BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Dànyèl 1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Dànyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Moun Babilòn yo te ansèkle Jerizalèm (1, 2)

      • Fòmasyon espesyal pou jèn ki sot nan fanmi wa yo (3-5)

      • Kat Ebre jwenn eprèv ki teste fidelite yo (6-21)

Dànyèl 1:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 36:4; Jr 22:18, 19; 36:30
  • +Dt 28:49, 50; 2Wa 24:1; 2Kw 36:5, 6

Dànyèl 1:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “tanp”.

  • *

    Lit.: “Chineya”.

  • *

    Oswa: “tanp”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 42:24
  • +Jen 10:9, 10
  • +2Kw 36:7; Esd 1:7

Dànyèl 1:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nan pitit gason Izrayèl yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 20:16, 18

Dànyèl 1:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “timoun”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:17, 20; 5:11, 12

Dànyèl 1:5

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Yo te dwe nouri yo”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/8/2005, p. 14

Dànyèl 1:6

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nan pitit gason”.

  • *

    Sa vle di: “Bondye se Jij mwen”.

  • *

    Sa vle di: “Jewova fè moun favè”.

  • *

    Petèt, sa vle di: “Kiyès ki tankou Bondye?”

  • *

    Sa vle di: “Jewova ede moun”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:48; 5:13, 29
  • +Dn 2:17, 18

Dànyèl 1:7

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de non moun Babilòn yo konn genyen.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 4:8; 5:12
  • +Dn 2:49; 3:12, 28

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    10/2016, p. 10

Dànyèl 1:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “aji byen ak Dànyèl”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 8:49, 50; Sm 106:44, 46

Dànyèl 1:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “lòt timoun”.

  • *

    Lit.: “sou tèt mwen”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 20

Dànyèl 1:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 20

Dànyèl 1:12

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre a ka vle di manje angren ak lòt kalite manje ki sot nan jaden.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 19

    1/8/2005, p. 14-15

Dànyèl 1:13

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “lòt timoun”.

Dànyèl 1:15

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “e chè yo te gra”.

  • *

    Lit.: “lòt timoun”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 19

Dànyèl 1:17

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “timoun”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:20; 4:9; 5:11, 12

Dànyèl 1:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:5

Dànyèl 1:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:3, 6

Dànyèl 1:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:2; 4:7; 5:8

Dànyèl 1:21

Nòt anba paj

  • *

    Siris II, oswa Siris Legran.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 6:28; 10:1

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Dàn. 1:12Kw 36:4; Jr 22:18, 19; 36:30
Dàn. 1:1Dt 28:49, 50; 2Wa 24:1; 2Kw 36:5, 6
Dàn. 1:2Eza 42:24
Dàn. 1:2Jen 10:9, 10
Dàn. 1:22Kw 36:7; Esd 1:7
Dàn. 1:32Wa 20:16, 18
Dàn. 1:4Dn 1:17, 20; 5:11, 12
Dàn. 1:6Dn 2:48; 5:13, 29
Dàn. 1:6Dn 2:17, 18
Dàn. 1:7Dn 2:49; 3:12, 28
Dàn. 1:7Dn 4:8; 5:12
Dàn. 1:91Wa 8:49, 50; Sm 106:44, 46
Dàn. 1:17Dn 1:20; 4:9; 5:11, 12
Dàn. 1:18Dn 1:5
Dàn. 1:19Dn 1:3, 6
Dàn. 1:20Dn 2:2; 4:7; 5:8
Dàn. 1:21Dn 6:28; 10:1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Dànyèl 1:1-21

Dànyèl

1 Nan twazyèm ane rèy Jewoyakim+, wa peyi Jida a, Nebikadneza, wa Babilòn nan, te vin Jerizalèm e li te ansèkle l+. 2 Epi, Jewova te lage Jewoyakim, wa Jida a, nan men wa Babilòn nan+ ansanm ak kèk nan veso ki te nan kay* vrè Dye a. Wa a te pote yo ale nan peyi Babilòn*+, nan kay* dye pa l la. Li te mete veso yo nan trezò dye l la+.

3 Annapre, wa a te bay Achpenaz, ki te alatèt moun ki te nan gwo pozisyon nan palè a, lòd pou l mennen kèk nan Izrayelit yo* ba li. Pami yo, li t ap mennen Izrayelit ki sot nan fanmi wa ak nan gran fanmi+. 4 Se te dwe jèn* ki pa gen okenn domaj, ki gen bèl aparans, ki gen sajès, konesans ak bon jijman+ e ki kapab sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l montre yo jan pou yo ekri ak jan pou yo li lang moun peyi Kalde yo. 5 Mete sou sa, wa a te di ki manje pou yo ba yo chak jou nan bon manje li konn manje ak nan diven li konn bwè. Yo te dwe ba yo fòmasyon* pandan twazan. Epi, apre twazan an, yo t ap gen pou yo kòmanse travay pou wa a.

6 Twouve, te gen kèk nan jèn sa yo ki te soti nan tribi* Jida. Te gen Dànyèl*+, Anànya*, Michayèl* ak Azarya*+. 7 Mesye ki te alatèt moun ki te nan gwo pozisyon nan palè a te ba yo lòt non*. Li te rele Dànyèl Bèltechaza+, li te rele Anànya Chadrak, li te rele Michayèl Mechak e li te rele Azarya Abèdnego+.

8 Men, Dànyèl te byen deside nan kè l pou l pa kontamine tèt li ak bon manje wa a te konn manje ansanm ak diven li te konn bwè. Se sa k fè li te mande mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a pèmisyon pou l pa kontamine tèt li ak bagay sa yo. 9 Epi, vrè Dye a te fè mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a fè Dànyèl favè* e li te fè l gen pitye pou li+. 10 Men, mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a te di Dànyèl: “Mwen pè wa a, mèt mwen an, ki di ki manje ak ki bwason pou nou ban nou. Bon, e si l ta wè nou parèt pi mal pase lòt jèn* ki gen menm laj avè n yo? Nou t ap fè wa a lage chay la sou mwen*.” 11 Men, mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a te met yon moun veye sou Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya, e Dànyèl te di moun ki t ap veye sou yo a: 12 “Tanpri, fè yon tès sou nou menm, sèvitè w yo, pandan dis jou. Fè yo ban nou legim* pou nou manje ak dlo pou nou bwè. 13 Apre sa, konpare nou ak lòt jèn* k ap manje nan bon manje wa a, epi w a aji ak sèvitè w yo selon sa w wè.”

14 Vrèmanvre, li te aksepte sa yo di l la e li te fè yon tès sou yo pandan dis jou. 15 Lè dis jou yo fini, yo te parèt pi anfòm e yo te pi an sante* pase tout lòt jèn* ki t ap manje nan bon manje wa a. 16 Se sa k fè mesye ki t ap veye sou yo a te kontinye ba yo legim olye l ba yo bon manje wa a te konn manje ak diven l te konn bwè. 17 Epi, vrè Dye a te bay kat jèn* sa yo konesans ak kapasite pou yo konprann tout kalite liv e li te ba yo sajès tou. Anplis, li te bay Dànyèl entèlijans pou l konprann tout kalite vizyon ak rèv+.

18 Lè moman wa Nebikadneza te mande pou yo mennen jèn yo ba li a te rive+, mesye ki te alatèt moun ki nan gwo pozisyon nan palè a te mennen yo devan wa a. 19 Lè wa a pale avèk yo, li pa t wè pèsonn nan tout gwoup la ki te tankou Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya+. Se konsa, yo te kontinye ret ap travay pou wa a. 20 Tout bagay wa a te mande yo, bagay ki te mande pou moun gen sajès ak entèlijans, wa a te wè jèn sa yo dis fwa pi fò pase tout prèt ki konn fè maji yo ansanm ak divinò+ ki te nan tout wayòm li an. 21 E Dànyèl te ret nan peyi a jis nan premye ane rèy wa Siris* la+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje