BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 3
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Ezekyèl dwe manje woulo Bondye ba l la (1-15)

      • Yo chwazi Ezekyèl pou l sèvi kòm moun k ap veye (16-27)

        • Neglijans fè moun koupab (18-21)

Ezekyèl 3:1

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “manje sa w jwenn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 10:9, 10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 6/2017, p. 3

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    6/2017, p. 5

Ezekyèl 3:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 119:103; Jr 15:16; Re 10:9, 10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 6/2017, p. 3

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    6/2017, p. 5

    Toudegad,

    15/7/2008, p. 8-9

    6/2017, p. 3

Ezekyèl 3:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jon 3:4, 5; Mt 11:21

Ezekyèl 3:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Lk 10:16
  • +Eg 34:9; Jr 3:3; 5:3

Ezekyèl 3:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 1:18, 19; 15:20; Mi 3:8

Ezekyèl 3:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 50:7
  • +Jr 17:18

Ezekyèl 3:11

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nan mitan pitit gason pèp ou a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 24:12, 14
  • +Eze 2:5

Ezekyèl 3:12

Nòt anba paj

  • *

    Mo ki nan lang orijinal la kapab gen rapò ak lespri Bondye oswa ak yon zanj.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 8:3

Ezekyèl 3:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 1:24
  • +Eze 10:16

Ezekyèl 3:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 1:3
  • +Jr 23:9

Ezekyèl 3:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 21:8; 62:6; Jr 6:17
  • +Eza 58:1; Eze 33:7

Ezekyèl 3:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “m ap rann ou responsab san l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 2:40; 1Ti 4:16
  • +Eze 33:4
  • +Eze 33:8

Ezekyèl 3:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sove nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 33:9; Tr 18:6; 20:26

Ezekyèl 3:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “fè enjistis”.

  • *

    Oswa: “m ap rann ou responsab san l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 18:24, 26; 33:12, 18
  • +Le 19:17; Eze 33:6; Eb 13:17

Ezekyèl 3:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sove nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 17:10; Eze 33:14, 15; Jk 5:19, 20

Ezekyèl 3:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 1:27, 28
  • +Eze 1:1

Ezekyèl 3:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 2:2; Dn 10:19

Ezekyèl 3:26

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 66

Ezekyèl 3:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 24:27; 33:22
  • +Mt 11:15
  • +Eza 30:9

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 3:1Re 10:9, 10
Eze. 3:3Sm 119:103; Jr 15:16; Re 10:9, 10
Eze. 3:6Jon 3:4, 5; Mt 11:21
Eze. 3:7Lk 10:16
Eze. 3:7Eg 34:9; Jr 3:3; 5:3
Eze. 3:8Jr 1:18, 19; 15:20; Mi 3:8
Eze. 3:9Eza 50:7
Eze. 3:9Jr 17:18
Eze. 3:112Wa 24:12, 14
Eze. 3:11Eze 2:5
Eze. 3:12Eze 8:3
Eze. 3:13Eze 1:24
Eze. 3:13Eze 10:16
Eze. 3:15Eze 1:3
Eze. 3:15Jr 23:9
Eze. 3:17Eza 21:8; 62:6; Jr 6:17
Eze. 3:17Eza 58:1; Eze 33:7
Eze. 3:18Tr 2:40; 1Ti 4:16
Eze. 3:18Eze 33:4
Eze. 3:18Eze 33:8
Eze. 3:19Eze 33:9; Tr 18:6; 20:26
Eze. 3:20Eze 18:24, 26; 33:12, 18
Eze. 3:20Le 19:17; Eze 33:6; Eb 13:17
Eze. 3:21Pw 17:10; Eze 33:14, 15; Jk 5:19, 20
Eze. 3:23Eze 1:27, 28
Eze. 3:23Eze 1:1
Eze. 3:24Eze 2:2; Dn 10:19
Eze. 3:27Eze 24:27; 33:22
Eze. 3:27Mt 11:15
Eze. 3:27Eza 30:9
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 3:1-27

Ezekyèl

3 Apre sa li di m: “Pitit lòm, manje sa ki devan w lan*. Manje woulo sa a epi ale. Al pale ak pèp Izrayèl la+.”

2 Vrèmanvre, mwen ouvri bouch mwen epi li fè m manje woulo a. 3 Apre sa, li di m: “Pitit lòm, manje woulo sa a mwen ba ou a, plen vant ou ak li.” Vrèmanvre, mwen te kòmanse manje l e li te dous nan bouch mwen tankou siwo myèl+.

4 Epi li di m: “Pitit lòm, al nan mitan pèp Izrayèl la epi fè yo konnen pawòl mwen yo. 5 Se pa kote yon pèp ki pale yon lang ou pa ka konprann oswa ki pale yon lang ou pa konnen mwen voye w, men, se kot pèp Izrayèl la. 6 Mwen pa voye w kot yon pakèt moun ki pale yon lang ou pa ka konprann oswa yon lang ou pa konnen. Si se kote moun sa yo mwen te voye w, yo t ap koute w+. 7 Men, pèp Izrayèl la li menm pap vle koute w, paske yo pa vle koute m+. Tout moun ki nan pèp Izrayèl la se yon bann moun tèt di ki pa vle chanje+. 8 Gade! M ap ba w fòs pou w kanpe tennfas devan yo menm jan yo menm yo kontinye ap fè tèt di avè m+. 9 Mwen fè fwon w vin tankou yon dyaman, mwen fè l vin pi di pase wòch silèks+. Pinga w pè yo, ni pinga w pè figi yo+, paske yo se yon pèp ki rebèl.”

10 Apre sa, li di m: “Pitit lòm, se pou w koute tout sa m di w yo e se pou w kenbe yo nan kè w. 11 Ale nan mitan moun nan pèp ou a*+ ki ann egzil yo epi pale avèk yo. Lè w ap pale avèk yo, kit yo koute w kit yo pa koute w+, se pou w di yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’”

12 Apre sa, gen yon fòs*+ ki ale avè m epi mwen tande yon gwo bri ansanm ak yon vwa dèyè m nan ki di: “Se pou yo fè lwanj pou glwa Jewova kote ki pou li a.” 13 Mwen te tande bri zèl kreyati vivan yo t ap fè pandan zèl sa yo t ap fwote youn ak lòt+, mwen te tande bri wou yo ki bò kote yo+ e yon lòt fwa ankò, mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde. 14 Fòs la te pran m li ale avè m. Pandan m t aprale a mwen te boulvèse, mwen pa t kontan menm. Pisans Jewova te poze sou mwen avèk fòs. 15 Se konsa, mwen t al Tèlabib nan mitan moun ki ann egzil ki t ap viv bò Rivyè Keba yo+ e mwen te rete la kote yo t ap viv la. Mwen te rete nan mitan yo pandan sèt jou tankou yon moun ki gaga+.

16 Apre sèt jou, Jewova pale avè m, li di m:

17 “Pitit lòm, mwen chwazi w pou w sèvi kòm moun k ap veye pou pèp Izrayèl la+. Lè m di w yon bagay, se pou w avèti yo pou mwen+. 18 Lè mwen di yon moun ki mechan: ‘W ap mouri kanmenm,’ men ou pa ba l avètisman an, ou pa di anyen pou w avèti moun ki mechan an pou l sispann fè move bagay l ap fè yo pou l ka ret an vi+, l ap mouri pou peche l fè paske li mechan+, men m ap mande w san l*+. 19 Men, si w avèti moun ki mechan an e li pa sispann fè move bagay l ap fè yo, li pa kite move chemen li pran an, l ap mouri pou peche l fè, men ou menm, se sèten w ap sove lavi w*+. 20 Lè yon moun ki jis sispann fè sa ki dwat e li vin ap fè sa ki mal*, m ap met obstak devan l pou m fè l tonbe e l ap mouri+. Si w pa t avèti l, l ap mouri pou peche l fè e yo pap sonje bon bagay li te konn fè yo, men ou menm, m ap mande w san l*+. 21 Men, si w te avèti moun ki jis la pou l pa fè sa ki mal, e li pa fè sa ki mal, se sèten l ap ret an vi paske ou te avèti l+, e ou menm w ap sove lavi w*.”

22 Pisans Jewova vin sou mwen pandan m la a e li di m: “Leve, ale nan vale a. Se la m ap pale avè w.” 23 Vrèmanvre, mwen leve, m al nan vale a epi gade, glwa Jewova te la+, menm jan ak glwa mwen te wè bò Rivyè Keba a+. Lè sa a, mwen tonbe fas atè. 24 Apre sa, lespri Bondye antre nan mwen epi li fè m kanpe sou de pye m+. Apre sa, Bondye pale avè m, li di m:

“Ale, fèmen kò w anndan lakay ou. 25 Kanta pou ou, o pitit lòm, y ap mare w ak kòd yon fason pou w pa ka soti al nan mitan yo. 26 E m ap fè lang ou kole anndan bouch ou, w ap vin bèbè e w pap kapab blame yo. Paske, yo se yon pèp ki rebèl. 27 Men, lè m pale avè w, m ap ouvri bouch ou e se pou w di yo+: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.’ Se pou moun k ap koute a koute+ e se pou moun ki pap koute a pa koute, piske yo se yon pèp ki rebèl+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje