yo sèlman yo t ap sove poutèt yo jis+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

15 “‘Oubyen, si m ta fè bèt fewòs pase nan peyi a e yo ta touye tout moun nan peyi a* e m ta fè l vin tankou yon dezè ki pa gen moun ki pase ladan l akoz bèt sovaj yo+, 16 menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, menmsi twa mesye sa yo ta nan peyi a, yo pa t ap ka sove ni pitit gason yo ni pitit fi yo, se tèt yo sèlman yo t ap sove e peyi a t ap vin vid.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

17 “‘Oubyen, si m ta di: “Se pou yon epe pase nan peyi sa a+”, e m ta fè moun vin atake peyi sa a ak epe e mwen elimine ni moun ni bèt+, 18 menmsi twa mesye sa yo ta nan peyi a, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, yo pa t ap ka sove ni pitit gason yo ni pitit fi yo, se tèt yo sèlman yo t ap sove.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

19 “‘Oubyen si m ta voye yon maladi nan peyi sa a+ e m ta vide kòlè m sou li pou m fè san koule ladan l, pou m elimine ni moun ni bèt, 20 menmsi Noye+, Dànyèl+ ak Jòb+ ta ladan l, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, yo pa t ap ka sove ni pitit gason yo ni pitit fi yo, se tèt* yo sèlman yo t ap sove poutèt yo jis.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di+.”

21 “Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Se konsa sa ap ye lè m voye kat bagay m ap voye kont Jerizalèm pou m pini l yo+, anpalan de epe, gwo grangou, bèt fewòs ak maladi+, pou m elimine ni moun ni bèt k ap viv ladan l+. 22 Men, gen kèk gason ak kèk fi pami yo k ap chape e y ap mennen yo ann egzil+. Y ap vin jwenn nou. Lè nou wè fason y aji, lè nou wè aksyon yo, se sèten n ap konprann poukisa mwen te lage malè sa a sou Jerizalèm e poukisa mwen te fè l tout sa mwen te fè l yo.’”

23 “‘Lè nou wè fason y aji, lè nou wè aksyon yo, y ap ede nou konprann. N ap wè mwen te gen rezon fè l sa m te fè l yo+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje